BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 7/99 p. 2
  • Reyinyon sèvis mwa jiyè

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Reyinyon sèvis mwa jiyè
  • Ministè Wayòm nan — 1999
  • Soutit
  • Semèn 5 jiyè
  • Semèn 12 jiyè
  • Semèn 19 jiyè
  • Semèn 26 jiyè
Ministè Wayòm nan — 1999
km 7/99 p. 2

Reyinyon sèvis mwa jiyè

Semèn 5 jiyè

Kantik 6

10 min : Anons lokal. Chwazi anons ki apwopriye nan Ministè Wayòm nan. Fè kòmantè sou rapò sèvis mwa mas la ni pou peyi a ni pou kongregasyon an. Nouvèl teyokratik.

20 min : “ Priye Jewova pou l ede w. ” Pa pran plis pase yon minit nan entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons. Eksplike jan divès kalite lapriyè ki sot nan kè nou jwe yon wòl esansyèl pou fè nou reyisi nan ministè nou an. Mande moun nan oditwa a pou yo rakonte eksperyans ki montre lè yo lapriyè nan bon moman sa ede yo nan ministè yo a. — Al gade nan La Tour de Garde 15 oktòb 1996, paj 32.

15 min : Fè yon bon travay avèk bwochi yo. Diskou ak demonstrasyon. Eksplike poukisa bwochi yo se yon zouti ki gen valè nan ministè nou an. Yo devlope yon fason ki efikas sijè k ap enterese plizyè kategori moun, yo konsantre yo yon fason dirèk sou yon tèm ki fondamantal, epi yo eksplike ansèyman ki nan Bib la yon fason senp. Di ki bwochi y ap ofri mwa sa a epi montre bwochi yo genyen ladan l toujou nan estòk kongregasyon an. Demonstrasyon : fè de oubyen twa prezantasyon tou kout ki chita sou sijesyon nou jwenn nan Index des publications de la Société Watch Tower nan ribrik “ Présentations ”.

Kantik 181 ak priyè final.

Semèn 12 jiyè

Kantik 103

10 min : Anons lokal. Rapò sou sèvis kont.

15 min : “ Preparasyon bay kè kontan. ” Diskou ak entèvyou. Eksplike jan preparasyon se yon bagay ki esansyèl pou aktivite predikasyon an e ki jan sa fè nou jwenn plis kontantman nan sa n ap fè. (Al gade nan liv Manuel pour l’École, page 38, paragraf 1-3). Fè entèvyou ak de oubyen twa pwoklamatè konpetan k ap di jan yo prepare yo anvan y ale nan predikasyon e jan preparasyon yo fè a ede yo. Rakonte eksperyans ki nan La Tour de Garde 15 avril 1993 paj 30 la, ki montre jan nou kapab byen sèvi ak liv Raisonner a lè n ap prepare nou pou predikasyon.

20 min : “ Annou ‘ dirèk ! ’” Konvèsasyon avèk oditwa a epi demonstrasyon. Fè revizyon sou chak sijesyon ki montre fason pou fè moun yo enterese tande nou nan predikasyon. Fè pwoklamatè ki gen eksperyans fè demonstrasyon sou kèk entwodiksyon ki efikas. Envite moun nan oditwa a pou yo bay sijesyon pa yo epi pou yo rakonte eksperyans ankourajan ki byen mache nan zòn nan.

Kantik 183 ak priyè final.

Semèn 19 jiyè

Kantik 31

10 min : Anons lokal.

15 min : Bezwen kongregasyon an.

20 min : Èske mwen ta dwe antre nan yon relijyon ? Konvèsasyon avèk oditwa a ki chita sou liv Raisonner a, paj 270-4. Souvan nou rankontre moun ki toujou dispoze tande mesaj Wayòm nan men ki pa ka tande koze “ antre ” nan yon relijyon. Fè revizyon sou eksplikasyon yo bay sou mo “ organisation ” an ak sou sèt fason ki distenge òganizasyon vizib Jewova a. Eksplike sa k fè òganizasyon sa a pa menm ak lòt relijyon yo epi kòman lè yon moun antre ladan l sa ap pote benediksyon toutbon pou li.

Kantik 189 ak priyè final.

Semèn 26 jiyè

Kantik 184

15 min : Anons lokal. Fè tout pwoklamatè yo sonje remèt rapò sèvis yo pou mwa jiyè a. Repons kesyon w yo.

10 min : “ Pwogram asanble sikonskripsyon k ap vini an. ” Diskou. Anonse dat asanble sikonskripsyon ki gen pou fèt la. Ankouraje nouvo yo pou yo panse prezante pou batèm. Fè tout asistans lan wè pou yo asiste tout sesyon yo.

20 min : Èske n ap fè disip ? Siveyan sèvis la ap pale avèk youn oubyen de asistan ministeryèl sou pwen ki nan La Tour de Garde 15 fevriye 1996 la, paj 19-22. Souliye rezon biblik ki montre poukisa nou bezwen al chèche moun nan tèritwa nou an ki merite pou nou ede yo vin disip (Matye 10:11). Moun sa yo ap plenn lè y ap gade tout mechanste k ap fèt bò kote yo ak jan moun yo vire do bay Bondye, epi se yon seri moun ki dispoze chèche Jewova anvan jou kolè li a vini (Ezekyèl 9:4 ; Sefanya 2:2, 3). Se nan mitan moun sa yo n ap jwenn ‘ moun ki gen dispozisyon favorab pou lavi etènèl la ’. (Ak 13:48.) Misyon nou se fè disip epi anseye moun yo tout bagay Jezi te kòmande (Matye 24:14; 28:19, 20). Lè nou preche swa kay an kay swa nan lari, lè nou bay temwayaj enfòmèl, nou kapte enterè moun yo. Men pou nou rive fè disip, li enpòtan pou nou kontinye kenbe enterè sa a lè n al fè vizit ak etid. Bay kèk sijesyon pratik sou fason nou kapab fè vizit ak etid biblik.

Kantik 14 ak priyè final.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2026)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2026 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje