Nouvèl teyokratik
Zile Machal : An fevriye te genyen an total 203 pwoklamatè. Sa fè 4 pousan anplis parapò ak mwa fevrye ane pase a !
Nòvèj : An fevriye 1999, kantite pyonye oksilyè yo te monte 72 pousan anplis sou mwa fevriye 1998 la. Pou pyonye pèmanan se te 9 pousan anplis, pou nouvèl vizit se te 4 pousan anplis epi pou etid biblik se te 6 pousan anplis. Kantite liv ak bwochi yo te plase te ogmante anpil tou.
Woumani : Te gen yon bèl ogmantasyon ki te fèt nan aktivite pyonye yo ak sou kantite etid biblik ki te fèt, avèk yon nouvo maksimòm 37 502 pwoklamatè ki te patisipe nan predikasyon pandan mwa fevriye a.