BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2026)
Dekonekte
Konekte
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Nou kontan w vin sou sit sa a.
Se yon zouti ki pèmèt nou fè rechèch nan divès lang nan piblikasyon Temwen Jewova yo.
Pou w ka telechaje piblikasyon yo, ale sou jw.org
  • Jodi a

Vandredi 17 avril

Pa kite pèsonn pran tèt nou nan okenn fason. — 2 Tes. 2:3.

Ki sa nou ka aprann nan pawòl apot Pòl te di frè ak sè nan vil Tesalonik yo? Lè nou tande yon bagay ki depaman ak sa nou te aprann nan Bib la oswa nou tande yon gwo rimè, nou bezwen sèvi ak kapasite nou genyen pou n konprann nan. Nan ansyen Inyon sovyetik la, yon lè, ènmi nou yo te voye yon lèt bay frè yo swadizan syèj mondyal la te ekri. Lèt la te ankouraje kèk nan frè yo pou yo fòme yon lòt òganizasyon apa. Sa te parèt kòmsi se syèj mondyal la ki te ekri lèt la vre. Men, frè ki te fidèl yo pa t pran nan pyèj la. Yo te rann yo kont mesaj ki te nan lèt la te depaman ak sa yo te aprann. Jodi a, pafwa ènmi laverite yo konn sèvi ak teknoloji pou yo lage konfizyon oswa simen divizyon nan mitan nou. Olye n “kite lespri nou twouble fasil”, nou kapab pwoteje tèt nou lè n pran tan pou n byen reflechi pou n wè si sa nou tande yo oswa sa nou li yo ann amoni ak verite nou te aprann yo. — 2 Tes. 2:2; 1 Jan 4:1. w24.07 12 § 14-15.

Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2026

Samdi 18 avril

Si yon moun ta fè yon peche, nou gen yon èd. — 1 Jan 2:1.

Pi gwo desizyon yon moun ka pran se lè l vwe Jewova lavi l e l vin fè pati fanmi l. Jewova vle pou tout moun fè sa. Poukisa? Li ta renmen yo vin zanmi l e pou yo viv pou toutan (Det. 30:​19, 20; Gal. 6:​7, 8). Men, Jewova pa fòse pèsonn sèvi l. Li vle se chak moun ki deside ki sa y ap fè. Men, e si yon kretyen ki batize pa respekte Lwa Bondye yo e li fè yon peche grav? Si l pa repanti, yo dwe retire l nan kongregasyon an (1 Kor. 5:13). Men, menm lè sa a, Jewova gen bonjan espwa moun ki fè peche a ap retounen vin jwenn li. Anfèt, se youn nan pi gwo rezon ki fè l te bay ranson an yon fason pou moun ki peche ki repanti kapab jwenn padon. Bondye nou an ki gen lanmou ankouraje moun ki peche yo pou yo repanti. — Zak. 1:3; Wom. 2:4; Jak 4:8. w24.08 14 § 1-2.

Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2026

Dimanch 19 avril

Si kè w vin gen sajès, lè sa a, kè m ap kontan. — Pwo. 23:15.

Nan moman apot Jan t ap ekri twazyèm lèt li a, gen kèk kretyen ki t ap gaye fo ansèyman, sa ki te lakòz divizyon nan kongregasyon an. Sepandan, gen lòt kretyen ki te kontinye “mache nan laverite”. Yo te obeyi Jewova e yo t ap “mache selon kòmandman l yo”. (2 Jan 4, 6.) Nonsèlman kretyen fidèl sa yo te fè kè Jan kontan, men tou, yo te fè kè Jewova kontan (Pwo. 27:11). Ki leson nou aprann? Lè nou fidèl, sa bay kè kontan (1 Jan 5:3). Pa egzanp, nou kontan lè n konnen nou fè kè Jewova kontan. Jewova kontan anpil lè l wè nou evite fè sa ki mal e n obeyi kòmandman l yo. Zanj nan syèl la kontan tou lè yo wè sa (Lik 15:10). Nou kapab gen kè kontan tou lè n wè frè n ak sè n yo rete fidèl (2 Tes. 1:4). E lè monn Satan an detwi, n ap kontan lefètke nou te rete fidèl ak Jewova. w24.11 12 § 17-18.

Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2026
Nou kontan w vin sou sit sa a.
Se yon zouti ki pèmèt nou fè rechèch nan divès lang nan piblikasyon Temwen Jewova yo.
Pou w ka telechaje piblikasyon yo, ale sou jw.org
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2026 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje