BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2026)
Dekonekte
Konekte
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Nou kontan w vin sou sit sa a.
Se yon zouti ki pèmèt nou fè rechèch nan divès lang nan piblikasyon Temwen Jewova yo.
Pou w ka telechaje piblikasyon yo, ale sou jw.org
  • Jodi a

Jedi 16 avril

Lè m te nan pwoblèm, mwen te rele nan pye Jewova, [...] e rèl mwen fè pou m mande l sekou a te rive nan zòrèy li. — Sòm 18:6.

Wa David te konnen Jewova e li te konte sou Li. Lè ènmi David yo, san wete wa Sayil, t ap chèche touye l, li te priye Jewova pou ede l. Apre Bondye te fin tande priyè David la e l te delivre l, men sa David te di: “Jewova vivan!” (Sòm 18:46). Pawòl sa yo montre David pa t annik kwè Bondye egziste. Gen yon liv ki esplike lè David te di pawòl sa yo, li t ap fè konnen li gen konfyans nan Jewova “antanke yon Bondye vivan ki toujou aji an favè pèp li”. Vrèmanvre, grasa eksperyans David te fè, li te konnen Bondye l la vivan. E lefètke l te gen konviksyon sa a, sa te fè l gen plis detèminasyon pou l sèvi Jewova e pou l fè louwanj pou li (Sòm 18:​28, 29, 49). Lefètke nou gen konviksyon Jewova se Bondye vivan an sa kapab ede n pou n sèvi l ak tout kè n. N ap jwenn fòs pou n andire eprèv e n ap vin pi chofe pou n kontinye travay di nan sèvis li. Epitou, n ap detèmine pou n rete pwòch ak Jewova. w24.06 20-21 § 3-4.

Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2026

Vandredi 17 avril

Pa kite pèsonn pran tèt nou nan okenn fason. — 2 Tes. 2:3.

Ki sa nou ka aprann nan pawòl apot Pòl te di frè ak sè nan vil Tesalonik yo? Lè nou tande yon bagay ki depaman ak sa nou te aprann nan Bib la oswa nou tande yon gwo rimè, nou bezwen sèvi ak kapasite nou genyen pou n konprann nan. Nan ansyen Inyon sovyetik la, yon lè, ènmi nou yo te voye yon lèt bay frè yo swadizan syèj mondyal la te ekri. Lèt la te ankouraje kèk nan frè yo pou yo fòme yon lòt òganizasyon apa. Sa te parèt kòmsi se syèj mondyal la ki te ekri lèt la vre. Men, frè ki te fidèl yo pa t pran nan pyèj la. Yo te rann yo kont mesaj ki te nan lèt la te depaman ak sa yo te aprann. Jodi a, pafwa ènmi laverite yo konn sèvi ak teknoloji pou yo lage konfizyon oswa simen divizyon nan mitan nou. Olye n “kite lespri nou twouble fasil”, nou kapab pwoteje tèt nou lè n pran tan pou n byen reflechi pou n wè si sa nou tande yo oswa sa nou li yo ann amoni ak verite nou te aprann yo. — 2 Tes. 2:2; 1 Jan 4:1. w24.07 12 § 14-15.

Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2026

Samdi 18 avril

Si yon moun ta fè yon peche, nou gen yon èd. — 1 Jan 2:1.

Pi gwo desizyon yon moun ka pran se lè l vwe Jewova lavi l e l vin fè pati fanmi l. Jewova vle pou tout moun fè sa. Poukisa? Li ta renmen yo vin zanmi l e pou yo viv pou toutan (Det. 30:​19, 20; Gal. 6:​7, 8). Men, Jewova pa fòse pèsonn sèvi l. Li vle se chak moun ki deside ki sa y ap fè. Men, e si yon kretyen ki batize pa respekte Lwa Bondye yo e li fè yon peche grav? Si l pa repanti, yo dwe retire l nan kongregasyon an (1 Kor. 5:13). Men, menm lè sa a, Jewova gen bonjan espwa moun ki fè peche a ap retounen vin jwenn li. Anfèt, se youn nan pi gwo rezon ki fè l te bay ranson an yon fason pou moun ki peche ki repanti kapab jwenn padon. Bondye nou an ki gen lanmou ankouraje moun ki peche yo pou yo repanti. — Zak. 1:3; Wom. 2:4; Jak 4:8. w24.08 14 § 1-2.

Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2026
Nou kontan w vin sou sit sa a.
Se yon zouti ki pèmèt nou fè rechèch nan divès lang nan piblikasyon Temwen Jewova yo.
Pou w ka telechaje piblikasyon yo, ale sou jw.org
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2026 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje