BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • mrt atik 136
  • Pran tan pou w aprann konn Bondye

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Pran tan pou w aprann konn Bondye
  • Kèk lòt sijè
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Sa Jezi te di
  • “Byennere moun ki pran konsyans yo bezwen Bondye.” — Matye 5:⁠3.
    “Byennere moun ki pran konsyans yo bezwen Bondye.” — Matye 5:3.
  • Ou kapab gen vrè kè kontan an
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2022
  • Konsènan vrè Dye a
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2008
  • Ki sa etid Labib Temwen Jewova yo ofri a ye?
    Kesyon yo poze souvan sou Temwen Jewova yo
Gade plis
Kèk lòt sijè
mrt atik 136
Foto ki ansanm: Plizyè jèn ki soti diferan kote sou tè a, genyen k ap li Bib la, genyen k ap planifye tan pou yo etidye l e gen lòt k ap priye.

ANN APRANN NAN MEN JEZI

Pran tan pou w aprann konn Bondye

Lè w pran tan pou w aprann konn Bondye, sa ap fè w viv pi byen, paske lè w fè sa, w ap montre ou pran konsyans ou bezwen Bondye. Gade sa Jezi te anseye sou sa.

Sa Jezi te di

“Byennere moun ki pran konsyans yo bezwen Bondye.” — Matye 5:3.

  • Nou tout ta renmen jwenn repons pou kesyon tankou: Poukisa n ap viv? Poukisa gen tout soufrans sa yo? Ki sa k rive yon moun apre l fin mouri? Nou bezwen jwenn repons kesyon sa yo pou n ka gen vrè kè kontan an.

“Se pa manje sèlman moun bezwen pou yo viv, men yo bezwen tout pawòl ki soti nan bouch Jewovaa.” — Matye 4:4.

  • Menm jan nou gen bezwen pou n manje, se konsa tou, nou gen bezwen jwenn repons pou yon seri kesyon enpòtan k ap ede nou vin pwòch ak Bondye. Jezi te fè konnen aklè nou dwe toujou konte sou Bondye pou n jwenn sa n bezwen pou n vin pwòch avè l.

“Pawòl ou se laverite.” — Jan 17:17.

  • Jezi te fè konnen pi bon fason pou n montre nou bezwen Bondye se lè n li Bib la, Pawòl Bondye a.

Pou w ka jwenn vrè kè kontan an, n ap ankouraje w pran tan aprann konn Bondye e gen yon bon relasyon avè l. Men kèk bagay k ap ede w:

  • Li Bib la e w pap peye pou sa.

  • Mande yon etid Labib gratis avèk èd yon anseyan.

a Jewova se non Bondye (Sòm 83:18). Gade atik “Kiyès Jewova ye?”

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2026)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2026 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje