BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • mrt atik 135
  • Pral gen lapè tout kote sou tè a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Pral gen lapè tout kote sou tè a
  • Kèk lòt sijè
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Sa Jezi pral fè
  • Sa Jezi te anseye
  • Jan 14:27 — “M’ap ban nou kè poze”
    Esplikasyon sou kèk vèsè
  • Lapè: Ki jan nou ka jwenn li?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2018
  • Poukisa lèzòm pa ka fè lapè? — Ki sa Bib la di?
    Kèk lòt sijè
Kèk lòt sijè
mrt atik 135
cnt_01: Jezi k ap anseye yon gwoup gason ak fi.

ANN APRANN NAN MEN JEZI

Pral gen lapè tout kote sou tè a

Tout moun anvi viv nan yon monn kote gen lapè. Depi plizyè milye ane, gen dirijan nan monn nan ki fè efò pou yo met fen nan lagè epi mete lapè. Pafwa, sa konn mache pou yon ti tan. Malerezman, byen souvan, gè yo oswa konfli yo rekòmanse. Èske ap janm gen lapè tout kote sou tè a? Wi! Ann wè sa nou ka aprann nan men Jezi.

Sa Jezi pral fè

Labib fè nou konnen sa Jezi pral fè talè konsa pou l met lapè sou tè a.

  • “Y ap rele [Jezi] […] Prens lapè. Gouvènman l lan ap kontinye gen plis pouvwa e lapè ap kontinye blayi nètale.” (Ezayi 9:6, 7). Antanke Wa nan Wayòm Bondye a, Jezi pral fè gen lapè sou tout tè a pou toutan.

  • “L ap delivre pòv k ap rele pou l mande sekou a […] ak nenpòt moun ki pa gen moun pou ede l.” (Sòm 72:12-14). Jezi pral sèvi ak otorite l pou l fè gen jistis, konsa pap gen ni lagè, ni vyolans, ni soufrans ankò.

  • “Nasyon yo pap pran epe pou yo atake youn lòt ankò, e yo pap aprann fè lagè ankò.” (Ezayi 2:4). Lè Jezi pral dirije, pèsonn pap aprann fè lagè men, tout moun pral aprann ki jan pou yo fè lapè.

Pou w aprann ki jan Jezi pral fè nou gen lapè sa a alavni, e ki jan ou ka la pou w pwofite l, gade videyo tou kout ki gen tit Ki sa Wayòm Bondye a ye?

Sa Jezi te anseye

Pou jis jounen jodi a, ansèyman Jezi yo kontinye ede plizyè milyon moun viv anpè. Nan Diskou sou mòn nan, Jezi te bay yon seri verite ki ankouraje moun viv anpè youn ak lòt. Ann wè kèk nan verite sa yo.

  • “Byennere moun ki renmen fè lapè.” (Matye 5:9). Jezi te ankouraje disip li yo nonsèlman pou yo evite pwoblèm ak lòt moun, men tou, pou yo fè lapè lè gen pwoblèm.

  • “Fè lapè ak frè w la anvan, apre sa, lè w tounen, w a bay ofrann ou an.” (Matye 5:23, 24). Jezi te ankouraje moun ki t ap koute l yo pou yo rezoud pwoblèm yo genyen youn ak lòt byen vit. Li te fè yo konnen li enpòtan pou yo fè lapè ak lòt moun si yo vle gen bon relasyon ak Bondye.

  • “Sispann jije pou yo pa jije nou.” (Matye 7:1). Jezi te avèti nou pou nou pa jije lòt moun mal oswa pou n pa atann yo fè yon seri bagay nou menm nou pa fè, paske sa ka lakòz pwoblèm. Tan pou n ap chèche defo lakay lòt moun, Jezi te ankouraje n pito pou nou “kontinye padone” lòt moun lè yo fè erè. — Lik 6:37.

Toupatou sou tè a, gen moun k ap suiv sa Jezi te anseye yo. Menm nan zòn kote vyolans ak divizyon gaye, moun sa yo aprann rezoud pwoblèm yo genyen san yo pa fache, yo aprann padone e yo aprann demontre lanmou menm lè lòt moun aji mal avèk yo.

Pou w aprann jan ansèyman Jezi yo ede kèk moun jwenn lapè, li atik “Yo te jwenn lapè malgre te gen lagè ak vyolans.”

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2026)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2026 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje