KESYON JÈN YO KONN POZE
Ki jan m ka reziste kont presyon lòt jèn ap fè sou mwen pou m fè sèks?
“Lè m te lekòl, si yon moun te fè konnen li te fè sèks, tout moun te santi yo oblije fè menm jan an. Paske pèsonn pa vle parèt diferan.” — Elaine, 21 an.
Èske w konn santi fò w ta gen relasyon seksyèl tou senpleman paske sanble tout moun ap fè sa?
Èske yon moun ou renmen te fè presyon sou ou pou w fè sèks avè l?
Si sa konn rive, atik sa a ka ede w reziste kont presyon lòt moun oswa kont presyon anvi ou menm ou genyen ap fè sou ou. Konsa, w ap kapab pran pi bon desizyon.
Sa moun di ak sa ki verite
Sa moun yo di: Tout moun fè sèks (sof mwen).
Sa ki verite: Selon yon ankèt, sou chak twa jèn ki gen 18 an, gen de ladan yo ki fè konnen yo deja gen relasyon seksyèl. Sa vle di, gen yon bon kantite jèn, plis pase 30 pousan, ki pa gen relasyon seksyèl. Se pa “tout moun” ki gen relasyon seksyèl.
Sa moun yo di: Sèks ap fè relasyon nou vin pi djanm.
Sa ki verite: Gen kèk gason ki konn di sa yon fason pou yo ka fòse yon fi gen relasyon seksyèl avèk yo, men, sa yo di a pa laverite. Byen souvan, yon gason konn kraze relasyon an apre l fin kouche fi a, sa ki konn lakòz fi a fache anpil, paske l panse gason an te renmen l oubyen omwen li te gen yon atachman pou li.a
Sa moun yo di: Bib la kondane relasyon seksyèl.
Sa ki verite: Bib la pale an byen de sèks, men, li fè konnen se sèlman yon gason ak yon fi ki marye youn ak lòt ki dwe gen relasyon seksyèl. — Jenèz 1:28; 1 Korentyen 7:3.
Sa moun yo di: Viv selon prensip biblik yo ka fè lavi yon moun difisil.
Sa ki verite: Si w tann jiskaske w marye pou w gen relasyon seksyèl, w ap kontan anpil paske w ap evite enkyetid, remò e w pap pèdi estim ou gen pou tèt ou, yon seri bagay souvan moun konn genyen paske yo te fè sèks anvan yo marye.
Sa nou dwe sonje: Lè yon moun tann li marye pou l gen relasyon seksyèl, sa pa janm fè l ditò. Men, se yon bagay ki rive moun ki gen relasyon seksyèl anvan yo marye.
Fason pou m reziste kont presyon m jwenn pou m fè sèks
Asire w prensip moral ou genyen yo solid. Bib la di moun ki gen matirite “rive fè diferans ant sa ki byen ak sa ki mal paske yo antrene kapasite yo genyen pou yo konprann nan”. (Ebre 5:14.) Yo gen yon konfyans total nan sa Bib la di e yo gen mwens tandans lage bay moun k ap fè presyon sou yo pou yo fè sa ki mal.
“M fè anpil efò pou m fè sa ki dwat e pou m gen yon bon repitasyon, epi m pa vle met tèt mwen nan yon sitiyasyon ki ta ka lakòz m sal repitasyon m.” — Alicia, 16 an.
Fè yon ti reflechi: Ki jan de repitasyon w vle genyen? Èske sa vo lapèn pou w sakrifye repitasyon sa a jis pou w fè yon moun plezi?
Panse ak konsekans yo. Bib la di: “Kèlkeswa sa yon moun simen, se sa l ap rekòlte tou.” (Galat 6:7). Peze bouton avanse a epi imajine konsekans sa ap genyen sou lavi pa w ak lavi lòt moun nan, si w lage bay presyon w jwenn pou w gen relasyon seksyèl.b
“Byen souvan, relasyon seksyèl anvan maryaj konn lakòz yon moun santi l koupab, gen regrè e menm santi yo pa renmen l, san wete posiblite pou l ansent san l pa t vle sa, oswa trape yon maladi moun konn pran nan fè sèks.” — Sienna, 16 an.
Fè yon ti reflechi: Men ki kesyon yon liv te poze: “Si zanmi w yo ap pouse w fè aksyon ki ka lage w nan pwoblèm, èske yo se jan de moun ou ta dwe ap pase tan avèk yo e suiv konsèy yo ba w konsènan kesyon ki enpòtan nan lavi w?”(Sex Smart).
Chèche gen yon pwennvi ekilibre. Relasyon seksyèl se pa yon move bagay. Anfèt, Bib la di moun ki marye yo dwe pran plezi ladan l nan maryaj yo. — Pwovèb 5:18, 19.
“Relasyon seksyèl fè pati bèl bagay Jewova kreye yo. Bondye vle nou pran plezi ladan l, men se sèlman nan kad aranjman li mete pou sa a, ki se maryaj.” — Jeremy, 17 an.
Fè yon ti reflechi: Si w ta marye yon jou, w ap kapab gen relasyon seksyèl. E w ap kapab pran plezi ladan l san pwoblèm, san w pap pè move konsekans nou te site pi wo yo.
a Byennantandi, se pa toujou gason yo ki konn fòse fi yo gen relasyon seksyèl avèk yo. Nan anpil ka, gen fi ki konn eseye fòse gason gen relasyon seksyèl avèk yo.
b Pami lòt konsekans yo, gen ansent san n pa t vle, e selon laj de moun yo, ka gen al devan tribinal pou relasyon seksyèl avèk minè.