KESYON JÈN YO KONN POZE
Ki jan m ka antann mwen ak pwofesè m?
E si w pè pwofesè a?
Petèt yon lè, prèske tout elèv te gen yon pwofesè ki parèt enjis, twò egzijan, oswa ki menm parèt twò di.
Luis ki gen 21 an fè konnen: “Mwen te gen yon pwofesè ki te konn di mo sal e ki pa t respekte elèv li yo. Li t apral pran retrèt li, petèt, li te di tèt li yo pa t ap revoke l.”
Melanie, ki gen 25 an, sonje pwofesè l la te sitou mal boule avè l. “Li te konn pran pretèks kòmkwa li di avè m paske mwen pa t fè pati yon gwo relijyon. Li te fè konnen sa t ap fè m abitye ak move trètman.”
Si w gen yon pwofesè ki di, ou pa oblije reziyen w pase yon ane lekòl ap soufri. Men kèk konsèy ki ka ede w.
Kèk konsèy ki ka ede w
Se pou w fleksib. Tout pwofesè pa atann menm bagay de elèv yo. Chèche konn sa pwofesè w atann de ou e fè tout sa w kapab pou w fè sa.
Prensip biblik: “Yon moun ki gen sajès konn koute e li vin gen plis konesans.” — Pwovèb 1:5.
“Mwen te vin konprann m te dwe adapte m ak preferans pwofesè m nan, se sa k fè m te fè tout sa m kapab pou m fè devwa yo jan l vle a. Sa te fè l pi fasil pou m antann avè l.” — Christopher.
Demontre respè. Eseye pale ak jantiyès ak pwofesè w yo. Pa janm replike ak yo, menmsi w panse w gen rezon. Sonje sa, li nòmal pou yo wè w kòm yon elèv, ou pa yon pwofesè.
Prensip biblik: “Se pou pawòl nou toujou bèl, se pou l sizonnen ak sèl, yon fason pou nou konnen jan nou dwe reponn chak moun.” — Kolosyen 4:6.
“Elèv yo pa toujou respekte pwofesè yo jan yo merite sa, donk, lè w fè efò pou w respekte pwofesè w yo, sa ap gen gwo efè sou fason yo trete w.” — Ciara.
Montre w konprann yo. Pwofesè yo se moun tou. Sa vle di yo jwenn presyon e yo gen enkyetid menm jan ak tout moun. Donk, pa jis di tèt ou ‘pwofesè m nan di’, oswa ‘pwofesè m nan rayi m’.
Prensip biblik: “Nou tout nou fè erè.” — Jak 3:2, nòt.
“Travay pwofesè yo pa fasil ditou. Mwen ka imajine jan sa difisil pou yon moun fè tout timoun sa yo byen konpòte yo, epi anseye yo. Mwen te toujou santi mwen te dwe fè bagay yo vin pi fasil pou pwofesè m nan, epi pa ajoute sou strès li.” — Alexis.
Pale ak paran w. Paran w yo se pi bon fanatik ou ka genyen. Yo vle w reyisi nan lekòl ou, e konsèy yo ka ede w antann ou ak yon pwofesè ki egzijan.
Prensip biblik: “Bagay yo mache byen lè gen anpil moun k ap bay konsèy.” — Pwovèb 15:22.
“Paran yo gen plis eksperyans nan rezoud pwoblèm pase jèn yo. Suiv konsèy yo. Sa kapab ede w reyisi.” — Olivia.
Fason pou w pale ak pwofesè w
Nan kèk ka, li ka nesesè pou w pale ak pwofesè w sou pwoblèm ou gen avè l. Si w pè fè kont, pa enkyete w, se pa diskisyon ou pral fè. Se yon konvèsasyon, e w ka sezi wè jan sa fasil e jan sa bay bon rezilta.
Prensip biblik: “Kontinye chèche bagay k ap fè nou viv anpè.” — Women 14:19.
“Si w wè se avè w sèlman pwofesè a di konsa, mande l si w te fè yon bagay ki fè l fache. Repons li ka ede w wè sa w bezwen amelyore.” — Juliana.
“Li ka pi bon pou w pale ak pwofesè a yon fason ki kalm e an prive sou fason sitiyasyon an fè w santi w anvan oswa apre klas la, ak espwa l ap rezonab e l ap respekte fason w jere sitiyasyon an.” — Benjamin.
TEMWAYAJ
“Mwen t ap plede fè move nòt, e pwofesè m nan pa t ede m ditou. Mwen te vle kite lekòl paske madam nan te fè m pase mizè nan lekòl la.
“Mwen t al mande yon lòt pwofesè konsèy. Li te di m: ‘Li pa vrèman konnen w e w pa vrèman konnen l nonplis. Ou bezwen fè l konnen bagay yo difisil pou ou. Si w fè sa, ou ka menm ede lòt elèv ki pè pale avè l.’
“Se dènye bagay m te anvi fè! Men, mwen te reflechi sou sa l te di a e li te gen rezon. Si m te vle bagay yo chanje, m te dwe aji.
“Nan demen, m t al kot pwofesè m nan, e avèk respè, mwen te di l mwen vrèman renmen kou l la e m te vle pi byen pwofite l. Men, sa te difisil pou mwen e m pa t konn sa pou m fè. Li te ban m kèk konsèy e li te menm ofri m pou l ede m apre klas, oswa pa mwayen imel.
“Se pa ti sezi m te sezi! Konvèsasyon sa a te ede m vin gen pi bon relasyon ak pwofesè a, e sa te fè lavi m pi fasil nan lekòl la.” — Maria.
Men yon ide: Si w gen pwoblèm ak yon pwofesè, pran sa kòm yon fòmasyon pou lè w vin gran. Men sa Katie ki gen 22 an di: “Menm lè w fin lekòl, siman w ap jwenn moun ki gen otorite ki pa toujou janti avè w. Si w rive antann ou ak yon pwofesè ki difisil, l ap pi fasil pou w antann ou ak lòt moun ki difisil alavni.”