BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w26 avril p. 20-25
  • Ann aprann nan men “Bondye tout konsolasyon an”

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ann aprann nan men “Bondye tout konsolasyon an”
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — (Study)—2026
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • SANS MO KONSOLASYON AN GEN NAN BIB LA
  • FASON POU N KONSOLE LÒT MOUN
  • LÈ W BEZWEN KONSOLASYON
  • Yon dispozisyon pou ede moun ki nan Betèl yo
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2023
  • Nou pa janm poukò n
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2025
  • ‘Konsole tout moun ki nan lafliksyon’
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2011
  • Ann konsole moun ki viktim abi seksyèl
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2019
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — (Study)—2026
w26 avril p. 20-25

22-28 JEN 2026

KANTIK 90 Annou youn ankouraje lòt

Ann aprann nan men “Bondye tout konsolasyon an”

“Konsole moun [...] grasa konsolasyon nou menm nou jwenn nan men Bondye.” — 2 KOR. 1:4.

PWEN KLE

Fason nou kapab konsole lòt moun lè n suiv egzanp Jewova ak egzanp moun k ap imite l.

1. Poukisa n bezwen konsole lòt moun?

NOU tout ap fè fas ak “divès eprèv”, se sa k fè pafwa nou bezwen konsolasyon ak ankourajman (1 Pyè 1:6). Nou renmen lè lòt moun konsole nou. Menm jan an tou, nou bezwen toujou pare pou n konsole moun k ap soufri akoz yo gen pwoblèm (Mat. 7:12). Jewova, “Bondye tout konsolasyon an”, montre n fason pou n “konsole moun ki nan tout kalite eprèv”. N ap montre n suiv egzanp li lè ‘youn konsole lòt’. (2 Kor. 1:​3, 4; 1 Tes. 4:18.) Nou pa fè sa paske n oblije fè sa, men paske nou renmen frè n ak sè n yo. Nan atik sa a, nou pral wè 1) sans mo konsolasyon an gen nan Bib la, 2) fason nou kapab konsole lòt moun, e 3) sa n ka fè lè n bezwen konsolasyon.

SANS MO KONSOLASYON AN GEN NAN BIB LA

2. Bay divès sans mo lè yo tradui l yo mete “konsolasyon” pou li a ka gen nan Bib la.

2 Nan Bib la, mo grèk lè yo tradui l yo mete “konsolasyon” pou li a kapab gen divès sans selon kontèks la. Pa egzanp, li kapab vle di ankouraje lòt moun pou yo fè yon seri bagay oswa di yo kèk ti pawòl k ap fè yo santi yo byen (Wom. 12:8). Mo grèk yo mete konsolasyon pou li a vle di literalman “yon moun yo mande pou l kanpe bò kot yon lòt moun pou l ede l”. Donk, nou kapab imajine yon zanmi k ap kouri al ede yon zanmi l k ap soufri pou l ba l nenpòt èd li bezwen. Kèlkeswa èd zanmi an bay la, se menm rezilta sa ap bay: moun k ap soufri a ap jwenn fòs ak ankourajman.

3. Ki jan Banabas te bay egzanp nan kesyon konsole lòt moun? (Gade foto a tou.)

3 Ann pran yon egzanp ki nan Bib la. Te gen yon kretyen ki te rele Jozèf ki te toujou ap ankouraje lòt moun e ki te toujou ap ede yo, se sa k fè apot yo te vin ba l non Banabas, ki vle di “pitit konsolasyon”. (Tra. 4:36.) Non an te tèlman ale avè l, nou pa janm wè yo rele l Jozèf ankò nan Bib la. Nan divès okazyon, Banabas te montre non an te ale avè l vre, paske byen souvan li te konn ede frè ak sè yo lè yo te bezwen èd. Pa egzanp, tousuit apre Sòl te vin yon kretyen, li t al Jerizalèm e l te vle rankontre disip yo. Men, yo te pè l paske yo te konnen l kòm yon moun ki t ap pèsekite kretyen yo. Sepandan, Banabas te fè Sòl konfyans e l te mennen l kot apot yo. — Tra. 9:​26-28.

FASON POU N KONSOLE LÒT MOUN

4. Bay youn nan pi bon fason nou kapab konsole lòt moun. (Women 1:​11, 12).

4 Al wè yo si sa posib. Jewova konn itilize sèvitè l pou l ankouraje lòt moun. Pa egzanp, lè pwofèt Eli te dekouraje anpil, Jewova te itilize yon zanj pou ankouraje l (1 Wa 19:​4-7). Epitou, apot Pòl te konnen jan l enpòtan pou l te vizite frè ak sè yo pou l te ka ankouraje yo. (Li Women 1:​11, 12.) Lè w al wè yon moun pou w konsole l, pa annik pase yon ti tan tou kout avè l (1 Kor. 16:7). Si w pa ka al wè yon moun ki bezwen konsolasyon, ou ka rele l nan telefòn, ou ka ekri l yon lèt, yon kat, oswa voye yon mesaj pou li pou w ankouraje l. Èske w ap kite Jewova itilize w pou w konsole lòt moun?

5. Ki difikilte nou ka atann n ap jwenn?

5 Etandone dènye jou yo ap vin pi di, li ka vin pi difisil pou n al wè frè n ak sè n yo lè yo bezwen konsolasyon. Lè Pòl te nan prizon nan vil Wòm, Onezifò ki t ap viv Efèz, te chèche wè l pou l te ka konsole l, byenke yo te ka mete l nan prizon e menm touye l poutèt sa (2 Tim. 1:​16-18). Temwen Jewova yo nan peyi Larisi chèche konsole frè ak sè yo tou lè y ap pèsekite yo pou lafwa yo. Lè yo mennen yo nan tribinal pou yo jije yo, lòt frè ak sè vin nan tribinal la pou ankouraje yo, byenke yo ka arete yo pou sa. E ou menm, ki sa w ka fè pou w prepare w pou w konsole frè w ak sè w yo? Petèt, ou kapab egzamine jan sèvitè Bondye yo jodi a ak nan tan lontan te konsole youn lòt, epi gade sa yo te fè pou yo te ka kontinye gen kè kontan menm lè yo t ap pèsekite yo.

6. Ki jan n ka suiv egzanp Jewova lè n ap konsole lòt moun? (Gade foto a tou.)

6 Koute yo. Lè pwofèt Eli te santi lavi l te an danje, li te fè Jewova konnen ki jan l santi l. Bondye nou an ki gen lanmou te koute Eli lè l t ap fè L konnen jan l santi l, menm lè Bondye te deja konnen sa k t ap trakase l. Jewova te koute Eli avèk pasyans menm lè Eli pa t sispann di l menm bagay yo (1 Wa 19:​9, 10, 14). Menm jan an tou, pwofèt Abakouk te fè Jewova konnen jan l santi l akoz soufrans ak mechanste li te wè yo. Jewova te koute Abakouk avèk pasyans tou, e l pa t fache lè Abakouk te pale yon fason ki te ka parèt derespektan (Aba. 1:​2, 3). Jodi a, Jewova koute tout sa n ap di l lè n ap priye l, menm lè l deja konnen sa n bezwen. N ap montre nou suiv egzanp Jewova lè n pran san n pou n koute frè n ak sè n yo avèk respè lè y ap pale avè n. Nou “dwe dispoze koute” lè y ap pale, e n pa dwe koupe pawòl yo oswa nou pa dwe fache, menmsi yo ta sanble ap pale yon fason ki rèd oswa y ap plede repete menm bagay yo. — Jak 1:19; Ekl. 7:9.

7. Ki jan n ka rive wè sa yon moun k ap soufri bezwen?

7 Chèche wè sa yon moun bezwen. Nou pa ka li kè alòske Jewova kapab fè sa. Se sa k fè nou pap ka konnen ki konsolasyon yon moun bezwen si n pa pran san n pou n koute l. Pa met nan tèt ou ou konnen sa moun nan bezwen poutèt ou konnen ki sa w t ap bezwen si w te nan yon sitiyasyon menm jan an. Nou tout pa menm. Donk, pran san w pou w koute moun nan lè l ap pale epi poze l kesyon k ap ede w konnen ki jan l santi l. — Pwo. 20:5.

8. Ki sa n aprann nan fason Jezi te konsole Mat ak Mari lè Laza te mouri? (Gade foto yo tou.)

8 Ann wè fason Jezi te konsole Mat ak Mari lè Laza, frè yo a, te mouri. Toule de medam yo te nan lapenn pou frè yo a. Men, fason Jezi te konsole youn pa t menm ak fason li te konsole lòt la. Apre Mat te fin pale ak Jezi, Jezi te pale konsènan rezirèksyon an e sa te ede Mat pou l vin gen plis lafwa nan rezirèksyon an. Men, lè Mari te vin kot Jezi e l t ap kriye, sanble Jezi pa t pale avè l sou rezirèksyon an. Okontrè, li te kriye ansanm ak Mari e l te mande ki kote yo te mete Laza (Jan 11:​20-35). Ki leson nou aprann? Lè n ap konsole moun k ap soufri, nou dwe chèche wè ki sa k ka konsole yo olye n di yo menm sa n abitye di lòt moun k ap soufri.

9. Ki jan n ka sèvi ak Bib la pou n konsole lòt moun? (Women 15:​4, 5).

9 Sèvi ak Bib la. Lè w ap pataje “konsolasyon nou jwenn nan Ekriti yo” ak yon moun, ou kapab ede moun nan pou l vin gen espwa. (Li Women 15:​4, 5.) Espwa sa a li vin genyen an ap konsole l pi plis toujou e l ap ankouraje l pi plis toujou (Eza. 40:31). Ki jan w ka jwenn vèsè nan Bib la pou w ankouraje yon moun? Gen frè ak sè ki fè lis yon seri vèsè yo kapab itilize pou yo konsole lòt moun. Ou ka jwenn vèsè ki ka ede w nan liv ki gen tit Vèsè pou ede nou viv antanke kretyen an, nan sijè ki gen tit “Konsolasyon”. Mande Jewova pou l ede w pi byen sèvi ak Pawòl li a pou w ankouraje lòt moun. Lespri sen ka ede w sonje vèsè ki ka konsole lòt moun lè w bezwen vèsè sa yo. — Jan 14:26.

10. Poukisa nou dwe pale avèk jantiyès lè n ap chèche ankouraje yon moun?

10 Pale avèk jantiyès. Pafwa, pou w konsole yon moun ki gen yon pwoblèm, ou ka bezwen ede l wè pwoblèm nan yon lòt fason. Si w oblije fè sa, byen reflechi anvan w pale pou pawòl ou ka geri moun nan olye l blese l (Pwo. 12:18). Jewova te bay yon bèl egzanp nan sans sa a lè l t ap pale ak Eli. Eli te panse se li menm sèl ki t ap sèvi Jewova e l pa t byen fè travay li antanke pwofèt. Avèk jantiyès, Jewova te ede Eli wè sa l te panse a se pa t sa (1 Wa 19:​15-18). Lè n aji avèk jantiyès e nou byen reflechi, nou kapab fè menm jan an. Pa egzanp, lè w ap bay diskou oswa w ap fè kòmantè nan reyinyon yo, toujou pale avèk jantiyès e yon fason ki pozitif pou w ka ankouraje frè w ak sè w yo.

11. Ki sa moun k ap soufri yo konn bezwen? (1 Jan 3:18).

11 Ba yo èd yo bezwen. Souvan, moun k ap soufri yo konn bezwen nou ede yo olye nou annik di yo pawòl pou ankouraje yo. (Li 1 Jan 3:18.) Banabas te bay yon bèl egzanp lè l te vann yon moso tè l te genyen e l te bay lajan an pou ede frè ak sè ki te fèk batize ki te nan nesesite yo (Tra. 4:​36, 37). Jodi a, anpil nan frè n ak sè n yo suiv bèl egzanp li te bay la lè yo ede frè ak sè ki nan bezwen. Gabriela ki moun peyi Polòy te boulvèse lè yon inondasyon te ravaje kay li. Men sa l di: “Mwen menm ak paran m yo, ki t ap viv ansanm avè m, te pè anpil e nou t ap enkyete n. Mwen t ap mande tèt mwen ki sa m pral fè. Men, frè nan kongregasyon ki toupre yo te vini e yo te fè yon pakèt travay nan yon sèl jou. Eksperyans sa a te fè m vin gen plis konfyans Jewova ap gide pèp li a pou yo konsole moun k ap soufri yo.”

12. Ki jan w ka ede frè w ak sè w yo lè w jwenn eprèv e w ret fidèl?

12 Andire eprèv ou jwenn yo. Pòl te fè kretyen nan vil Tesalonik yo konnen li te jwenn konsolasyon e l te rejwenn fòs lè l te aprann jan yo te ret fidèl malgre yo t ap pèsekite yo. Li te konnen travay li te fè pou l ede yo a pa t pou granmesi (1 Tes. 3:​5-8). Pòl te konnen, si l te ret fidèl ak Jewova lè l t ap andire eprèv, li t ap ka ankouraje frè l ak sè l yo tou pou yo ret fidèl (Kol. 2:​1, 2). Menm jan an tou, lè frè n ak sè n yo wè fason Jewova ap ede n pou n andire eprèv nou jwenn, sa ankouraje yo anpil.

13. Ki sa nou dwe kontinye fè si n vle ankouraje lòt moun?

13 Ou bezwen gen pasyans. Lè w fè efò pou w konsole frè w ak sè w ki dekouraje yo, sa ka pran yon ti tan anvan yo santi yo byen. Men, Labib di n “pou youn kontinye ankouraje lòt”. Ekspresyon “kontinye ankouraje” a montre se yon bagay k ap kontinye fèt (1 Tes. 5:11). Ou bezwen gen pasyans pandan w ap kontinye konsole moun ki dekouraje yo (1 Tes. 5:14). Se vre, pafwa, nou chak ap bezwen pou lòt moun konsole nou. Ki sa n ka fè lè sa a?

LÈ W BEZWEN KONSOLASYON

14-15. Ki sa n bezwen fè lè n santi n boulvèse oswa lè n ap soufri?

14 Priye Jewova. Mande l pou l konsole w lè w ap enkyete oswa lè w ap soufri (Sòm 94:19). Fè l konnen egzakteman jan w santi w, vide kè w ba li (Sòm 62:8). Se vre, Jewova deja konnen jan w santi w anvan menm ou priye l. Men, lè w priye l ak tout kè w pou w fè l konn sa k ap boulvèse w, ou montre w gen lafwa. E Jewova ap toujou reponn priyè yon moun ki montre l gen lafwa nan li, menmsi se pa fason moun nan t ap atann nan (Mak 11:24). Filipyen 4:​6, 7 ankouraje n pou n “fè Bondye konnen demann nou yo [...]. E lapè Bondye, ki depase tout sa moun ka konprann, ap pwoteje kè nou ak lespri nou”.

15 Mande lòt moun ede w. Fè yon zanmi w oswa yon ansyen ou fè konfyans konnen jan w santi w. Frè w ak sè w yo kapab ede w pou w santi w pi byen e yo ka ede w jwenn sa w bezwen. Men, yo ka pa konn jan w santi w oswa sa w bezwen si w pa fè yo konn sa (Pwo. 14:10). Ou ka di yo gen yon bagay k ap trakase w ou ta renmen pale sou sa ak yo oswa ou ka mande yo pou yo pataje yon vèsè oswa yon atik yo te twouve ki te ankouraje yo avè w.

16. Ki sa k ka rive lè lòt moun ap chèche ankouraje w, e ki sa w bezwen sonje?

16 Ou bezwen gen pasyans e w bezwen dispoze padone. Frè w ak sè w yo ka fè erè lè y ap chèche ankouraje w. Pa egzanp, yo ka di oswa fè yon bagay ki ka fè w santi w pi mal olye w santi w pi byen. Si sa ta rive, pran pasyans avè yo (1 Kor. 13:​4, 7). Epi, sonje pawòl nou jwenn nan Jak 3:2 ki di: “Si yon moun pa bite nan pawòl li, li se yon moun pafè.” Sonje frè w ak sè w yo vle ede w. Ou bezwen sonje, “se vre, lespri a byen dispoze, men chè a fèb”. — Mat. 26:41.

17. Ki detèminasyon nou ta dwe pran?

17 Nou tout bezwen konsolasyon ak ankourajman. E n ap bezwen sa pi plis toujou tank dènye jou yo ap vin pi di e tank ènmi Bondye yo ap vin pi fache kont nou. Ann fè tout sa n kapab pou n konsole youn lòt!

KI REPONS NOU TA BAY?

  • Ki sans mo “konsolasyon” an gen nan Bib la?

  • Ki jan n ka konsole lòt moun?

  • Ki sa n ka fè lè n bezwen konsolasyon?

KANTIK 130 Se pou nou dispoze padone

a ESPLIKASYON SOU FOTO: Yon ansyen ki pran san l pou l koute yon frè madanm li pa gen anpil tan depi l mouri. Annapre, ansyen an al vizite yon frè madanm li gen kèk tan depi l mouri, e y ap pale sou kèk bagay ki fè yo sonje l.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2026)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2026 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje