29 JEN–5 JIYÈ 2026
KANTIK 131 “Sa Bondye met anba menm jouk”
Toujou fè efò pou pi bon zanmi w se mari w oswa madanm ou
“Gen zanmi ki pi fidèl pase yon frè.” — PWO. 18:24.
PWEN KLE
Yon mari ak madanm ki vle gen kè kontan nan maryaj yo bezwen renmen Jewova e yo bezwen bon zanmi youn lòt.
1. Sa k fè bon zanmi se kado Jewova bay?
BON zanmi se kado Jewova bay (Jak 1:17). Yo renmen Bondye e yo renmen nou. Yo kontan lè n kontan, yo konsole n lè n santi n tris, e yo ban n konsèy ki sensè lè n bezwen sa. Yo fidèl, e n kapab fè yo konfyans. Zanmi konsa “bay kè kontan” toutbon! — Pwo. 27:9.
2. Sa k fè l enpòtan pou yon mari ak madanm kontinye fè efò pou yo vin pi bon zanmi? (Matye 19:6).
2 Li enpòtan pou yon mari ak madanm se pi bon zanmi youn lòt. Men, yo bezwen fè efò pou sa. Yo bezwen kontinye fè efò pou amitye yo a vin pi solid. Si yo pa fè anyen pou yo ret pwòch youn ak lòt, yo chak ka kòmanse santi yo poukont yo, yo pa gen kè kontan, e yo ka menm santi yo fache. Men, si yo kontinye fè efò pou yo vin pi pwòch youn ak lòt, y ap vin pi bon zanmi ki ta ka genyen. (Li Matye 19:6.) Nan atik sa a, nou pral wè ki jan mari ak madanm kapab kontinye fè efò pou yo vin pi bon zanmi. Men toudabò, ann wè ki jan frè ak sè ki selibatè yo kapab chwazi yon moun pou yo marye ki pral vin pi bon zanmi yo pandan tout vi yo.
FASON POU W CHWAZI YON MOUN POU W MARYE K AP ZANMI W PANDAN TOUT VI W
3-4. Ki sa k ap ede yon moun jwenn yon bon madanm oswa yon bon mari? (Pwovèb 18:22).
3 Anvan nou pran kèlkeswa gwo desizyon an, nou bezwen reflechi ak bon bagay e ak move bagay ki ka rive si n pran desizyon sa a. Gwo desizyon nou pran kapab gen efè sou lavi n pandan anpil tan. Se sa k fè nou bezwen byen reflechi anvan nou pran gwo desizyon.
4 Lè w ap chwazi yon moun pou w marye, yon moun k ap zanmi w pandan tout vi w, se youn nan pi gwo desizyon w ap gen pou w pran. Etandone se Jewova ki met maryaj, se nòmal pou n mande l gide nou lè n ap chwazi yon moun pou n marye. Li vle pou yon gason jwenn yon bon madanm e pou yon fi jwenn yon bon mari. Jewova toujou konnen sa k pi bon pou nou. (Li Pwovèb 18:22; Eza. 48:17, 18.) Prensip nou jwenn nan Pawòl Bondye a kapab ede yon kretyen jwenn yon moun k ap yon bon madanm oswa yon bon mari pou li.
5. Sa k fè l enpòtan pou w chwazi yon moun ki batize pou w marye?
5 Lè n batize, nou vin zanmi Bondye (Sòm 25:14). Si w ta renmen marye, ou bezwen chwazi yon moun ki zanmi Jewova menm jan avè w (1 Kor. 7:39). Lè w fè sa, ou montre ou respekte prensip Jewova yo e w ap konsidere moun ou marye avè l la kòm yon kado Jewova ba ou (Pwo. 19:14). Epitou, ou pap jwenn pwoblèm moun konn jwenn lefètke yo marye ak moun ki pa renmen Jewova (2 Kor. 6:14). Ou pa t ap montre w gen okenn sajès si w ta renmen ak yon moun ki pap sèvi Jewova, petèt paske w met nan tèt ou ou pap rive jwenn moun pa w la pami Temwen Jewova yo paske w panse pa gen anpil chwa. Li pa t ap bon tou pou w met nan tèt ou ou ka renmen ak yon moun ki pap sèvi Jewova paske w panse li ka vin sèvi Jewova.
6-7. Ki kesyon konsa ou bezwen poze tèt ou pandan w renmen ak yon moun?
6 Nòmalman, se pa paske yon moun batize ki fè l ap yon bon mari oswa yon bon madanm pou ou. Si w enterese nan yon moun, li ta bon pou w poze tèt ou kesyon ki annapre yo: ‘Ki jan l aji ak moun nan fanmi l? Èske l konn pran ka moun e èske l montre l gen respè pou moun? Kiyès ki zanmi l? Ki jan l reyaji lè l pa dakò ak yon bagay? Èske l ensiste pou yon bagay fèt jan l vle a oswa èske l dispoze sede lè Bib la pa di anyen sou sa? Jis nan ki pwen lajan enpòtan pou li?’
7 Epitou, ou ka mande tèt ou: ‘Èske moun mwen gen je sou li a montre li renmen Jewova anpil? Èske l ap fè efò pou l abiye ak “nouvo pèsonalite a”? Èske l ap ede m pou m kontinye sèvi Jewova pi plis toujou? Èske nou gen menm objektif nan sèvis Jewova a? Èske m wè l kòm yon moun ki pap sèlman yon bon zanmi, men k ap vin pi bon zanmi m nan?’ (Kol. 3:9, 10). Si w se yon sè, èske frè w renmen avè l la ap vin bon zanmi w e yon bon chèf fanmi (1 Kor. 11:3)? Si w se yon frè, èske sè ou renmen avè l la ap dispoze aksepte otorite w antanke chèf fanmi, menm lè w fè erè? Sa mande tan pou w jwenn repons kesyon sa yo. Donk, pran san w pou w chèche byen konnen moun ou ta renmen marye avè l la.
8-9. Ki sa k ka ede yon moun ki renmen pran yon bon desizyon? (Gade foto a tou.)
8 Lè w renmen ak yon moun, l ap pi fasil pou w pran yon bon desizyon si w chèche wè kiyès moun nan ye toutbon. Chèche konnen ki jan lòt moun wè zanmi w lan. Ou ka mande lòt moun ki kalite yo wè l genyen e ki jan frè ak sè yo wè l nan kongregasyon an. Pa egzanp, èske yo wè li se yon moun ki gen imilite, ki janti e ki rezonab? Men sa Sarah, yon sè ki moun Giyàn fransè, ki marye ak yon frè ki rele Daniel di: “Mwen te mande lòt moun ki jan yo wè Daniel. Pa egzanp, mwen te pale ak patnè pyonye l la ki te abite ansanm avè l. Mwen te poze yon ansyen nan kongregasyon l lan kesyon sou li. Mwen te mande zanmi ki byen konnen nou toule de sa yo panse, epi m te mande sè nan kongregasyon l lan sa yo panse.” Epitou, li enpòtan pou w mande moun ou renmen avè l la avèk jantiyès si gen nenpòt bagay ki te rive nan lavi l oswa k ap pase nan lavi l kounye a ou ka bezwen konnen. Li ka enpòtan pou w konn bagay sa yo paske sa ka bay anpil pwoblèm pi devan si n ta vin marye.
9 Petèt ou gen bonjan dout sou moun ou ta renmen marye avè l la, kòmkwa w pa fin konnen si l ap yon bon mari oswa yon bon madanm. Oubyen petèt, lòt frè ak sè ki gen sajès atire atansyon w sou yon seri defo moun ou renmen avè l la genyen. Si sa ta rive, bay sa anpil enpòtans. Si w fè sa, w ap kapab konnen si pou w kontinye renmen ak moun nan oswa si pou w kite saa. Kounye a, nou pral wè ki sa moun ki deja marye yo kapab fè pou yo vin pi bon zanmi.
PASE TAN ANSANM POU YOUN VIN PI BON ZANMI LÒT
10. Sa k fè li bon pou yon mari ak madanm pase tan youn ak lòt?
10 Yon mari ak madanm kapab kontinye ret bon zanmi e yo kapab fè maryaj yo vin pi solid lè yo chèche jwenn tan youn pou lòt, menm lè yo okipe anpil. Konsa, yo jwenn okazyon pou yo pale sou sa k te pase pandan jounen an, pou yo di youn lòt sa yo santi ak sa yo panse, pou yo montre yo renmen youn lòt e pou yo distrè yo ansanm.
11. Ki sa k ka fè yon mari ak madanm pa bon zanmi youn lòt ankò?
11 Yon mari ak madanm ki bon zanmi prefere lè yo ansanm olye yo lwen youn lòt. Nòmalman, sa ka rive yo pa ka ansanm pandan yon tan. Men, si yo pase twòp tan lwen youn lòt, sa ka yon danje. Pa egzanp, gen mari ak madanm ki aksepte yon travay nan yon lòt peyi e sa vin fè yo separe ak fanmi yo pandan yon pakèt tan. Byenke sa kapab ede fanmi an jwenn kòb, men, si yo pase twòp tan lwen youn lòt, sa ka fè gen gwo pwoblèm nan maryaj la.
12-13. a) Ki sa kèk mari ak madanm fè pou yo ka pase tan ansanm? (Gade foto a tou.) b) Ki enpòtans relasyon ou gen ak moun ou marye avè l la dwe gen pou ou? (Gade kare ki gen tit “Enpòtans moun ou marye avè l la dwe gen pou ou”.)
12 Gade sa kèk moun ki marye fè pou yo ka pase tan ansanm souvan. Men sa Leah ki moun Gwam fè konnen: “Mwen menm ak mari m renmen fè divès aktivite ansanm. Se yon lè konsa nou fè yon seri bagay oswa nou aksepte envitasyon san nou pa ansanm.” Roxanne k ap viv Ozetazini di: “Etandone nou vin gen plis bagay pou n fè, nou vin wè l enpòtan pou n chèche tan pou nou ansanm, menm jan nou fè sa pou lòt aktivite enpòtan yo.” (Konpare ak Amòs 3:3.) Men sa Damien k ap viv nan peyi Lafrans fè konnen: “Nou vin rann nou kont li enpòtan pou n aprann sa youn lòt renmen fè. E rive yon lè, nou aprann pran plezi nan sa youn lòt renmen fè.” (Mat. 7:12). Epi, Katie k ap viv Ozetazini di: “Pafwa, nou met telefòn nou yon kote pou n ka bay youn lòt bonjan atansyon.”
13 Sa k pi enpòtan an, nou bezwen pase tan ansanm nan sèvis Jewova a antanke mari ak madanm. Myriam k ap viv nan peyi Lafrans di: “Anvan n kòmanse jounen an, nou li Labib e n di youn lòt sa n te renmen pandan n t ap fè lekti a e ki jan n ka aplike sa nou aprann nan nan lavi n. Moman sa yo enpòtan anpil pou mwen.” Men sa l di ankò: “Epitou, mwen renmen lè n priye ansanm pou m ap tande jan mari m renmen Jewova.” Men sa Katie, nou te pale de li pi wo a, di: “Moman nou pi renmen se lè n ap preche ansanm. Lè youn tande lòt k ap pale de Jewova, sa fè nou vin pi pwòch, e youn toujou ap aprann yon bagay nan men lòt.” — Pwo. 27:17.
RET PWÒCH YOUN AK LÒT LÈ GEN PWOBLÈM
14-15. Poukisa yon mari ak madanm bezwen fè tout sa yo kapab pou yo rezoud pwoblèm yo ka vin gen nan maryaj yo? Bay yon egzanp.
14 Piske nou enpafè, moun ki marye yo ap gen pwoblèm nan maryaj yo. Bib la gen rezon di moun ki marye yo “ap jwenn tribilasyon nan lavi yo”. (1 Kor. 7:28.) Pawòl sa yo montre moun ki marye yo konn jwenn pwoblèm. Lè pwoblèm konsa met pye, sa k fè moun ki marye yo bezwen fè tout sa yo kapab pou yo ret pwòch youn ak lòt e pou yo rezoud pwoblèm yo genyen?
15 Ann pran yon egzanp. Si yon bilding anpil moun konnen oswa yon bèl travay yon atis fè ta andomaje, mèt bilding nan oswa moun ki gen bèl travay atis la fè a ap deside repare l. Yo ka depanse anpil lajan pou yo fè sa e yo pap bay vag, menmsi sa ta pran anpil ane. Sa k fè sa? Se paske bilding nan oswa travay atis la fè a gen anpil valè pou yo. Menm jan an tou, chak maryaj gen anpil valè. Menm mari ak madanm ki gen anpil kè kontan nan maryaj yo konn pa antann yo pafwa. Sepandan, menm jan yo ka repare yon bilding oswa yon bèl travay yon atis fè, yon mari ak madanm ka fè efò pou yo vin pwòch youn lòt ankò. Sa ka mande tan ak anpil efò, men Jewova ap kontan si mari ak madanm nan fè tout sa yo kapab pou maryaj yo vin pi solid e pou yo ret ansanm (Mal. 2:16). Lè yo fè sa, nonsèlman yo montre yo gen respè ak lanmou youn pou lòt, men tou, yo montre yo gen respè ak lanmou pou Jewova, Sila a ki tabli maryaj la.
16. Selon 1 Korentyen 13:4-8a, ki sa k ka ede de moun ki gen gwo pwoblèm nan maryaj yo? (Gade foto a tou ak kare ki gen tit “Sa w kapab fè pou w vin pi bon zanmi moun ou marye avè l la”.)
16 Si vin gen pwoblèm nan maryaj ou, pa kouri panse sa k ap pi bon se kite moun ou marye avè l la (1 Kor. 7:10, 11). Okontrè, mande tèt ou: ‘Èske m ka fè plis efò pou n vin pi pwòch youn ak lòt?’ Gade sa Bib la di sou fason pou w montre w gen lanmou, e mande tèt ou si w ka fè plis efò pou w vin gen yon seri kalite ki makònen ak lanmou, jan sa parèt nan 1 Korentyen 13:4-8a. (Li vèsè yo.) Olye pou w ap chèche fason pou w kite moun ou marye avè l la, fè tout sa w kapab pou w vin pi pwòch avè l. Panse ak sa ou menm ou ka fè pou w vin gen kè kontan nan maryaj ou ankò. Priye Jewova pou l gide w. Egzamine piblikasyon nou yo e gade videyo nou yo k ap ede w wè sa pou w fè. Epitou, ou kapab mande ansyen yo ak lòt frè ak sè ki aplike sa Bib la di nan maryaj yo kèk konsèy. Lè w konte sou Jewova, twazyèm branch nan “kòd ki trese an twa” a, branch ki pi solid la, maryaj ou ‘pap kraze fasil’. — Ekl. 4:12.
17. Ki jan ni moun ki ta renmen marye ni moun ki deja marye kapab gen kè kontan?
17 Jewova vle pou tout sèvitè l yo gen kè kontan, sa gen ladan l frè ak sè k ap chèche yon moun pou yo marye ak frè ak sè ki deja marye yo. Donk, si w selibatè e w ta renmen marye, pran san w pou w byen chwazi moun k ap zanmi w pandan tout vi w la. E si w deja marye, kontinye fè tout sa w kapab pou w vin pi bon zanmi moun ou marye avè l la. Lè gen pwoblèm nan maryaj ou, fè efò pou w rezoud yo toutpandan w konte sou Jewova pou l ede w. Lè w suiv tout konsèy sa yo, w ap kapab “jwi lavi w” ak moun ou marye avè l la, moun ou renmen anpil la! — Ekl. 9:9.
KANTIK 132 Kounye a, nou fè yon sèl
a Pou w jwenn plis konsèy sou fason pou youn aprann konn lòt, gade soutit ki di “Chèche byen konnen youn lòt” nan atik ki gen tit “Fason nou ka rive pran yon bon desizyon lè n renmen” ki parèt nan Toudegad me 2024.