15-21 JEN 2026
KANTIK 122 Se pou nou vin fèm, san nou pa brannen!
Chèche wè pwoblèm ou yo jan Jewova ta renmen w wè yo
“Menm lè m ap soufri e mwen gen pwoblèm, mwen toujou renmen kòmandman w yo.” — SÒM 119:143.
PWEN KLE
Lè n chèche wè pwoblèm nou yo jan Jewova ta renmen n wè yo, sa ap ede n pou n ret fidèl e pou n gen kè kontan.
1-2. Ki sa n bezwen fè pou n rive fè fas ak pwoblèm nou yo? (Gade foto a tou.)
ÈSKE w ap fè fas ak enjistis? Èske w jwenn opozisyon nan fanmi w oswa y ap pèsekite w pou lafwa w? Èske w gen pwoblèm akoz sante w pa fin anfòm oswa akoz w ap pran laj? Oubyen, èske gen yon bagay terib ki rive w, petèt, ou gen yon moun pa w ki mouri? Menm jan ak anpil nan ti mouton Jewova yo ki gen anpil valè pou li, lavi w ka chaje “pwoblèm ak tristès”. — Sòm 90:10.
2 Lè n gen pwoblèm, nou dwe wè yo fason Jewova ta renmen n wè yo pou n ka andire yo. Poukisa sa enpòtan? Si n pa wè pwoblèm nou yo jan nou dwe wè yo, sa vle di jan Jewova ta renmen n wè yo, nou pap konnen ki sa k pi bon pou n fè pou n rive andire yo. Se menm jan ak yon moun k ap kondui yon machin. Si vit machin nan sal, li pap ka wè si gen danje sou wout la. Men, si vit machin nan pwòp, l ap ka wè kote l prale. Nan atik sa a, nou pral wè 1) fason pou n wè pwoblèm nou yo jan Jewova ta renmen n wè yo, 2) jan fason nou panse ka fè sitiyasyon nou vin pi difisil, e 3) kèk bagay nou ka fè lè pwoblèm met pye.
CHÈCHE WÈ PWOBLÈM NOU YO JAN JEWOVA TA RENMEN N WÈ YO
3. Sa k fè n ap jwenn pwoblèm kanmenm nan monn sa a?
3 N ap jwenn pwoblèm kanmenm nan monn sa a ki chaje ak mechanste. Toutotan nou enpafè e se Satan k ap dirije monn nan, n ap jwenn pwoblèm. Mete sou sa, tank fen sistèm sa a ap pwoche, se atò n ap jwenn pwoblèm, kit se akoz katastwòf natirèl oswa katastwòf lèzòm lakòz oubyen akoz moun k ap fè mechanste (Mat. 24:8; 2 Tim. 3:13). Si Jewova ta rezoud tout pwoblèm sa yo kounye a, se kòmsi l t ap ede Satan dirije monn nan. Nan sistèm sa a, wè pa wè, n ap jwenn “kalamite”. — Ekl. 9:12, nòt.
4. Bay yon lòt rezon ki fè kretyen yo ap soufri.
4 Lòt rezon ki fè kretyen yo ap soufri. Souvan, Jezi te konn di disip li yo y ap gen pou yo pèsekite yo pou lafwa yo (Mat. 24:9; Jan 16:2). Lefètke nou konn sa, sa ede n pou n pa sezi lè y ap pèsekite nou (1 Tes. 3:3, 4). Lè n ret fidèl anba eprèv, nou mèt gen asirans nou kontinye mache sou wout k ap mennen nan lavi ki pap janm fini an. Epitou, nou montre pou kiyès nou pran pozisyon nan gwo kesyon ki konsène Jewova ak Satan an. Youn nan fason Satan atake non Bondye, se lè l fè konnen lèzòm ap sèvi Bondye lè sa bon pou yo sèlman. Pou l chèche pwouve sa l di a, li atake sèvitè Jewova yo avèk raj (Jòb 1:9-11). Lè n andire, nou montre nou renmen Jewova, e sa fè l kontan anpil. — Pwo. 27:11.
5. Ki sa n ka aprann nan Eklezyas 7:13, 14? (Gade foto yo tou.)
5 Jewova kite yon seri move bagay rive. Jewova pa janm aji avèk mechanste e l pa janm pase n anba eprèv ak bagay ki mal (Jak 1:13). Sepandan, wa Salomon te ekri se “vrè Dye a” ki fè “jou malè a”. (Li Eklezyas 7:13, 14.) Souvan, Bib la fè konnen Jewova fè yon bagay alòske se jis kite li kite bagay la rive. Nan vèsè sa yo, Salomon te bay yon bon konsèy ki kapab ede n wè pwoblèm nou yo jan Jewova ta renmen n wè yo. Premyèman, nou bezwen rekonèt, toutotan n ap viv nan monn Satan an antanke moun enpafè, gen jou n ap gen kè kontan e gen lòt jou n ap tris. Lè “yon jou bon” pou nou, nou kapab di Bondye mèsi pou jan li byen aji avè n, epi konsidere jou sa a kòm yon kado li ban nou. Dezyèmman, Salomon fè n sonje nou “pa ka konnen sa k pral rive”, si jou a ap bon pou nou oswa si se malè l ap pote. Ni moun ki bon ni moun ki mechan jwenn pwoblèm sanzatann.
6. Sa k fè Jewova ka kite n jwenn pwoblèm? (Ebre 12:7, 11).
6 Lè n gen yon pwoblèm, olye n chèche rezoud li poukont nou, Jewova kapab aprann nou pou n konte sou li. Jewova toujou wè eprèv nou yo. Lè n ap soufri, sa fè l tris, e l ap toujou ede n. Menm lè li kite n desann nan “vale fènwa pwès la”, li kontinye gide n, li kontinye montre l renmen n e li kontinye ban n fòs nou bezwen pou n andire (Sòm 23:4). Eprèv yo kapab ede n wè feblès nou yo e sa ka ban n okazyon pou n kite Bondye ede n vin gen yon pi bèl pèsonalite. (Li Ebre 12:7, 11.) Pa egzanp, Jòb te bezwen fè efò pou l te gen plis imilite. Se pa Jewova ki t ap pase Jòb anba eprèv. Men, Li te kite l jwenn eprèv e L te sèvi ak eprèv sa yo pou ede Jòb aprann yon seri leson enpòtan (Jòb 42:1-6). Sepandan, nenpòt sa k ta rive nou, nou konnen kèlkeswa sa Jewova kite rive, l ap repare sa yon jou kanmenm. Lè n jwenn eprèv e n ret fidèl, nou pot “yon viktwa total”. — Wom. 8:35-39.
7. Sa k fè w kapab gen kè kontan menm lè y ap pèsekite w pou lafwa w?
7 Nou mèt kontan lè y ap pèsekite nou. Si y ap pèsekite w pou lafwa w, pa panse se paske w pa fè Jewova plezi ki fè y ap pèsekite w. Okontrè, lefètke y ap pèsekite w poutèt ou se kretyen, sa montre w gen favè Jewova (Mat. 5:10-12). Lè se konsa w wè bagay yo, w ap kapab gen kè kontan e w ap ka kenbe diyite w menm jan ak apot yo (Tra. 5:40-42). Mete sou sa, ou ka ede moun ki pa Temwen pou yo aprann laverite e pou yo “bay Bondye glwa”. (1 Pyè 2:12.) Panse ak Jozèf. Jewova te ede Jozèf e l te rekonpanse l pandan l te nan prizon toujou, se pa apre l te sot nan prizon an sèlman. Jewova ka fè menm bagay la pou ou lè w ap soufri. — Jen. 39:3, 23.
8. Bay yon lòt rezon ki ankouraje n pou n andire eprèv nou jwenn yo.
8 Eprèv n ap sibi yo gen pou yo fini. Eksperyans Jòb te fè a fè nou sonje pwoblèm nou yo gen pou yo fini. Anfèt, “Jewova te beni dènye pati nan lavi Jòb plis pase kòmansman lavi l”. (Jòb 42:12.) Menm jan an tou, Jewova pral beni w nan monn nouvo a yon fason ou pa ka menm imajine. Lavi nou gen kounye a ka chaje ak pwoblèm e l tou kout lè n konpare l ak lavi ki pap janm fini an nou pral gen alavni. Sa ankouraje nou chak pou n andire jiska lafen. — Mat. 24:13.
FASON NOU PANSE KA FÈ SITIYASYON NOU VIN PI DIFISIL
9. Ki jan fason nou panse ka fè sitiyasyon nou vin pi mal?
9 Kèlkeswa pwoblèm nou genyen, fason nou panse ka fè bagay yo vin pi mal. Pa egzanp, nou ka panse se Jewova ki lakòz nou gen pwoblèm. Pandan yon tan, Jòb te panse se Jewova ki te lakòz li gen pwoblèm. E piske l te panse sa, li te “eseye montre li pi jis pase Bondye”. (Jòb 32:2.) Menm jan an tou, okòmansman, Nawomi te di se Jewova ki te lakòz l ap soufri (Rit 1:13, 20, 21). Si Jòb ak Nawomi te kontinye panse konsa, yo te ka vin fache kont Jewova e yo te ka sispann sèvi l (Pwo. 19:3). Sepandan, Jewova te ede yo konprann se pa li menm ki t ap pini yo. Okontrè, li te gen sousi pou yo. E piske yo te fidèl avè l, li te rekonpanse yo.
10. Lè n ap soufri, ki sa n ka vin ap mande tèt nou?
10 Menmsi nou gen konviksyon se pa Jewova ki lakòz pwoblèm nou yo, nou ka vin ap mande tèt nou si l toujou gen sousi pou nou. Si n ta panse konsa, sa ka fè n vin san fòs (Pwo. 24:10). Wa David ak pwofèt Abakouk te gen anpil pwoblèm, e pafwa, yo te konn ap mande tèt yo si Jewova t ap koute yo lè yo te rele l pou yo mande l sekou (Sòm 10:1; Aba. 1:2). Aktout sa, yo pa t sispann priye. Jewova te bay mesye sa yo ki te fidèl asirans l ap ede yo. L ap fè menm bagay la pou nou. — Sòm 10:17.
11. Ki sa k ka rive si n pa wè eprèv yo jan Jewova ta renmen n wè yo?
11 Si nou pa wè eprèv yo fason Jewova ta renmen n wè yo, nou ka panse Jewova pa ta dwe kite n jwenn eprèv. Donk, nou ka sezi lè yon malè rive (1 Pyè 4:12). Li te difisil pou disip Jezi yo konprann yo t ap gen pou yo jwenn gwo pèsekisyon (Lik 18:33, 34). Byenke Jezi te fè disip li yo konnen aklè li t ap gen pou l soufri anpil, apot Pyè te panse Bondye pa t ap kite Jezi soufri nan pwen sa a. Jezi te konnen fason Pyè te panse a te ka anpeche l fè volonte Jewova. Se sa k fè li te montre Pyè li pa t renmen sa l te di a (Mak 8:31-33). E menm apre lanmò Jezi, li te toujou difisil pou disip li yo konprann rezon ki fè yo te touye l. Aktout sa, Jezi te kontinye ede yo. Lè l te pale avè yo apre l fin resisite, li te “byen esplike [yo] Ekriti yo” pou l te ede yo byen konprann rezon ki fè l te oblije soufri (Lik 24:25-27, 32, 44-48). Lefètke yo te medite sou sa Jezi te anseye yo a, sa te prepare yo pou opozisyon yo t ap gen pou yo jwenn antanke disip li. Lè n reflechi sou sa Bib la di anrapò ak pèsekisyon ak eprèv, sa ap ede n prepare n tou pou lè n jwenn eprèv.
12. Lè n pa fin byen konprann yon sitiyasyon n ap viv, ki jan sa ka fè n santi n?
12 Si n pa wè bagay yo jan Jewova ta renmen n wè yo, nou ka panse yo fè n enjistis oswa sitiyasyon n ap viv la ka parèt pi mal pase jan l ye toutbon. Pa egzanp, gen Temwen Jewova ki ka santi yo fè yo enjistis lefètke yo pa jwenn yon privilèj oswa paske yo te oblije kite yon privilèj yo te genyen. Ann wè youn nan leson nou ka aprann nan yon egzanp Jezi te bay anrapò ak yon seri mesye ki t ap travay nan yon jaden rezen. Gen nan travayè yo ki t ap plenyen pou kantite kòb yo te touche paske yo te panse yo te dwe ba yo plis. Men, mèt jaden an te di youn nan yo: “Zanmi, mwen pa fè w anyen ki pa sa.” (Mat. 20:10-13). Travayè yo t ap plenyen paske yo te panse mèt jaden an te fè yo enjistis. Men, yo pa t dwe met nan tèt yo mèt jaden an t apral ba yo plis kòb. Nou pa ta renmen yon bagay konsa rive nou. Ki sa k ka ede n wè yon sitiyasyon ki difisil jan Jewova ta renmen n wè l?
KÈK BAGAY NOU KA FÈ LÈ PWOBLÈM MET PYE
13. Ki sa k ka rive lè pwoblèm met pye?
13 Ou ka konnen sa Bib la di sou rezon ki fè n ap soufri. Ou ka menm pataje kèk vèsè ak lòt moun pou ede yo lè y ap fè fas ak yon seri eprèv. Sepandan, lè se ou menm ki jwenn eprèv, li ka difisil pou w kontinye wè yo jan Jewova ta renmen w wè yo. Pa egzanp, ou ka santi se Jewova k ap pini w oswa li pa koute priyè w. Ki sa w ka fè pou w kontinye wè pwoblèm yo jan Jewova ta renmen w wè yo?
14. Ki sa w ka mande Jewova lè w ap soufri? (Filipyen 4:13).
14 Mande Jewova pou l ede w. Di Jewova sa k ap fè w soufri e di l ki jan sa fè w santi w. Ou kapab menm di Jewova ki jan w ta renmen pou l ede w. Ou kapab mande l lespri sen l pou l ba w fòs ak sajès ou bezwen pou w andire. Men, sonje Jewova ka reponn priyè w yon fason ou pa t ap atann (Efe. 3:20). Epitou, li ka itilize zanj yo, yon frè oswa yon sè pou l ede w (Sòm 34:7). Donk, aksepte èd Jewova ba w, kèlkeswa fason li ba w li a. Jewova bay lespri sen l san grate tèt e lespri sen kapab ede w pou w fè fas ak nenpòt sitiyasyon. — Li Filipyen 4:13.
15. Ki sa k ap ede w andire pwoblèm ou jwenn yo? (Gade foto a tou.)
15 Kontinye fè yon seri bagay k ap ede w rete pwòch ak Jewova. Fè sa w kapab nan sèvis Jewova a menmsi w pa ka kontinye fè sa w te konn fè anvan yo. Ou bezwen li oswa koute yon seri bagay k ap ede w panse menm jan ak Bondye e k ap ede w fè sa l di, sitou lè w ap “soufri e [w] gen pwoblèm”. (Sòm 119:143.) Kontinye li Bib la regilyèman, etidye l epi medite sou sa w li yo. Patisipe nan travay predikasyon an mezi w kapab, asiste reyinyon yo e patisipe ladan yo. Ret an kontak ak frè w ak sè w yo. Epitou, fè efò pou w pa met kò w apa, menmsi w santi w anvi fè sa. — Pwo. 18:1.
16. Lè yon bagay terib rive, ki dout ou ka vin genyen, e ki sa w ka fè pou w elimine dout sa yo? (2 Korentyen 10:4, 5).
16 Chèche elimine dout ou genyen yo. Lè w ap fè fas ak eprèv, ou ka vin gen yon seri ide “ki byen anrasinen”, pa egzanp ou ka vin gen dout sou tèt ou oswa sou Jewova, e w ka bezwen chèche elimine dout sa yo (Li 2 Korentyen 10:4, 5.) W ap rive fè sa lè w itilize “konesans Bondye” a nou jwenn nan Bib la ak nan piblikasyon òganizasyon an ban nou yo. Pa egzanp, èske w panse ou pa gen favè Bondye ankò? Ou kapab etidye lavi apot Pòl. Li te chofe nan travay predikasyon an aktout li te jwenn yon pakèt pwoblèm. Men, lefètke li te jwenn fòs pou l kontinye preche malgre l te gen tout pwoblèm sa yo, sa te fè l gen konviksyon li fè Jewova ak Jezi plezi (2 Kor. 11:23-27). Èske w ap mande tèt ou si Jewova padone w toutbon pou erè w te fè? Si se sa, fè yon lis ki gen yon seri vèsè ki montre Jewova padone peche (Eza. 43:25). Apre sa, li vèsè sa yo epi medite sou yo (Sòm 119:97). Èske gen yon bagay terib ki rive w oswa ki rive yon moun ou renmen ki fè w gen dout sou pwomès Bondye fè pou l pwoteje sèvitè fidèl li yo? Ou kapab fè rechèch nan piblikasyon nou yo sou rezon ki fè Bondye pèmèt soufrans ak sou fason nou kapab gen konfyans l ap ede n kèlkeswa sa k rive n (Sòm 91:9-12). Epitou, li istwa frè ak sè ki te soufri anpil, e gade ki sa yo te fè pou yo te ka kontinye sèvi Jewova ak kè kontan.a
17. Ki sa n dwe fè lè n gen gwo pwoblèm?
17 Petèt ou pa gen gwo pwoblèm kounye a. Ebyen, di Jewova mèsi epi fè louwanj pou li pou bon bagay li ba ou (Ekl. 7:14). Men, lè pwoblèm met pye, sonje sa Jewova di w nan Pawòl li a e kontinye met tout konfyans ou nan li. Lè w fè sa, Jewova ap “ouvri yon chemen [...] dekwa pou [w] ka andire l”. (1 Kor. 10:13.) Men, ki jan n ka ede frè n ak sè n yo lè yo gen gwo pwoblèm? N ap pale sou sa nan atik ki vin apre a.
KANTIK 150 Chèche Bondye pou l ka delivre w
a Pa egzanp, byografi ki gen tit “Trajedi frape fanmi an, men nou gen kè kontan ankò” nou jwenn sou jw.org rakonte ki jan frè David Maza ak fanmi l te rive fè fas ak lanmò pitit gason l.