BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w26 fevriye p. 30-p. 31 par. 7
  • Kesyon lektè yo poze

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Kesyon lektè yo poze
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — (Study)—2026
  • Sou menm sijè a
  • Kesyon lektè yo poze
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2025
  • Ki sa k pral rive relijyon? — Sa Bib la di
    Kèk lòt sijè
  • Ann kontinye ret okipe nan dènye pati “dènye jou yo”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2019
  • Fason monn sa a pral rive nan bout li
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2012
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — (Study)—2026
w26 fevriye p. 30-p. 31 par. 7

Kesyon lektè yo poze

Ki lè nasyon yo pral di: “Lapè! Sekirite!”?

Nan yon “Kesyon lektè yo poze” ki te parèt sa pa gen twò lontan nan Toudegada, nou te wè talè konsa Jewova pral met “lide l” nan kè “dis kòn” yo (tout gouvènman yo), sa vle di li pral fè yo bay “bèt sovaj wouj vif” la, anpalan de Nasyonzini, pouvwa ak otorite yo genyen an. Yo rele bèt sa a “estati bèt sovaj la” tou (Rev. 13:​14, 15; 17:​3, 16, 17). Apre sa, “dis kòn” yo ak bèt sovaj yo fèk bay pouvwa a ap detwi fo relijyon toupatou sou tè a. Èske nasyon yo pral di “Lapè! Sekirite!”b anvan yo detwi fo relijyon, oswa apre sa? — 1 Tes. 5:3.

Anfèt, nou pa konn egzakteman ki lè nasyon yo pral di: “Lapè! Sekirite!” Si n te konn tout detay yo, nou pa t ap bezwen kontinye veye. Epoutan, pandan plizyè fwa, Jezi te ankouraje disip li yo pou yo “kontinye veye”. (Mat. 24:42; 25:13; 26:41.) Kounye a, ann byen egzamine pwofesi Bondye te fè apot Pòl anonse nan lèt li te ekri kretyen nan vil Tesalonik yo.

Men sa Pòl te ekri: “Lè yo va di: ‘Lapè! Sekirite!’, lè sa a, yon destriksyon ap tonbe sou yo sanzatann, nan menm moman an.” (1 Tes. 5:​2, 3). Men ki jan piblikasyon nou yo konn esplike pawòl apot Pòl te di yo: Nasyon yo pral di “Lapè! Sekirite!” yon ti tan anvan gwo tribilasyon an kòmanse lè yo detwi Gran Babilòn nan, anpalan de tout fo relijyon ki gen nan monn nan. Deklarasyon sa a se pral dènye siyal k ap montre gwo tribilasyon an pral kòmanse.

Men, apre n fin fè plis rechèch, sanble gen yon lòt fason nou ka konprann li. Petèt nasyon yo pral di “Lapè! Sekirite!” apre gouvènman yo fin detwi fo relijyon. Poukisa se konsa sa ka fèt? Ann egzamine kesyon ki vin annapre yo.

Ki wòl fo relijyon jwe nan gè nasyon yo ap fè yo? Men sa Bib la di: “Yo jwenn san pwofèt yo lakay [“gwo pwostitye” a, anpalan de Gran Babilòn nan] ak san tout moun yo touye sou tè a.” (Rev. 17:​1, 5; 18:24). Pandan tout istwa lèzòm, gwo pwostitye a soutni gè nasyon yo ap fè yo, e byen souvan, li responsab pakèt vyolans k ap fèt yo ak lanmò plizyè milyon moun. Donk, se lagè ak vyolans fo relijyon lakòz, se pa lapè ak sekirite li fè genyen. Sa fè n poze kesyon ki vin annapre a: Èske se sèlman apre nasyon yo fin detwi Gran Babilòn nan yo pral di: “Lapè! Sekirite!”? Li posib. Men, nou pa fin konnen si se konsa sa pral fèt.

Ki sa k pral rive apre nasyon yo fin di: “Lapè! Sekirite!”? Pòl di: “Lè sa a, yon destriksyon ap tonbe sou yo sanzatann, nan menm moman an.” (1 Tes. 5:3). Si nasyon yo di “Lapè! Sekirite!” anvan yo detwi fo relijyon, ta dwe gen yon tan ki pase anvan nasyon yo detwi. Men, etandone Pòl di yon destriksyon ap tonbe sou nasyon yo “sanzatann” e “nan menm moman an”, li posib pou nasyon yo di “Lapè! Sekirite!” apre yo fin detwi fo relijyon.

Èske pèp Jewova a ap sezi? Men sa Pòl di: “Frè nou yo, nou pa nan fènwa, pou jou sa a ta vin sou nou sanzatann tankou lè jou bare vòlè.” (1 Tes. 5:4). Fè yon ti reflechi. Si se apre nasyon yo fin detwi fo relijyon yo di “Lapè! Sekirite!”, lè sa a, pèp Jewova a ap konnen destriksyon nasyon yo pa lwen rive. Sepandan, pou nasyon yo, destriksyon an ap vini sou yo “tankou yon vòlè”, sa vle di sanzatann, san avèti.

Donk, ki sa nou ka atann? Talè konsa, “dis kòn” yo ak bèt sovaj yo pral bay anpil pouvwa a pral detwi fo relijyon. Lè sa a, gwo tribilasyon an pral kòmanse. Epitou, nou konnen rive yon lè nasyon yo pral di: “Lapè! Sekirite!” Ki lè sa pral fèt? Nou te egzamine de posiblite. Premye posiblite: Deklarasyon sa a ap fèt anvan yo detwi fo relijyon. Dezyèm posiblite: Deklarasyon sa a ap fèt apre pisans politik yo fin detwi fo relijyon nèt. N ap tann pou n wè sa k pral rive. Souvan, nou byen konprann pwofesi ki nan Bib la pandan y ap reyalize oswa apre yo fin reyalize. — Konpare ak Jan 12:16.

Annatandan, sa k pi enpòtan an, se pa ki lè nasyon yo pral di “Lapè! Sekirite!”, men, se ret fidèl ak Bondye. Nou dwe “rete je klè” e n dwe “rete nan bonsans nou” pou n ka byen prepare n pou kèlkeswa jan evènman yo rive. — 1 Tes. 5:6.

a Gade “Kesyon lektè yo poze” ki parèt nan Toudegad novanm 2025.

b Mo apot Pòl itilize yo ede n wè petèt nasyon yo pap fè yon sèl deklarasyon, men, yo ka fè plizyè deklarasyon.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2026)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2026 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje