BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w26 fevriye p. 32
  • Obadya: Aprann gen lakrentif pou Bondye

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Obadya: Aprann gen lakrentif pou Bondye
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — (Study)—2026
  • Sou menm sijè a
  • Yo te gen kouraj grasa lafwa ak lakrentif pou Bondye
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2006
  • Sa k fè nou bezwen gen lakrentif pou Jewova?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2023
  • Pwen enteresan ki nan liv Obadya a, liv Yona a ak liv Mika a
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2007
  • Obadya — Sa ki gen nan liv sa a
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — (Study)—2026
w26 fevriye p. 32

YON MOUN BIB LA PALE DE LI

Obadya: Aprann gen lakrentif pou Bondye

Obadya te responsab kay wa Ahab, yon wa ki te mechan ki te pèmèt adorasyon Baal la lakòz moun yo ap fè yon seri vye bagay toupatou nan peyi a. Aktout sa, Obadya te aprann gen bonjan lakrentif pou Jewova “depi [l] jèn”. (1 Wa 18:​1-13.) Donk, lè rèn Jezabèl te bay lòd pou yo touye tout pwofèt Jewova yo, Obadya te konnen li te bezwen met kouraj sou li pou l anpeche mechanste sa a fèt. Menmsi se te yon sèl pwofèt Obadya te kache, li t ap met lavi l an danje. Epoutan, li te kache 100 pwofèt e l te ba yo manje pandan te gen yon gwo grangou! Imajine jan l te difisil pou l te fè sa san plizyè santèn fo pwofèt ki t ap sèvi wa a ak rèn nan pa t rive wè l. — 1 Wa 18:19.

Ki sa n ka aprann nan egzanp mesye sa a ki te gen lakrentif pou Bondye? Byenke Obadya te pè Ahab, lakrentif li te gen pou Bondye a te pi fò. Sa te ba l kouraj pou l te riske lavi l pou l te pwoteje frè l yo. Si yo entèdi vrè adorasyon an non zòn kote n ap viv la, nou menm tou nou kapab aprann gen lakrentif pou Bondye. Kalite lakrentif sa a ap ban nou fòs pou n ede frè n ak sè n k ap andire eprèv yo.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2026)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2026 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje