BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w26 fevriye p. 26-29
  • Pitit se “eritaj Jewova bay”

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Pitit se “eritaj Jewova bay”
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — (Study)—2026
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • DIFIKILTE
  • KI SA JEWOVA VLE PARAN YO FÈ?
  • JEWOVA VLE EDE W LEVE PITIT OU POU YO GEN KÈ KONTAN
  • Paran, bay pitit ou fòmasyon pou yo renmen Jewova
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2019
  • Paran, aprann pitit ou renmen Jewova
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2022
  • Paran, bay fanmi nou sa yo gen bezwen
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2005
  • Ki jan fanmi w ka gen kè kontan?— Dezyèm pati
    Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — (Study)—2026
w26 fevriye p. 26-29

Pitit se “eritaj Jewova bay”

KI SA ki vin nan lespri w lè w tande mo “eritaj” la? Ou ka panse ak lajan, yon tè oswa yon kay, oubyen yon bagay ki gen anpil valè fanmi w genyen depi byen lontan yon moun nan fanmi w ki renmen w fè w kado. Kèlkeswa sa l ye a, yon eritaj se yon bagay ki gen anpil valè, e se sèten ou ta renmen byen pran swen l.

Labib di pitit se “eritaj Jewova bay”. (Sòm 127:3.) Se sèten, paran ki kretyen yo konsidere pitit yo kòm kado ki gen anpil valè Papa yo ki nan syèl la ba yo e yo ta renmen fè tout sa yo kapab pou yo bay pitit yo sa yo bezwen pou yo viv, pou yo pran swen sante yo, pou yo ede yo gen kè kontan e pou yo ede yo gen bon relasyon avè l.

Men, malerezman, gen paran jodi a ki pa konsidere pitit yo kòm yon kado Bondye ba yo (Eza. 49:15; 2 Tim. 3:​1-3). Gen lòt ki ka vrèman vle pran swen pitit yo, men, ki twouve l difisil pou yo fè sa akoz divès pwoblèm. Ki difikilte konsa paran yo konn jwenn pou yo pran swen pitit yo? Ki sa Jewova vle pou paran yo fè? E ki jan paran ki kretyen yo ka leve pitit yo pou timoun yo gen kè kontan nan lavi yo?

DIFIKILTE

  • Presyon moun nan zòn kote n ap viv la ak moun nan fanmi nou ka fè sou nou. Gen kote sou tè a, moun plis respekte paran ki gen anpil pitit yo. Donk, moun ki marye yo ka santi yo dwe fè plis pitit pase sa yo ka okipe jis paske moun nan fanmi yo oswa moun nan vwazinaj yo ap fè presyon sou yo.

  • Mari ak madanm ka ap enkyete yo pou sa k ka rive yo lè yo vin granmoun. Nan zòn sou tè a kote anpil tibebe mouri akoz malnitrisyon ak maladi e akoz pa gen ase lopital ak doktè pou pran swen yo, gen mari ak madanm ki fè anpil pitit pou yo ka sèten kèk ladan yo ap ret vivan. Gen lòt mari ak madanm ki ka deside fè anpil pitit pou yo asire yo pitit yo ap pran swen yo lè yo vin granmoun. Sa rive sitou nan peyi kote Leta pa bay moun ki granmoun yo èd.

  • Lè l difisil pou n kontwole kantite pitit n ap fè. Gen lòt kote sou tè a, gen mari ak madanm ki konn pa jwenn sa yo bezwen pou yo fè planin. Gen lòt ki ka jwenn pwodui oswa konprime pou yo fè planin, men, piske pwodui sa yo pa fin twò bon, yo pè pou yo pa gen move efè sou sante yo. Gen lòt menm ki pa ka achte pwodui sa yo paske yo twò chè.a

KI SA JEWOVA VLE PARAN YO FÈ?

Bay pitit ou sa yo gen bezwen. Jewova bay paran yo responsablite pou yo bay pitit yo sa yo gen bezwen jiskaske timoun yo vin gran. Li vle pou paran yo travay di pou yo bay pitit yo manje, rad ak yon kote pou yo rete. Epitou, Jewova vle pou paran yo bay pitit yo edikasyon. Se sa k fè, an jeneral, paran ki kretyen yo pa met pitit yo nan pansyon. Okontrè, yo vle pou pitit yo ret ansanm ak yo jiskaske timoun yo vin gran pou yo ka aprann yon bagay k ap itil yo nan lavi yo e pou yo ka ba yo atansyon yo bezwen, sa ki fè timoun yo santi yo byen, yo an sekirite, e yo santi paran yo renmen yo. Sepandan, Jewova rezonab, li pa atann pou paran yo rich. Anfèt, Jewova te chwazi paran ki renmen travay di, epoutan ki pa t gen gwo mwayen, pou pran swen Pitit Gason l lan. — Mat. 13:​55, 56; Lik 2:24.

Prensip biblik: “Se sèten, si yon moun pa bay moun ki sou kont li sa yo gen bezwen, sitou moun lakay li, li nye lafwa, e li pi mal pase yon moun ki pa gen lafwa.” — 1 Tim. 5:8.

Jewova konprann paran yo ka bezwen pitit yo ede yo lè yo vin granmoun. Youn nan fason timoun yo ka onore paran yo se lè yo veye pou paran yo jwenn sa yo bezwen lè yo vin granmoun (Egz. 20:12; 1 Tim. 5:4). Sepandan, Jewova kontan lè sa k pi enpòtan pou paran yo se fason y ap pran swen pitit yo olye yo panse ak fason pitit yo ta dwe pran swen yo. — 2 Kor. 12:14.

Ede pitit ou aprann konnen Jewova. Paran ki kretyen yo gen responsablite tou pou yo aprann pitit yo renmen Jewova e pou yo adore l. Pou Jewova, se bagay ki pi enpòtan paran yo bezwen aprann pitit yo. — Det. 6:​6, 7.

Prensip biblik: “Kontinye leve [pitit ou] nan disiplin Jewova ak nan avètisman li bay.” — Efe. 6:4.

JEWOVA VLE EDE W LEVE PITIT OU POU YO GEN KÈ KONTAN

Byen reflechi pou n konn konbyen pitit nou ta renmen fè. Si n ta renmen gen pitit, byen egzamine sitiyasyon nou. Pa egzanp, èske n ap gen mwayen pou n pran swen anpil timoun, pou n ba yo manje, rad e pou n fè edikasyon yo? Si n pap kapab, pale ak moun ou marye avè l la pou n deside konbyen pitit n ap fè pou n ka pran swen pitit nou jan Jewova vle nou fè sa. Nòmalman, Jewova konprann se pa tout bagay nan lavi a nou ka planifye (Ekl. 9:11). Men, l ap beni bonjan efò nou fè pou n reyisi antanke paran.

Prensip biblik: “Moun ki konn travay byen an planifye sa l ap fè, e konsa bagay yo byen mache pou li, men, tout moun ki twò prese ap pòv kanmenm.” — Pwo. 21:5.

“Kiyès nan nou la a ki vle bati yon fò ki pap chita anvan pou l kalkile konbyen sa ap koute l, dekwa pou l ka wè si l gen ase lajan pou l fini l?” — Lik 14:28.

Bay Jewova premye plas nan fanmi w. Bay adorasyon n ap bay Jewova a plas ki pi enpòtan an nan fanmi n. Si n deja gen pitit, pran tan pou n ede yo chak aprann renmen Jewova. Lè yo nan reyinyon, ede yo pou yo ret konsantre e pou yo aprann. Toujou fè adorasyon an fanmi an chak semèn. Montre pitit nou fason pou yo preche. Pa lage responsablite nou genyen antanke paran an sou do pitit nou genyen ki pi gran yo oswa sou do lòt fanmi. Sa ap mande tan ak efò pou n ede timoun yo pou yo renmen Jewova, men, rekonpans yo ap anpil.

Prensip biblik: “Pa gen anyen ki fè m pi kontan pase lè m tande pitit mwen yo kontinye ap mache nan laverite.” — 3 Jan 4.b

Fè Jewova konfyans. Kit n ap reflechi pou n wè si n ap fè pitit, kit nou deja gen pitit, nou bezwen kwè prensip Jewova yo pi enpòtan pase kilti nou oswa sa moun yo abitye fè nan zòn kote n ap viv la.

Si w chwazi pa fè anpil pitit ou mèt gen konfyans Jewova ap kontinye pran swen w lè w vin granmoun. Pa kite lòt moun fè presyon sou ou pou fè w kwè pitit se baton vyeyès. Ou pa bezwen bay tèt ou pwoblèm kòmkwa ou pap gen pèsonn pou pran swen w. Jewova pwomèt l ap pran swen w, e li toujou kenbe pwomès li. — Joz. 23:14.

Prensip biblik: “Fè Jewova konfyans ak tout kè w, e pinga w konte sou entèlijans ou. Sonje l nan tout sa w ap fè, e l ap fè tout bagay mache byen nan lavi w.” — Pwo. 3:​5, 6.

“Mwen te jèn yon lè, e kounye a mwen vin granmoun, men, mwen pa janm wè Bondye abandone yon moun ki jis, ni mwen pa janm wè pitit li ap mande charite.” — Sòm 37:25.

“Kontinye chèche Wayòm nan an premye e kontinye chèche fè sa ki jis nan je Bondye an premye, e l ap ajoute tout lòt bagay sa yo pou nou.” — Mat. 6:33.

Pitit se kado ki gen anpil valè Jewova bay paran yo. Jewova dwe kontan anpil lè l wè mari ak madanm ki kretyen yo pran swen pitit yo fason li vle yo fè sa! Yo kontan pran swen pitit yo, yo ede yo pou yo gen kè kontan e pou yo gen bon relasyon ak Jewova. Yo byen reflechi pou yo konn konbyen pitit yo ta renmen fè. Epitou, yo bay prensip Jewova yo plis enpòtans pase kilti yo oswa sa moun nan zòn kote y ap viv la abitye fè. Lè paran ki kretyen yo fè sa, yo montre pitit yo se kado ki gen anpil valè: yo se “eritaj Jewova bay”.

Yo pa regrèt desizyon yo te pran yo

Èske paran yo soufri lè yo chwazi pa fè anpil pitit? Se yon kesyon anpil paran k ap viv nan zòn ki gen pwoblèm ekonomik konn poze tèt yo. Ann wè sa kèk chèf fanmi k ap viv nan peyi sa yo di sou sa.

Èske moun te fè presyon sou ou pou w fè anpil pitit?

“Wi. Te menm gen frè ak sè nan kongregasyon an ki te fè sa. Gen yon mari ak madanm ki te di nou: ‘Poukisa se yon sèl pitit gason nou genyen? Isit la ann Afrik, si w gen yon sèl pitit gason se kòmsi w pa t genyen. Si w gen de pitit gason se kòmsi w te gen yon sèl.’ Menm lè n te vin gen dezyèm pitit fi nou an, yo pa t sispann ban nou presyon.” — Jeremias.

Lefètke w te deside pa fè anpil pitit, èske sa te fè w gen anpil difikilte nan lavi w?

“Non. Okontrè. Lefètke mwen menm ak madanm mwen te chwazi pou n pa fè anpil pitit li te pi fasil pou n rive jwenn sa nou bezwen pou n viv, e sa k pi enpòtan an, pou n kenbe yon bon relasyon ak Jewova. Mwen te leve nan yon fanmi ki te gen anpil timoun, e m te wè jan l te difisil pou manman m ak papa m rive ban nou sa nou te gen bezwen e pou yo te mete n lekòl.” — Jeremias

Ki jan pitit nou yo wè desizyon nou pran an?

“Pitit nou yo kontan paske yo pa t gen pakèt pwoblèm lòt timoun te jwenn poutèt paran yo gen anpil pitit e yo pa t toujou kapab ba yo sa yo bezwen.” — Filipe

“Pandan pitit nou yo t ap grandi, yo te gen kè kontan paske yo te santi nou te pwoteje yo e nou te renmen yo. Nou te toujou ansanm ak frè ak sè ki gen anpil eksperyans e ki gen bon relasyon ak Jewova. Yo te konn ankouraje nou pou n chèche fè plis pou Jewova. Jodi a, lè n ap gad pitit nou yo, nou wè bon rezilta sa bay.” — Carlos

Lefètke w te chwazi pou w pa t fè anpil pitit, èske sa te ede w?

“Lefètke nou te pran desizyon sa a, nou te rive pran swen fanmi nou pi byen. Sa gen anviwon twazan, mwen te pèdi yon travay ki te konn byen peye m. Piske sitiyasyon nou te vin chanje, li te pi fasil pou n jwenn sa n bezwen pou n viv paske nou pa t gen anpil pitit. Epitou, nou te rive jwenn sa n bezwen menmsi travay mwen te vin genyen an pa t peye m menm kantite kòb mwen te konn touche anvan an.” — Jeremias

“Desizyon nou te pran an te ede n pou n bay pitit nou sa yo te gen bezwen e pou n te ede yo gen bon relasyon ak Jewova. Nou te gen posiblite sèvi kote yo te bezwen plis pwoklamatè. E l te pi fasil pou n pase tan ak chak pitit nou yo e pou n pran swen yo. Tout pitit nou yo ap sèvi Jewova e y ap chèche fè plis nan sèvis li.” — Lenadi

Ki sa w ta renmen di paran yo?

“Mwen te kapab wè pawòl ki nan Sòm 34:10b a reyalize. Men sa l di: ‘Moun ki chèche Jewova yo pap manke anyen ki bon.’ Jewova fè fanmi m avè m jwenn tout sa nou gen bezwen.” — Rafael

a Se chak mari ak madanm ki pou deside konbyen pitit y ap fè e ki lè y ap fè pitit. E si y ap chwazi fè planin, y ap bezwen veye pou metòd y ap itilize a pa fè yon timoun ki fèk ap fòme nan vant manman an tonbe. Okenn moun pa ta dwe jije yo pou desizyon yo pran (Wom. 14:​4, 10-13). Epitou, kretyen ki marye yo bezwen sonje konsèy ki nan 1 Korentyen 7:​3-5 lan.

b Pitit y ap pale de yo nan vèsè sa a gen rapò ak yon seri disip apot Jan te anseye laverite. Sepandan, paran yo kapab gen menm santiman sa yo pou pitit yo k ap sèvi Jewova.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2026)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2026 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje