KESYON JÈN YO KONN POZE
Ki jan m ka rive fin fè devwa m?
“Li fatigan anpil pou w ap fè devwa a inè dimaten. Sèl sa ki enterese w nan lè sa a se al dòmi.” — David.
“Gende lè li te konn 4:30 dimaten m ap etidye toujou e m gen pou m leve a sizè nan maten pou m al lekòl. Sa te vrèman fatigan!” — Theresa.
Èske w santi ou gen twòp devwa pou w fè? Si se sa, atik sa a ka ede w.
Poukisa pwofesè yo bay devwa?
Fè devwa kapab ede w . . .
gen plis konesans
vin pi responsab
aprann pi byen jere tan w
pi byen konprann e aplike sa w te aprann lekòla
“Youn nan rezon ki fè pwofesè yo bay devwa se pou elèv yo fè pratik sou sa yo te aprann nan klas la olye pou enfòmasyon an annik antre nan yon zòrèy e soti nan yon lòt.” — Marie.
Matematik ak syans sitou ap ede w amelyore kapasite w genyen pou w rezoud pwoblèm. Espè yo di sa ka fè gen nouvo koneksyon nan sèvo nou e sa ka fè koneksyon ki egziste yo vin pi solid. Donk, fè devwa se yon egzèsis ki bon pou sèvo nou!
Kit nou wè byenfè yo, kit nou pa wè yo, devwa yo fè pati youn nan bagay n ap toujou bezwen jere nan lavi a. Men, gen yon bon nouvèl: Menm lè ou ka pa gen kontwòl sou kantite devwa yo ba w, petèt ou ka redui nan kantite tan sa pran pou w fè devwa yo. Ann gade ki jan w ka fè sa.
Kèk konsèy sou fason pou w fè
Si sa difisil pou w fin fè devwa w yo, petèt solisyon an se pa pou w travay pi di, men pou w byen reflechi sou fason w pral travay la. Eseye konsèy ki pi ba yo.
Premye konsèy: Planifye travay la. Bib la di: “Moun ki konn travay byen an planifye sa l ap fè, e konsa bagay yo byen mache pou li.” (Pwovèb 21:5). Mete tout sa w ap bezwen pou w fè travay la sou lamen, konsa ou pa bezwen leve.
Epitou, chwazi yon kote w ap ka konsantre. Gen moun ki twouve l itil pou yo rete yon kote lakay yo ki pa gen bri e ki gen bon limyè. Gen lòt moun ki prefere al yon lòt kote, petèt nan yon bibliyotèk.
“Li ka itil si w gen yon kalandriye pou w note devwa w gen pou w fè yo, konsa w ap ka pi byen jere tan w. Lè w konnen ki devwa w genyen e ki lè pou w remèt yo, w ap gen mwens strès.” — Richard.
Dezyèm konsèy: Òganize travay ou. Bib la di: “Se pou tout bagay fèt [...] nan lòd.” (1 Korentyen 14:40). Donk, se pou w deside ki devwa w ap fè an premye, an dezyèm...
Gen moun ki renmen kòmanse ak travay ki pi difisil yo. Gen lòt moun ki prefere fini travay ki pi fasil yo anvan pou yo ka jwenn motivasyon. Chwazi metòd ki pi bon pou ou a.
“Sa vrèman ede m si m gen yon lis, konsa m konnen sa m gen pou m fè e m konnen nan ki lòd pou m fè yo. Konsa, m santi m gen kontwòl sou devwa m yo e m pa santi yo twòp.” — Heidi.
Twazyèm konsèy: Kòmanse travay. Bib la di: “Se pou nou travay di, pa fè parès.” (Women 12:11). Pa kite lòt aktivite, menm lè se bagay ou ta vle fè, gaspiye tan ou ta dwe ap fè devwa w.
Moun k ap plede ranvwaye travay yo gen pou w fè konn delè yo oswa nan kouri pou yo fini, e souvan, travay la pa fèt jan l ta dwe fèt la. Men, si w pa pran tan pou w kòmanse devwa w, ou ka evite anpil tètchaje ki pa nesesè.
“Lè m te fè devwa m kou m te sot lekòl la oswa m te kòmanse yon pwojè kou m te resevwa l, m pa t bezwen enkyete m pou sa ankò, epitou, m pa t gen pwoblèm pou m te fè lòt aktivite m te vle fè.
KONSÈY: Fè devwa w nan menm lè a chak jou. Konsa, sa ap ede w disipline tèt nou e sa ap ede w toujou fè yo.
Katriyèm konsèy: Ret konsantre sou objektif ou. Bib la di: “Se pou w fikse je w dwat devan w.” (Pwovèb 4:25). Pou n ka suiv konsèy sa, nou bezwen evite tout kalite distraksyon, sitou aparèy elektwonik yo.
Lè w al gade sou Entènèt oswa ou kòmanse voye sms, sa ka fè l pran w de fwa tan pou w ta fini devwa a. Men, si w ret konsantre sou objektif ou, petèt w ap wè nonsèlman ou gen mwens strès, men tou ou gen plis tan pou w fè lòt bagay.
“Lefètke gen telefòn selilè, òdinatè, jwèt videyo ak televizyon, sa fè l difisil pou m konsantre. Sa k ede m ret konsantre se lè m etenn telefòn mwen e m dekonekte nenpòt lòt aparèy ki ka distrè m.” — Joel.
Senkyèm konsèy: Fè ekilib. Bib la di: “Se pou tout moun konnen nou kòm moun ki rezonab.” (Filipyen 4:5). Si w pran yon ti poz lè w bezwen l, sa ap ede w gen mwens strès lè w ap fè devwa. Ou k al fè yon ti mache, al monte bekàn oswa al kouri.
Si w toujou santi ou gen yon gwo kantite devwa, pale ap pwofesè w yo. Si yo wè ou vrèman ap fè tout sa w kapab, yo ka deside fè kèk ajisteman.
“Pa kite devwa strese w oswa fè w pèdi jwa w. Fè tout sa w kapab. Men, gen bagay nan lavi a ki ka fè yon moun fou san sa pa neses; pa kite devwa fè w fou. ” — Julia.
Ou kapab poze tèt ou kesyon sa yo:
Ki sa m ap bezwen pou m fè devwa m?
Ki lè ki pi lè bon pou m fè devwa m?
Ki kote m ap ka pi byen konsantre?
Ki jan m ka fè devwa m lè m dwe fè l la?
Ki sa ki ka distrè m?
Ki jan m ka evite distraksyon, kit se aparèy elektwonik, kit se lòt bagay?
Ki jan m ka rive fè devwa m san m pa santi m gen anpil strès?
YON RAPÈL ENPÒTAN: Asire w ou byen konprann devwa a. Si w gen kesyon, poze pwofesè a yo anvan w kite klas la.
a Pwen sa yo soti nan yon liv Jeanne Schumm te ekri ki rele Pouvwa Lekòl (School Power).