Èske Temwen Jewova yo fòse pitit yo vin Temwen Jewova menm jan avè yo?
Non. Paske se chak moun ki dwe pran desizyon pou l konnen si l ap sèvi Bondye (Women 14:12). Temwen Jewova yo aprann timoun yo prensip ki nan Bib la, men pi devan lè timoun yo vin gran, yo chak dwe deside pou tèt yo si yo menm tou yo vle vin Temwen Jewova. — Women 12:2; Galat 6:5.
Menm jan ak tout paran, Temwen Jewova yo vle pou timoun yo viv pi bon vi ki kapab genyen an. Yo aprann timoun yo e yo ede yo devlope sa yo konnen k ap bon pou yo: travay, kapasite, konpetans, prensip moral ak kwayans relijye. Temwen Jewova yo kwè ansèyman ki nan Bib la ankouraje moun viv pi byen, pou rezon sa a, yo ede timoun yo konnen ansèyman sa yo lè yo etidye Labib avèk timoun yo epi lè yo asiste reyinyon kretyen yo ansanm (Detewonòm 6:6, 7). Sou baz konesans timoun yo vin genyen, lè yo vin gran, yo chak kapab deside si y ap vin Temwen Jewova menm jan ak paran yo.
Èske Temwen Jewova yo sispann gen relasyon ak timoun yo si timoun nan pa batize?
Poukisa Temwen Jewova mennen timoun yo avèk yo lè yo pral preche?
Èske Temwen Jewova yo patisipe nan fèt yo fè nan yon seri jou oubyen nan lòt kalite selebrasyon?
Èske Temwen Jewova yo batize timoun piti?
Non. Bib la pa anseye batèm timoun piti. Pa egzanp, li montre anvan yo te batize yon moun, kretyen yo nan premye syèk la te tande mesaj la, yo te “kontan aksepte pawòl” la, epi yo te repanti (Travay 2:14, 22, 38, 41). Se sa k fè, pou yon moun batize, li dwe byen konprann ansèyman ki nan Bib la, li dwe kwè nan yo, e li dwe pran desizyon pou l viv selon sa l aprann yo. Sa yo se yon seri bagay yon timoun piti pa kapab fè.
Tank timoun yo ap grandi, yo kapab chwazi pou yo batize. Sepandan, pou yo rive fè sa, yo dwe konprann responsabilite ki mache ak desizyon sa a y ap pran an.
Èske Temwen Jewova yo sispann gen relasyon ak timoun yo si timoun nan pa batize?
Non. Aktout paran ki Temwen yo santi yo tris si gen youn nan timoun yo ki pa deside vin Temwen Jewova menm jan avè yo, men sa pa anpeche yo toujou renmen pitit yo a, e se pa paske timoun nan pa deside vin Temwen ki fè yo pral sispann gen relasyon avè l.
Chak moun, kèlkeswa laj li, gen pou l deside si l ap chwazi batize oubyen si l pap fè sa.
Poukisa Temwen Jewova mennen timoun yo avèk yo lè yo pral preche?
Gen plizyè rezon ki fè nou fè timoun nou yo patisipe nan travay predikasyon an avèk nou.a
Bib la bay paran yo lòd pou yo aprann pitit yo kiyès Bondye ye epi pou yo ba yo fòmasyon pou yo kapab adore L (Efezyen 6:4). Etandone adorasyon n ap bay Bondye a gen ladan l deklarasyon piblik yon moun fè pou montre l gen lafwa, sa ki fè preche se yon aspè enpòtan nan fòmasyon n ap bay timoun yo sou Bondye. — Women 10:9, 10; Ebre 13:15.
Bib la ankouraje tout moun, men jèn yo an patikilye pou yo “fè lwanj Seyè a”. (Sòm 148:12, 13, Bib la.) Youn nan fason enpòtan nou kapab louwe Bondye se lè nou pale de li ak lòt moun.b
Timoun yo jwenn anpil avantaj lefètke yo al preche ak paran yo. Pa egzanp, yo aprann pale ak divès kalite moun, epi yo rive devlope yon seri kalite tankou konpasyon, bonte, respè pou lòt moun epi yo aprann pataje ak lòt moun. Patisipe nan travay predikasyon an ede timoun yo konprann pi byen rezon Bib la bay pou sa yo kwè yo.
Èske Temwen Jewova yo patisipe nan fèt yo fè nan yon seri jou oubyen nan lòt kalite selebrasyon?
Temwen Jewova yo pa patisipe nan yo seri fèt relijye ni nan okenn selebrasyon ki pa fè Bondye plezi c (2 Korentyen 6:14-17; Efezyen 5:10). Pa egzanp, nou pa patisipe nan fèt anivèsè nesans oswa fèt Nwèl, yon seri fèt ki soti nan relijyon payen.
Sepandan, nou kontan pase tan ak fanmi ou e nou renmen bay timoun nou yo kado. Olye pou n kite se yon seri dat yo bay ki deside lè n ap reyini ak fanmi nou ak lè pou n ofri youn lòt kado, nou pito òganize moman pou n reyini epi ofri kado pandan tout ane a.
Paran ki kretyen yo renmen bay pitit yo kado.
a Nòmalman, yon timoun ki gen paran l ki Temwen pa patisipe nan travay predikasyon an san paran l oubyen yon lòt granmoun ki responsab pa avèk li.
b Bib la pale de kèk timoun ki te fè Bondye plezi lefètke yo te pale de sa yo kwè ak lòt moun. — 2 Wa 5:1-3; Matye 21:15, 16; Lik 2:42, 46, 47.
c Gade atik ki gen tit “Poukisa Temwen Jewova yo pa fete kèk fèt?”
d Gen kèk non moun yo chanje.