BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • ijwbq atik 166
  • Èske lajan se rasin tout bagay ki mal?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Èske lajan se rasin tout bagay ki mal?
  • Repons Bib la bay
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Repons Bib la bay
  • Ki sa Bib la di sou lajan?
  • Poukisa Bib la avèti nou pou n pa renmen lajan?
  • Ki byenfè n ap jwenn si n aplike konsèy Bib la bay sou lajan?
  • Fason pou n byen jere lajan
    Fanmi w ka gen kè kontan
  • Konsèy saj pou n gen kè kontan ak satisfaksyon
    Reveye n! — 2021
  • Ki sa Bib la di sou travay ak lajan?
    Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
Repons Bib la bay
ijwbq atik 166
Yon mesye k ap met men sou yon pakèt lajan.

Èske lajan se rasin tout bagay ki mal?

Repons Bib la bay

Non. Bib la pa di lajan pa bon, e li pa di lajan se pi gwo koz tout sa ki mal. Ekspresyon popilè ki di “lajan se rasin tout bagay ki mal” la se yon ekspresyon ki pa konplè e ki bay yon move ide parapò ak sa Bib la di. Men sa Bib la di: “Renmen lajan fè moun fè tout kalite bagay ki mal.”a — 1 Timote 6:10, Bib La, se nou ki fonse mo “renmen” an.

  • Ki sa Bib la di sou lajan?

  • Poukisa Bib la avèti nou pou n pa renmen lajan?

  • Ki byenfè n ap jwenn si n aplike konsèy Bib la bay sou lajan?

  • Kèk vèsè nan Bib la ki pale sou lajan

Ki sa Bib la di sou lajan?

Bib la montre depi nou byen sèvi ak lajan, l ap itil e li ka menm “yon pwoteksyon”. (Eklezyas 7:12.) Mete sou sa, Bib la ankouraje nou pou nou donan ak lòt moun, sa vle di nou ka fè yo kado lajan tou. — Pwovèb 11:25.

Konsa tou, Bib la avèti n pou nou pa kite fè lajan tounen priyorite nan lavi nou. Bib la di: “Se pou fason n ap viv pa gen lanmou pou lajan ladan l. Kontante nou ak sa nou genyen.” (Ebre 13:5). Leson an se kite lajan nan plas li olye n kouri dèyè richès. L ap bon pou n kontante n ak sa nou vrèman bezwen, tankou manje, rad, ak kote pou n rete. — 1 Timote 6:8.

Poukisa Bib la avèti nou pou n pa renmen lajan?

Moun ki ava pap gen lavi ki pap janm fini an (Efezyen 5:5). Youn nan rezon ki fè sa se paske ava se yon fòm idolatri, oswa fo adorasyon (Kolosyen 3:5). Yon lòt rezon se paske lè moun ki ava a gen gwo anvi pou l jwenn sa l bezwen an, li konn fèmen je sou kèk bon prensip. Pwovèb 28:20 di: “Yon moun k ap kouri dèyè richès pap ret inosan.” Sa ka menm pouse yo fè kèk move zak tankou menase lòt moun pou fè yo bay lajan, dechèpiye moun, fè rakèt, fè kidnapin, oswa touye moun.

Menm lè lanmou pou lajan pa mennen nan move konpòtman, li ka bay lòt pwoblèm. Bib la di: “Moun ki byen deside pou yo rich yo tonbe nan tantasyon, yo tonbe nan yon pyèj ak nan anpil anvi ki san sans.” — 1 Timote 6:9.

Ki byenfè n ap jwenn si n aplike konsèy Bib la bay sou lajan?

Depi nou pa kite lanmou pou lajan fè nou rejte sa ki bon ak sa ki fè Bondye plezi, moun ap respekte nou, Bondye ap beni nou epi l ap soutni nou. Men pwomès Bondye fè moun ki fè kè l kontan toutbonvre: “Mwen pap janm kite w e mwen pap janm abandone w.” (Ebre 13:5, 6). Li bay asirans “yon moun ki fidèl ap jwenn anpil benediksyon”. — Pwovèb 28:20.

Kèk vèsè nan Bib la ki pale sou lajan

Eklezyas 7:12: “Lajan se yon pwoteksyon.”

Sa vle di: N ap jwenn sekirite nan kèk domèn si nou byen sèvi ak lajan.

Lik 12:15: “Menm lè yon moun ap viv nan abondans, lavi l pa depann de bagay li posede yo.”

Sa vle di: Lajan se pa bagay ki pi enpòtan nan lavi a, li pa ka bay delivrans.

1 Timote 6:10: “Lanmou pou lajan se youn nan rasin tout kalite move bagay, e gen kèk moun, piske yo kiltive lanmou sa a, yo pèdi chemen lafwa a, e yo pèse kò yo toupatou avèk anpil soufrans.”

Sa vle di: Se pa lajan ki pa bon. Men se lanmou pou lajan, moun ki kite l dirije lavi yo ap gen pwoblèm, sa ka rive fanmi yo kraze oswa sa ka gen efè sou sante yo paske yo travay twòp pou fè lajan.

Ebre 13:5: “Se pou fason n ap viv pa gen lanmou pou lajan ladan l. Kontante nou ak sa nou genyen.”

Sa vle di: Olye n kouri dèye richès ak tout konsekans li ka pote, l ap bon pou n kontante nou ak sa nou vrèman bezwen.

Matye 19:24: “Li pi fasil pou yon chamo pase nan yon je zegui pase pou yon moun ki rich antre nan Wayòm Bondye a.”

Sa vle di: Jezi te apèn mande yon mesye ki rich suiv li. Mesye a pa t dakò paske li te twò atache ak byen l yo. Se sa k fè Jezi te bay avètisman sa a. Lè yon moun mete richès anvan Bondye, li ka pèdi lavi ki pap janm fini an.

a Yo konn tradui vèsè a konsa tou: “Lanmou pou lajan se youn nan rasin tout kalite move bagay.”

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2026)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2026 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje