BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • ijwbq atik 147
  • Ki jan w ka viv pou toutan?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki jan w ka viv pou toutan?
  • Repons Bib la bay
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Repons Bib la bay
  • Move panse kèk moun genyen anrapò ak viv pou toutan
  • Nou kapab viv pou toutan
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2022
  • Monn nouvo pezib Bondye a: ou ka viv ladan l!
    Koute gran Anseyan an
  • Èske w ta renmen viv pou toutan ?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2004
  • Jezi Kris: Ki efè mesaj li a gen sou ou?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2010
Gade plis
Repons Bib la bay
ijwbq atik 147
Imaj yon tigason k ap grandi rive granmoun.

Ki jan w ka viv pou toutan?

Repons Bib la bay

Men pwomès nou jwenn nan Bib la fè: “Moun ki fè sa Bondye vle, y’ap viv pou tout tan.” ​(1 Jan 2:17, Bib la). Ki sa Bondye vle w fè?

  • Aprann konnen Bondye ak Jezi, Pitit Gason l lan. Men sa Jezi te di yon lè li t ap priye Bondye: “Pou yo ka gen lavi ki pap janm fini an, se pou yo aprann konnen w, ou menm, sèl vrè Dye a, ak sila a ou te voye a: Jezi Kris.” (Jan 17:3). Ki sa sa mande pou n “aprann konnen” Bondye ak Jezi? Nou ka aprann konnen yo lè nou etidye Labib e lè nou suiv sa l dia. Labib fè n konn panse Jewova, Kreyatè nou an, Sila a ki bay tout moun lavi a (Tra. 17:24, 25). Epitou, Bib la pale de Jezi, Pitit Gason l lan, ki te bay “pawòl k ap mennen nan lavi ki pap janm fini an”. — Jan 6:67-69.

  • Demontre nou gen lafwa nan ranson Jezi te bay la. Jezi te vin sou tè a “pou l sèvi moun e pou l bay lavi l kòm ranson pou libere anpil moun”. (Matye 20:28.) Sakrifis Jezi te bay kòm ranson an bay anpil moun posiblite pou yo viv pou toutan sou tè a ki pral tounen yon paradib (Sòm 37:29). Jezi te di: “Bondye te tèlman renmen monn nan, li bay sèl Piti Gason li fè a pou li, dekwa pou nenpòt moun ki demontre li gen lafwa nan li pa detwi, men pou l gen lavi ki pap janm fini an.” ​(Jan 3:16). Remake se pa sèlman kwè nan Jezi. Nou dwe ‘demontre nou gen lafwa nan li’ lè nou chwazi viv ann amoni ak sa l anseye yo epi fè volonte Papa l. — Matye 7:21; Jak 2:17.

  • Vin gen yon relasyon solid ak Bondye. Bondye vle nou vin pwòch li e pou n vin zanmi l (Jak 2:23; 4:8). Bondye ap toujou la. Li pap janm mouri, e li vle zanmi l yo viv pou toutan tou. Bondye fè nou konnen sa l vle tout moun k ap chèche l yo fè, men sa l di nan Pawòl li a: “Se pou w viv pou toutan.” — Sòm 22:26.

Move panse kèk moun genyen anrapò ak viv pou toutan

Move panse: Lèzòm kapab fè nou gen lavi pou toutan.

Reyalite: Byenke gen kèk pwogrè ki fèt nan domèn lamedsin ki fè konprann yo ka fè lèzòm viv pi lontan, pwogrè sa yo pap rive fè lèzòm viv pou toutan. Se sèl Bondye ki ka ban nou lavi ki pap janm fini an, paske sèl li menm ki “sous lavi a”. (Sòm 36:9.) Li pwomèt pou l “anglouti lanmò pou toutan” e pou l bay tout moun ki fidèl yo lavi ki pap janm fini an. — Ezayi 25:8; 1 Jan 2:25.

Move panse: Se sèlman kèk ras moun k ap viv pou toutan.

Reyalite: Bondye pa gen patipri. Okontrè, “nan tout nasyon, yon moun ki gen lakrentif pou li e k ap pratike sa ki jis, moun sa a fè l plezi”. (Travay 10:34, 35.) Kèlkeswa ras yon moun oswa kilti l, depi li obeyi Bondye li kapab viv pou toutan.

Move panse: Lavi pou toutan an ap raz.

Reyalite: Se Bondye, li menm ki renmen nou e ki vle nou gen kè kontan an, ki fè nou pwomès pou nou viv toutan an (Jak 1:17; 1 Jan 4:8). Li konnen pou nou gen kè kontan, nou dwe gen yon travay ki bay lavi nou yon sans (Eklezyas 3:12). Bondye fè konnen moun ki pral viv pou toutan sou tè a ap gen yon travay ki bay lavi yo yon sans e ki ba yo satisfaksyon, yon travay k ap bon ni pou yo ni pou moun yo renmen. — Ezayi 65:22, 23.

Mete sou sa, moun ki pral viv pou toutan yo ap toujou gen bagay pou yo aprann sou Kreyatè yo a e sou tout pakèt bagay li kreye yo. Li kreye lèzòm ak anvi pou yo viv pou toutan e pou yo aprann konnen l, menmsi yo “pap janm rive konnen tout travay vrè Dye a fè depi nan kòmansman rive nan fen”. (Eklezyas 3:10, 11.) Konsa, moun ki pral viv pou toutan yo ap toujou gen bagay enteresan pou yo aprann e pou yo fè.

a Temwen Jewova yo gen yon pwogram etid Labib gratis. Pou w jwenn plis enfòmasyon, gade videyo ki rele Ki jan yo fè yon etid biblik?

b Gade atik “Ki jan Jezi sove nou?”

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2026)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2026 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje