Ki kantite Temwen Jewova ki genyen sou tè a?
Rapò ane sèvis 2024
Kantite Temwen Jewova ki gen sou tè a
9 043 460
118 767
Peyi ki gen Temwen Jewova k ap preche
240
Total pou 2024
Rapò sou peyi ak tèritwa
Ki fason nou konte kantite Temwen Jewova ki genyen?
Moun nou konte kòm Temwen Jewova, se moun ki preche bon nouvèl Wayòm Bondye a chak mwa (Matye 24:14). Pami yo, gen moun ki batize kòm Temwen e moun ki poko batize, men ki kalifye pou yo patisipe nan travay predikasyon an.
Èske yon moun dwe bay lajan pou yo konte l kòm yon Temwen
Non. Sa pa gen rapò ak lajan yon moun bay k ap fè yo konte l kòm yon Temwen Jewova oswa k ap fè yo ba l fè yon travay oswa yon privilèj espesyal nan òganizasyon nou an (Travay 8:18-20). An reyalite, nou pa konn non pifò moun ki fè ofrann yo. Chak Temwen Jewova bay tan l, enèji l ak lòt bagay li genyen pou l kore travay mondyal nou an selon mwayen l, san yo pa egzije l fè sa. — 2 Korentyen 9:7.
Ki jan nou fè pou nou konnen kantite moun k ap preche toutbon?
Chak mwa, Temwen yo bay yon rapò sou travay predikasyon yo fè a nan kongregasyon kote yo ye a e yo fè sa san yo pa fòse yo.
Kongregasyon yo ranmase rapò yo, yo fè total sa yo jwenn yo e yo voye yo nan biwo ki responsab zòn yo a. Biwo a fè total rapò li jwenn pou chak peyi oswa pou chak zòn, e li voye l nan biwo santral ki okipe aktivite Temwen Jewova yo nan lemonnantye.
Nan fen chak ane sèvisa, yo fè konnen kantite Temwen Jewova ki te genyen pandan ane a pou chak peyi. Yo fè total kantite yo jwenn pou chak peyi pou yo rive wè kantite Temwen ki genyen sou tout tè a. Yo bay yon rapò detaye sou chak peyi nan seksyon “Toupatou nan monn nan” ki sou sit Entènèt nou an. Rapò sa yo ankouraje nou, menm jan sa te fèt pou premye kretyen yo. — Travay 2:41; 4:4; 15:3.
Èske nou konte moun k ap etidye, moun ki asiste reyinyon men ki pa preche yo kòm Temwen Jewova?
Menm lè nou pa konte moun sa yo kòm Temwen Jewova yo, men nou kontan akeyi yo nan kongregasyon nou yo. Pifò ladan yo asiste Memoryal lanmò Kris la ki fèt chak ane. Nou rive gen yon ide sou kantite moun sa yo lè nou retire kantite moun ki asiste reyinyon sa a nan kantite Temwen Jewova ki genyen. An 2024, te gen 21 119 442 moun ki te asiste Memoryal la.
Anpil nan moun ki pa asiste reyinyon nou yo pwofite pwogram etid Labib gratis nou fè lakay moun yo. Pandan ane 2024 la, chak mwa, nou te dirije anviwon 7 480 146 etid Labib, e gen kèk ladan yo ki te fè ak plizyè moun anmenmtan.
Poukisa kantite Temwen Jewova Leta di ki genyen an pi plis pase kantite nou menm nou bay la?
Byen souvan, pou biwo ki fè resansman pou Leta yo rive detèmine kantite moun ki nan yon relijyon, yo annik mande moun yo nan ki relijyon yo ye. Pa egzanp, Biwo resansman nan peyi Etazini fè konnen lè y ap fè resansman, yo “chèche konnen si moun nan konsidere tèt li kòm yon moun ki nan yon relijyon”, e li di tou rezilta yo jwenn yo baze sou “sa moun yo panse, men li pa baze sou reyalite a”. Nou menm, moun nou konte kòm Temwen Jewova yo se sèlman moun ki preche lòt moun e ki remèt yon rapò sou sa, se pa moun ki annik di yo se Temwen.
[Nòt]
a Yon ane sèvis kòmanse depi 1ye septanm pou rive 31 out nan lòt ane a. Pa egzanp, ane sèvis 2015 lan te kòmanse 1ye septanm 2014 e li te fini 31 out 2015.