KESYON JÈN YO KONN POZE
Ki sa pou m fè si m gen yon gwo pwoblèm sante? (3yèm pati)
Souvan, moun wè laj kote yon moun adolesan tankou laj kote jèn yo gen bon sante e yo parèt chaje ak enèji. Sepandan, gen kèk jèn ki vrèman gen gwo pwoblèm sante. Èske se ka pa w? Si se ka pa w, w ap jwenn ankourajman nan eksperyans V’loria, Justin ak Nisa. Yo toule twa se Temwen Jewova. Gade ki jan yo rive fè fas ak pwoblèm sante yo genyen ki fè yo vin fèb anpil.
V’loria
Mwen gen fibwomyalji depi lè m gen 14 an. Kounye a, mwen gen 20 an, m soufri atrit tou, m gen loupous, m soufri maladi Lim, yon kalite enfeksyon. Sa difisil pou w fè tout sa w vle fè lè w santi w fèb toutan. Pou kounye a, mwen paralize depi nan ranch mwen pou rive nan pye m e mwen sou yon chèz woulant.
Sa ki te pi mal pase pwoblèm fizik maladi m yo pote, sèke m te toujou ap boulvèse lespri m poutèt m pa t kapab fè bagay ki senp yo tankou ekri oubyen ouvri yon bokal. M te konn wè timoun k ap mache e m konn ap mande tèt mwen poukisa sa difisil konsa pou m fè sa tou. Mwen te santi m pa vo anyen.
Men erezman, m te jwenn èd nonsèlman bò kote manm fanmi m, men tou bò kote frè ak sè nan kongregasyon m. Frè ak sè yo ban m vizit souvan, sa fè m pa santi m poukont mwen twòp. Gen ladan yo ki konn envite m soti al kèk kote avèk yo, malgre se pa yon bagay ki fasil pou yo retire m nan chèz woulant lan pou yo ka fè m monte oubyen desann yon machin.
E sitou, moun ki granmoun nan kongregasyon an konn ede m plis toujou paske yo konn sa pwoblèm sante vle di. Yo ede m aksepte limit mwen yo e yo ede m pou m pa santi m koupab poutèt m pa ka fè sa lot jèn yo ka fè. Lè m nan reyinyon kongregasyon an oubyen lè m nan predikasyon, se lè sa yo m gen plis kè kontan (Ebre 10:25). Nan okazyon sa yo, mwen reyalize byenke m malad, m pa vrèman diferan ak lòt moun.
Mwen toujou sonje Jewova ban nou sa nou bezwen pou n andire. Pa egzanp, Bib la aprann nou menmsi kò yon moun ap depafini, moun li ye pa anndan an kapab “vin pi fre de jou an jou”. (2 Korentyen 4:16.) Wi, se konsa m santi m!
Fè yon ti reflechi: Si w ap soufri ak yon pwoblèm sante, poukisa sa enpòtan pou w chèche èd nan men lòt moun? Si w gen bon sante, ki jan w ka soutni yon moun ki malad? — Pwovèb 17: 17.
Justin
Mwen te tonbe atè e m pa t ka leve. Mwen te santi kè m ap sere epi m pa t ka bouje. Yo te kouri avè m lopital nan sal ijans. Okòmansman, doktè yo pa t ka wè sa m genyen. Men, apre divès konplikasyon, yo te rive jwenn ki maladi m genyen an, se maladi Lim.
Maladi Lim nan afekte sistèm nè mwen. Mwen toujou ap tranble, kèk fwa gwo tranble m pa menm ka kontwole, malgre sa fè plizyè ane depi yo te dekouvri m gen maladi sa a. Gen de jou, kò m tèlman fè m mal oubyen dwèt mwen tèlman fè m mal, m pa menm ka bouje yo. Se tankou tout jwenti nan kò m yo wouye.
M konn ap reflechi: ‘Mwen twò jèn pou m malad’ e sa konn fè m fache. M konn ap plede mande Bondye chak jou: “Poukisa m ap viv sitiyasyon sa a?” Mwen te menm kòmanse santi Bondye abandone m. Men lè sa a, m te panse ak Jòb nan Bib la. Jòb pa t konprann nèt poukisa li t ap viv tout eprèv sa yo, men li te rete fidèl ak Jewova. Si Jòb te ka ret fidèl malgre gwo gwo pwoblèm li te rankontre, m kapab fè menm bagay la tou.
Ansyen nan kongregasyon m ye a soutni m anpil. Yo toujou chèche konn kòman m ye e ki jan m santi m. Youn nan ansyen yo te di m mwen ka rele l chak fwa m bezwen pale, nenpòt lè a. Mwen di Jewova mèsi pou kalte zanmi sa yo! — Ezayi 32:1, 2.
Pafwa, lè nou gen gwo pwoblèm sante, nou bliye verite klè sa a: Jewova konnen sa n ap pase yo. Bib la di: “Lage chay ou sou Jewova, l ap soutni w.” (Sòm 55:22). Se sa m ap chèche fè chak jou.
Fè yon ti reflechi: Ki jan lòt moun ki renmen w ka ede w andire pwoblèm sante ou genyen? Pwovèb 24:10; 1 Tesalonisyen 5:11.
Nisa
Lè m te nan mitan adolesans mwen, doktè te dekouvri m te gen sendwòm Mafan, yon twoub ki gen efè sou jwenti nan kò m, li rann yo fèb. Sendwòm Mafan an ka gen efè tou sou kè yon moun, je l, oubyen lòt ògàn enpòtan ki nan kò l. Se pa chak jou m ap soufri ak doulè, men lè m gen doulè, soufrans lan ka rèd.
Lè doktè te fèk dekouvri maladi m nan, m te kriye anpil. M t ap enkyete m poutèt m pa t ap ka fè aktivite m renmen fè yo. Pa egzanp, m renmen danse. M te pè sa demen ka pote pou mwen, m t ap imajine petèt yon jou m ka pa ka danse ankò paske m gen twòp doulè, e petèt menm m ka pa ka mache ankò.
Gran sè m nan te vrèman soutni m. Li te ede m pase faz sa a kote m t ap plenyen mizè m. Li te di m m pa dwe kite laperèz anvayi m paske sa ap fini ak lavi m. Li te ankouraje m tou pou m priye toutan, paske si gen yon moun ki konnen e ki konprann egzakteman sa m ap andire a, se Jewova. — 1 Pyè 5:7.
Yon vèsè ki ankouraje m anpil se Sòm 18:6, li di: “Lè m te nan pwoblèm, mwen te rele nan pye Jewova, Mwen te kontinye kriye nan pye Bondye m nan pou m mande l sekou. Detan l nan tanp li an, li te tande vwa m, E rèl mwen fè pou m mande l sekou a te rive nan zòrèy li.” Vèsè sa a te ede m konprann lè m priye Jewova pou m mande l ede m andire, l ap tande m e l ap ede m. Li toujou la pou mwen.
Mwen te aprann pa gen anyen mal si yon moun tris, e menm santi l fache, lè l ap fè fas ak yon gwo pwoblèm paske santiman sa yo nòmal (depi nou pa kite yo pran tout fòs nou oubyen gate zanmitay nou ak Bondye). Se pa Bondye ki lakòz pwoblèm nou yo, e depi nou ba l premye plas nan lavi nou, li pap janm abandone nou. — Jak 4:8.
Fè yon ti reflechi: Èske nou dwe blame Bondye poutèt soufrans nou yo? — Jak 1:13.