KESYON JÈN YO KONN POZE
Èske l vrèman enpòtan pou moun gen savwa viv?
‘Moun pa ouvè pòt pou mwen, poukisa m dwe fè sa pou yo?’
‘Èske pa gen bagay ki pi enpòtan pase di “tanpri,” “mèsi”, ak “eskize m”?’
‘M pa oblije gen savwa viv lè m ak frè m ak sè m. Nou se fanmi!’
Èske w dakò ak youn nan fraz sa yo? Si w dakò, konnen ou pèdi byenfè ki genyen lè yon moun gen savwa viv!
Sa w dwe konnen sou savwa viv
Savwa viv ka ede w amelyore lavi w nan twa domèn:
Repitasyon w. Fason w boule ak lòt moun ka fè yo byen wè w oswa mal wè w. Si w byennelve, lòt moun ap wè w kòm yon moun ki gen matirite e ki responsab, e y ap byen boule avè w tou! Sepandan, si w manke lizaj, lòt moun ap wè se tèt ou sèlman w wè, e sa ka fè w rate posiblite pou w jwenn yon travay, oswa lòt avantaj. Men sa Bib la di: “Moun ki mechan an rale lawont sou tèt li.” — Pwovèb 11:17; nòt.
Relasyon w ak zanmi w. Men sa Bib la: “Abiye nou ak lanmou, paske li se yon chenn ki ini moun yon fason ki san fay.” (Kolosyen 3:14). Verite sa a sitou enpòtan nan kesyon fè zanmi. Moun renmen moun ki byennelve e ki byen boule avèk yo. Dayè, kiyès ki renmen ret bò kot moun ki malelve oswa ki gen move jan?
Fason moun aji avè w. Men sa yon jèn dam ki rele Jennifer di: “Si w toujou aji ak jantiyès, avèk letan, ou ka wè menm moun ki toujou gen move jan vin byen boule avè w.” Nòmalman, si w malelve, moun ka pa janti avè w. Bib la di: “Se ak mezi nou mezire a y ap mezire pou nou.” — Matye 7:2.
Sa w dwe sonje: Nou pran kontak ak moun chak jou. Fason w boule ak moun gen efè sou fason yo wè w ak fason yo aji avè w. Angwo, savwa viv vrèman enpòtan!
Sa k ap ede w amelyore
Egzamine tèt ou pou w wè si w gen ‘savwa viv’. Mande tèt ou: ‘Èske m pale ak granmoun avèk respè? Èske m gen abitid di “tanpri”, “mèsi”, oswa “eskize m”? Èske m ap fè lòt bagay pandan lòt moun ap pale avè m, petèt menm, m ap li oswa m ap reponn mesaj? Èske m trete paran m yo, frè ak sè m yo, avèk respè, oubyen èske m mal aji avèk yo jis paske “nou se fanmi”?’
Bib la di: “Pran devan nan onore youn lòt.” — Women 12:10.
Fikse objektif. Ekri twa bagay ou ta renmen amelyore. Pa egzanp, Allison, yon tifi ki gen 15 an di: “M ta renmen pi byen koute olye m plede pale.” David ki gen 19 an di li bezwen fè efò pou l sispann voye tèks lè l ansanm ak fanmi l oswa zanmi l. Li di sa se yon “mank respè”. “Se kòmsi m t ap di yo mwen t ap pito pale ak yon lòt moun olye m pale avèk yo.” Edward ki gen 17 an di li bezwen sispann entèwonp moun lè y ap pale. Jennifer nou te pale de li pi wo a te pran detèminasyon pou l montre li gen lizaj ak moun ki aje yo. Li di: “Mwen te konn jis ‘salye’ yo, epi m chèche yon rezon pou m al pale ak jèn parèy mwen. Men, kounye a, mwen pran plis tan pou m aprann konnen yo. Sa fè m vin gen plis savwa viv!”
Bib la di: “Pa chèche enterè pa nou sèlman, men [...] chèche enterè pa lòt moun tou.” — Filipyen 2:4.
Kontwole pwogrè w fè. Pandan yon mwa, veye sou pawòl ou oswa konduit ou nan domèn ou vle amelyore a. Nan fen mwa a, mande tèt ou: ‘Lefètke m te montre m gen savwa viv, ki jan sa fè m vin yon pi bon moun? Nan ki domèm ankò mwen bezwen amelyore?’ Fikse lòt objektif k ap ede w fè sa.
Bib la di: “Sa nou ta renmen moun fè pou nou, se menm bagay la nou dwe fè pou yo.” — Lik 6:31.