Èske lanfè egziste toutbon? Selon Labib, ki sa lanfè ye?
Repons Bib la bay
Anpil ansyen tradiksyon Labib, tankou Labib wa Jak la, sèvi ak mo “lanfè” a nan kèk vèsè (Sòm 16:10; Travay 2:27a). Jan imaj ki nan atik sa a ki baze sou ansèyman relijyon yo montre sa, anpil moun kwè lanfè se yon kote yo pini mechan yo nan yon dife ki pap janm etenn. Men, èske se sa Labib anseye?
Nan atik sa a
Ki sans parabòl Jezi te bay konsènan mesye rich la ak Laza a genyen?
Èske lanfè vle di moun ki mouri yo pa gen relasyon ak Bondye?
Èske lanfè se yon kote pou moun soufri pou toutan?
Non. An jeneral, mo orijinal lè yo tradui l ki bay “lanfè” nan kèk ansyen tradiksyon Labib (ann ebre: “Cheyòl”; an grèk: “Adès”) fè referans ak “Tonm”, ki se tonm kote tout moun ki mouri yo ale a. Bib la montre moun ki nan “Tonm” yo nan yon eta kote yo pa egziste ankò.
Mò yo pa konn anyen, donk, yo pa ka soufri. “Pa gen ni travay, ni rezon, ni sajès, ni konesans, nan lanfè.” (Eklezyas 9:10, Douay-Rheims Version, anglè). Lanfè se pa yon kote moun ap rele paske yo nan soufrans. Olye de sa, Bib la di: “Se pou mechan yo wont, e se pou yo ret an silans nan tonm nan [lanfè, Douay-Rheims].” — Sòm 31:17; Labib wa Jak, anglè (30:18, Douay-Rheims); Sòm 115:17.
Bondye te fè konnen se lanmò ki pinisyon pou peche, se pa al soufri nan yon dife lanfè. Bondye te di Adan, premye gason an, l ap jwenn lanmò kòm pinisyon paske l dezobeyi lwa Bondye (Jenèz 2:17). Li pa t di anyen ki gen rapò ak soufri pou toutan nan lanfè. Annapre, lè Adan te vin peche, Bondye te di l ki sa l t ap jwenn kòm pinisyon: “Se pousyè w ye, w ap retounen nan pousyè.” (Jenèz 3:19). Li t ap sispann egziste. Si Bondye te gen entansyon voye Adan nan dife lanfè, sandout, li t ap di sa. Bondye pa chanje pinisyon ki rezève pou moun ki dezobeyi lwa l yo. Yon bon tan apre Adan te fin peche a, Bondye te enspire youn nan moun ki te ekri nan Bib la pou l di: “Sa yon moun jwenn pou peche l fè se lanmò.” (Women 6:23). Li pa nesesè pou yo ajoute lòt pinisyon, paske “yon moun ki mouri peye pou peche l”. — Women 6:7.
Kesyon pou moun soufri pou toutan an bay Bondye degoutans. (Jeremi 32:35.) Ide pou moun soufri pou toutan an an kontradiksyon ak ansèyman nou jwenn nan Bib la ki fè nou konnen “Bondye se lanmou”. (1 Jan 4:8.) Li vle pou nou adore l paske nou renmen l, men, se pa paske nou pè pou n pa al soufri pou toutan. — Matye 22:36-38.
Gen bon moun ki te ale nan lanfè. Tradiksyon Bib ki sèvi ak mo “lanfè” a fè konnen kèk mesye ki te fidèl ak Bondye, tankou Jakòb ak Jòb, te atann yo prale nan lanfè (Jenèz 37:35; Jòb 14:13). Menm Jezi te ale nan lanfè ant lè l te mouri ak lè l te resisite a (Travay 2:31, 32). Sa klè, lè Bib la sèvi ak mo “lanfè” a, li tou senpleman fè referans ak Tonmb.
Ki sans parabòl Jezi te bay konsènan mesye rich la ak Laza a genyen?
Se Jezi ki te bay parabòl sa a nou jwenn nan Lik 16:19-31. Parabòl yo se egzanp ki anseye nou yon seri leson moral e fason Bondye wè bagay yo. Parabòl mesye rich la ak Laza se pa t yon bagay ki te rive toutbon (Matye 13:34). Pou w aprann plis sou parabòl sa a, gade atik ki gen tit “Kiyès mesye rich la ak Laza te ye?”
Èske lanfè vle di moun ki mouri yo pa gen relasyon ak Bondye?
Non. Doktrin ki fè konnen mò yo kapab pran konsyans yo separe ak Bondye a an kontradiksyon ak Bib la, ki fè konnen byen klè moun ki mouri yo pa konn anyen. — Sòm 146:3, 4; Eklezyas 9:5.
Èske gen moun ki te deja sot nan lanfè?
Wi. Bib la bay detay konsènan nèf moun ki te ale nan Tonm (mo lè yo tradui l, yo konn mete “lanfè” pou li a nan kèk tradiksyon Labib) e ki te retounen viv ankòc. Si yo te konsyan pandan tan yo te pase nan lanfè a, sandout, yo t ap kapab pale de eksperyans yo te fè pandan yo te ladan l lan. Yon bagay enteresan, sèke pa gen youn nan nèf moun sa yo ki fè konnen yo te soufri oswa yon lòt bagay kèlkonk te rive. Sa k fè sa? Paske jan Bib la toujou anseye sa, yo pa t konn anyen, se kòmsi yo te nan yon gwo “dòmi”. — Jan 11:11-14; 1 Korentyen 15:3-6.
a Anpil nan tradiksyon Labib modèn yo pa itilize mo “lanfè” a nan Travay 2:27. Olye de sa, kèk nan yo sèvi ak ekspresyon tankou “tonm nan”, (New Century Version); “kote mò yo ye a”, (Bib la, La Bible du Semeur); “nan peyi mò” (Bib Kreyòl La). Gen lòt ki tou senpleman itilize mo grèk “Adès” la, selon lèt nan alfabè lang lan. — La Bible de Jérusalem, New American Standard Bible, La Sainte Bible, par John Darby.
b Gade kare “Mo yo nan lang orijinal yo te ekri Bib la”.