BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • ijwbq atik 51
  • Èske Labib ka ede fanmi m viv ak kè kontan?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Èske Labib ka ede fanmi m viv ak kè kontan?
  • Repons Bib la bay
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Repons Bib la bay
  • Apre jou maryaj la
    Fason pou n rete nan lanmou Bondye
  • “Se pou tout moun onore maryaj”
    “Rete nan lanmou Bondye”
  • Toujou respekte angajman ou te pran lè w te marye a
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2009
  • Prepare w pou maryaj ou reyisi
    Sekrè pou gen kè kontan nan yon fanmi
Gade plis
Repons Bib la bay
ijwbq atik 51

Èske Labib ka ede fanmi m viv ak kè kontan?

Repons Bib la bay

Wi. Men kèk konsèy ki gen sajès ki baze sou Bib la ki deja ede plizyè milyon gason ak fi pou fanmi yo gen kè kontan:

  1. Marye selon lalwa. Yon maryaj ki fèt selon lalwa se yon angajman pou lavi e se baz pou yon fanmi gen kè kontan. — Matye 19:4-6.

  2. Demontre lanmou ak respè. Sa vle di tou aji ak moun ou marye avè l la fason ou menm ou ta renmen l aji avè w. — Matye 7:12; Efezyen 5:25, 33.

  3. Evite di pawòl ki blesan. Pale yon fason ki janti, menmsi moun ou marye avè l la di oswa fè yon bagay ki fè w mal (Efezyen 4:31, 32). Jan Bib la di sa nan Pwovèb 15:1: “Yon repons ki dous kalme kòlè, men, yon pawòl ki rèd fè moun an kòlè.”

  4. Se pou n fidèl youn ak lòt. Se sèl ak moun ou marye avè l la ou dwe fè womans e se sèl pou li ou dwe gen atirans seksyèl (Matye 5:28). Labib di: “Se pou tout moun onore maryaj, e se pou kabann maryaj la san salte.” — Ebre 13:4.

  5. Demontre lanmou lè w ap leve pitit ou. Veye pou w pa ni sitirè ni twò sevè. — Pwovèb 29:15; Kolosyen 3:21.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2026)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2026 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje