Pou ki bagay mwen ka priye?
Repons Bib la bay
Ou ka priye pou nenpòt bagay ki konfòm ak volonte Bondye, jan Bib la montre sa. “Kèlkeswa sa nou mande l selon volonte [Bondye], li tande nou.” (1 Jan 5:14). Èske w ka pale avè l sou enkyetid ou yo? Wi. Bib la di: “Ouvri kè nou [bay Bondye].” — Sòm 62:8.
Kèk bagay ou ka priye pou yo
Pou w gen lafwa nan Bondye. — Lik 17:5.
Pou lespri sen, oswa fòs Bondye itilize pou l aji a, ede w fè sa ki byen. — Lik 11:13.
Pou w jwenn fòs pou w fè fas ak pwoblèm ou genyen e pou w reziste devan tantasyon. — Filipyen 4:13.
Pou w gen lapè nan lespri w e pou w rete kalm. — Filipyen 4:6,7.
Pou w gen sajès pou w ka pran bon desizyon. — Jak 1:5.
Pou ede w jwenn sa w bezwen pou jounen an. — Matye 6:11.
Pou w jwenn padon pou peche w yo. — Matye 6:12.