Ki jan Temwen Jewova yo trete moun ki te fè pati relijyon yo?
Nou fè efò pou n montre tout moun nou respekte yo, nou renmen yo epi nou demontre bonte pou yo. Si gen yon Temwen Jewova ki sispann adore Jewova regilyèman oubyen ki sispann adore Jewova nèt, n ap chèche pale avè l pou n asire l nou renmen l, e si l vle, n ap ede l vin pwòch Bondye ankòa. — Lik 15:4-7.
Nan kèk ka, sa yon moun ap fè ka fè yo retire l nan kongregasyon an (1 Korentyen 5:13). Sepandan, piske nou renmen moun k ap adore Bondye ansanm avèk nou yo anpil, n ap fè efò pou n ede l pou yo pa retire l nan kongregasyon an. Menmsi yo retire l nan kongregasyon an, n ap kontinye montre nou renmen l e nou respekte l, jan Bib la ankouraje nou pou n fè sa. — Mak 12:31; 1 Pyè 2:17.
Ki sa k ka fè yo retire yon moun nan kongregasyon an?
Bib la pale klè lè l esplike si yon kretyen t ap fè yon peche grav e li pa vle chanje, yo dwe retire l nan kongregasyon an (1 Korentyen 5:11-13)b. Bib la byen esplike ki peche ki tèlman grav ki ka fè yo retire yon moun nan kongregasyon an. Pa egzanp, Bib la pale sou konduit tankou adiltè, moun k ap bwè pou l sou, moun ki asasen, moun k ap fè vyolans sou konjwen l oubyen moun k ap vòlè. — 1 Korentyen 6:9, 10; Galat 5:19-21; 1 Timote 1:9, 10.
Sepandan, se pa otomatikman n ap retire yon moun nan kongregasyon an si l fè yon peche ki grav. Premye bagay ansyen yo nan kongregasyon anc pral fè se ede moun nan chanje konduit li (Women 2:4). Yo ankouraje moun nan fè chanjman lè yo trete l ak dousè, yo janti avè l epi yo demontre bonte pou li (Galat 6:1). Lè yo trete yon moun ki fè yon peche grav konsa, petèt li ka rann li kont li fè yon erè epi li repanti (2 Timote 2:24-26). Men, si menm lè ansyen yo fè anpil efò pou yo ede moun nan, li kontinye fè sa Bib la di ki pa bon e li pa repanti, y ap oblije retire l nan kongregasyon an. Ansyen yo ap fè yon anons tou senp pou fè kongregasyon an konnen moun nan pa Temwen Jewova ankò.
Avèk dousè, jantiyès e bonte, ansyen yo eseye ankouraje yon moun fè chanjman
Ki rezilta sa bay lè yo retire yon moun ki chwazi kontinye fè peche nan kongregasyon an? Youn nan bon rezilta sa bay, sèke tout moun nan kongregasyon an montre yo soutni prensip Bondye yo ki mande pou yo rete pwòp moralman epi yo pwoteje kongregasyon an kont move enfliyans moun nan t ap pote (1 Korentyen 5:6; 15:33; 1 Pyè 1:16). Anplis, petèt moun ki fè peche grav la ka sispann peche epi fè efò pou l fè chanjman. — Ebre 12:11.
Ki jan Temwen Jewova yo trete moun yo retire nan kongregasyon an?
Bib la di yon kretyen dwe “sispann frekante” yon moun yo retire nan kongregasyon an, li “pa menm manje ak yon moun konsa”. (1 Korentyen 5:11.) Donk, nou pa chèche pase tan ak yon moun yo retire nan kongregasyon an. Sepandan, nou pa vire do bay moun nan nèt. Nou respekte l. Moun nan ka santi l alèz pou l asiste reyinyon nou yo kote Temwen Jewova yo ka salye ld. Moun nan ka menm mande ansyen yo pou yo ede l retounen nan kongregasyon an.
Nou byen akeyi moun yo retire nan kongregasyon an ki vin asiste reyinyon nou yo
Men, ki sa k pral rive si moun yo retire nan kongregasyon an toujou gen madanm li, mari l oubyen timoun ki toujou Temwen Jewova? Se vre, moun nan pap adore Jewova ankò ansanm ak fanmi li, men, l ap toujou gen yon relasyon ak manm fanmi li yo. Piske y ap viv nan menm kay, l ap toujou gen yon relasyon ak madanm li oubyen mari l e ak pitit li yo, epi yo tout ap kontinye demontre lanmou youn pou lòt.
Yon moun yo retire nan kongregasyon an ka mande pou ansyen yo vizite l. Lè ansyen yo vizite moun nan, y ap sèvi ak Bib la pou yo ba l konsèy epi y ap pale avèk lanmou pou ankouraje l repanti e retounen vin jwenn Bondye (Zakari 1:3). Si l sispann fè sa ki pa bon epi l montre li vle viv ann amoni ak prensip ki nan Bib la, li ka retounen vin fè pati kongregasyon an ankò. Moun nan kongregasyon an ap ‘dispoze padone l e konsole l’ menm jan kretyen nan vil Korent yo te fè sa lè yon moun ki te konn fè peche te chanje. — 2 Korentyen 2:6-8.
Ki jan moun ki retounen yo santi yo ye kounye a?
Gade sa kèk Temwen Jewova yo te retire yo nan kongregasyon an, men ki te pran desizyon pou yo retounen vin jwenn Bondye annapre di.
“Lè m te pran desizyon pou m retounen nan kongregasyon an, m te panse ansyen yo t ap mande m ki sa m te fè pandan tout dizèn ane depi yo retire m nan kongregasyon an. Olye de sa, yo te jis di m: ‘Nou vle w konsantre sou sa w ap fè kounye a.’ Lè yo di m sa, m te santi m alèz.” — Maria, Etazini.
“Moun nan kongregasyon an te kontan lè m te retounen. M te santi m gen valè nan je yo. Frè ak sè m yo nan kongregasyon an te ede m wè ni Jewova ni yo menm te padone m epi sa te ede m pwogrese. Ansyen yo te toujou la pou ede m repran fòs. Yo te ban m konsolasyon e yo te ede m wè jan m toujou gen valè nan je Jewova e li toujou renmen m.” — Malcom, Syera Leyòn.
“Mwen santi m kontan piske m wè jan Jewova tèlman renmen pèp li a, li vle pou l òganizasyon l lan rete pwòp nan domèn moral. Sa ka sanble yon bagay ki di lè Temwen Jewova yo retire yon moun nan kongregasyon an, men an reyalite, se yon bagay ki nesesè e se yon aksyon ki montre lanmou. Mwen rekonesan dèske Papa nou ki nan syèl la demontre lanmou e li se yon Bondye ki konn padone.” — Sandi, Etazini.
a Byenke nou pale tankou se konsènan gason yo nan atik la, enfòmasyon ki ladan l yo konsène ni gason ni fi.
b Anvan nou te konn di yo eskominye moun ki pa repanti a, men, kounye a, nou sèvi ak pawòl nou jwenn nan Bib la e nou di yo retire l nan kongregasyon an.
c Ansyen se mesye ki fidèl e ki gen eksperyans k ap sèvi ak Bib la pou ede epi ankouraje pèp Jewova a. Yo pa peye yo pou travay y ap fè a. — 1 Pyè 5:1-3.
d Nan kèk ka ki vrèman mal, yon moun ka pa sèlman kite kongregasyon an, men moun nan ap travay pou l kraze oubyen dekouraje moun ki toujou nan kongregasyon an, epitou li ka ap ankouraje lòt moun fè sa ki mal. Lè yon sitiyasyon konsa rive, n ap suiv kòmandman ki nan Bib la kote l mande pou n “pa salye” yon moun konsa. — 2 Jan 9-11.