KESYON JÈN YO KONN POZE
Èske m dwe batize? — 1ye pati: Sa batèm vle di
Chak ane, gen plizyè jèn ki leve antanke Temwen Jewova e ki batize. Èske w ap reflechi sou etap sa a? Si repons ou se wi, toudabò, li nesesè pou w byen konprann sa sa vle di pou w vwe lavi w e pou w batize.
Ki sa batèm vle di?
Batèm yo pale de li nan Bib la gen yon siyifikasyon senbolik, li mande pou yo plonje tout kò moun nan anba dlo, se pa annik wouze moun nan ak dlo.
Lè yo plonje w anba dlo a devan tout moun, sa montre ou pap viv pou fè w plezi sèlman ankò.
Lè yo leve w sot nan dlo a, sa montre ou kòmanse yon lòt vi nan objektif pou w fè Bondye plezi.
Lè w batize, ou fè konnen devan tout moun se Jewova ki gen dwa pou l tabli prensip sou sa ki bon ak sa ki mal e w pwomèt w ap mennen lavi w volontèman ann amoni ak fè sa l vle.
Fè yon ti reflechi: Sa k fè w ta dwe vle fè konnen devan tout moun desizyon ou pran pou w obeyi lwa Jewova bay yo? Gade 1 Jan 4:19 ak Revelasyon 4:11.
Ki sa vwe Jewova lavi m vle di?
Anvan w batize, ou dwe vwe lavi w bay Jewova an prive. Ki jan w ka fè sa?
Nan yon priyè w ap fè an prive, w ap pwomèt Jewova pou w sèvi l nètale. W ap fè l konnen w ap fè sa l mande kèlkeswa sa k rive oswa kèlkeswa sa lòt moun deside fè.
Lè w batize, sa montre lòt moun ou deja vwe lavi w bay Jewova an prive. Sa fè lòt moun konnen ou pap viv pou tèt ou ankò, men w ap viv pou w sèvi Jewova. — Matye 16:24.
Fè yon ti reflechi: Sa k fè lavi w vin pi bèl lè se pou Jewova w ap viv? Gade Ezayi 48:17, 18 ak Ebre 11:6.
Poukisa li enpòtan pou m batize?
Se Jezi ki te di yon moun dwe batize pou l vin disip li (Matye 28:19, 20). Se sa k fè li toujou nesesè pou yon moun batize si l vle vin kretyen. Anfèt, Bib la di pou yon moun sove, li dwe batize. — 1 Pyè 3:21.
Men, se lanmou ou genyen pou Jewova ak valè ou bay relasyon ou genyen avè l ki ta dwe pouse w batize. Ou dwe gen menm panse ak youn nan moun ki te ekri Sòm yo, li te di: “Ki sa m ka bay Jewova pou tout byen li fè pou mwen? […] M ap envoke non Jewova. M ap respekte pwomès mwen te fè Jewova yo.” — Sòm 116:12-14.
Fè yon ti reflechi: Ki bon bagay Jewova fè pou ou e ki jan w ka montre w gen rekonesans? Gade Detewonòm 10:12, 13 ak Women 12:1.