BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • ijwbq atik 183
  • Ki sa Bib la di sou fè zanmi?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki sa Bib la di sou fè zanmi?
  • Repons Bib la bay
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Repons Bib la bay
  • Ki sa k ka fè yon moun se yon bon zanmi?
  • Ki bèl egzanp nou jwenn nan Bib la konsènan moun ki te zanmi?
  • Èske yon moun ka zanmi Bondye?
  • Fason pou nou konsève amitye nou genyen nan monn sa a ki san lanmou
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2009
  • Pwovèb 17:17 — “Yon bon zanmi demontre lanmou toutan”
    Esplikasyon sou kèk vèsè
  • Fè zanmi ak moun ki renmen Bondye
    Fason pou n rete nan lanmou Bondye
  • Ou kapab zanmi Jewova
    Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
Gade plis
Repons Bib la bay
ijwbq atik 183
Plizyè zanmi ki gen divès laj ki chita toutotou yon dife bwa. Youn nan yo ap jwe gita.

Ki sa Bib la di sou fè zanmi?

Repons Bib la bay

Lè nou gen zanmi, sa ka ede n gen kè kontan e sa ka ede n reyisi nan lavi a tou. Bon zanmi gen bon efè youn sou lòt e youn ka ede lòt vin pi bon moun. — Pwovèb 27:17.

Men, Bib la fè n konprann li enpòtan pou n byen chwazi zanmi n yo. Li ban nou avètisman sou malè ki ka rive si nou gen move zanmi (Pwovèb 13:20; 1 Korentyen 15:33). Zanmi konsa ka pouse yon moun pran move desizyon oubyen yo ka fè l pèdi bèl kalite l te genyen.

Nan atik sa a

  • Ki sa k ka fè yon moun se yon bon zanmi?

  • Ki bèl egzanp nou jwenn nan Bib la konsènan moun ki te zanmi?

  • Èske yon moun ka zanmi Bondye?

  • Kèk vèsè nan Bib la ki pale de fè zanmi

Ki sa k ka fè yon moun se yon bon zanmi?

Bib la montre se pa sèl lè de moun enterese nan menm bagay ki vle di yo se bon zanmi. Men, li montre gen bagay ki pi enpòtan ki ka fè de moun bon zanmi. Pa egzanp, Sòm 119:63 di: “Mwen se zanmi tout moun ki gen lakrentif pou oua ak moun ki obeyi lòd ou yo.” Remake moun ki te ekri vèsè sa a di se moun ki gen lakrentif pou Bondye e ki viv selon prensip Bondye yo, li chwazi pou zanmi.

Epitou, Bib la montre kalite yon bon zanmi dwe genyen. Men kèk ladan yo:

  • “Yon bon zanmi demontre lanmou toutan e li se yon frè yo ka konte sou li lè gen malè.” — Pwovèb 17:17.

  • “Gen zanmi ki prèt pou kraze youn lòt, men, gen zanmi ki pi fidèl pase yon frè.” — Pwovèb 18:24.

Vèsè sa yo montre yon bon zanmi se yon moun ki fidèl, ki gen lanmou, ki janti e ki renmen bay. Yon bon zanmi se yon moun nou ka konte sou li lè n gen pwoblèm. Yon bon zanmi ap gen kouraj tou pou l di nou si nou sou yon move pant oubyen si nou pral pran move desizyon. — Pwovèb 27:6, 9.

Ki bèl egzanp nou jwenn nan Bib la konsènan moun ki te zanmi?

Bib la gen plizyè egzanp moun ki te bon zanmi. Yo pa t gen menm laj, yo pa t gen menm edikasyon, yo pa t gen menm kilti e yo pa t nan menm pozisyon. Ann pale sou twa nan egzanp sa yo.

  • Rit ak Nawomi. Rit te bèlfi Nawomi, epi li posib Nawomi te pi gran lontan pase Rit. Mete sou sa, yo pa t gen menm kilti. Malgre tout diferans sa yo, yo te bon zanmi e youn te renmen lòt. — Rit 1:16.

  • David ak Jonatan. Menm lè Jonatan te gen 30 an anplis David, Bib la di David ak Jonatan “te vin bon zanmi”. — 1 Samyèl 18:1.

  • Jezi ak apot li yo. Jezi te gen otorite sou apot li yo paske li te mèt yo e li te konn anseye yo (Jan 13:13). Men, li pa t janm wè disip yo kòm moun ki pa merite pou l vin zanmi yo. Okontrè, Jezi te bon zanmi ak tout moun ki te dispoze suiv ansèyman l yo. Li te di: “Mwen rele nou zanmi, paske mwen fè nou konnen tout bagay mwen tande Papa m di.” — Jan 15:14, 15.

Èske yon moun ka zanmi Bondye?

Wi, li posib pou yon moun zanmi Bondye. Bib la di: “Li bon zanmi ak moun ki dwat.” ​(Pwovèb 3:32). Sa vle di moun Bondye chwazi pou zanmi l se moun ki fè efò pou konduit yo toujou kòrèk, pou yo demontre respè pou lòt moun, e ki viv lavi yo selon prensip Bondye yo. Pa egzanp, Abraram se yon moun ki te gen lafwa e nan Bib la yo rele l zanmi Bondye. — 2 Kwonik 20:7; Ezayi 41:8; Jak 2:23.

a Kontèks Sòm sa a montre “ou” ki nan vèsè sa a fè referans ak Bondye.

Kèk vèsè nan Bib la ki pale de fè zanmi

Sòm 119:63: “Mwen se zanmi tout moun ki gen lakrentif pou ou ak moun ki obeyi lòd ou yo.”

Sa l vle di: Nou dwe chwazi zanmi k ap adore Bondye e ki vle viv ann amoni ak prensip li yo.

Pwovèb 3:32: “Jewovab pa vle wè moun k ap fè sa k pa sa, men, li bon zanmi ak moun ki dwat.”

Sa l vle di: Moun ki vle vin zanmi Bondye dwe fè efò pou yo viv yon fason ki onèt e yo dwe obeyi prensip moral Bondye yo nan lavi yo.

Pwovèb 13:20: “Moun ki mache ak moun ki gen sajès ap vin gen sajès, men, moun ki annafè ak moun ki sòt, sa ap mal pou li.”

Sa l vle di: Moun ki zanmi yon moun ka pouse l fè bon bagay oubyen yo ka detenn sou li pou l fè sa k pa sa.

Pwovèb 17:17: “Yon bon zanmi demontre lanmou toutan e li se yon frè yo ka konte sou li lè gen malè.”

Sa l vle di: Bon zanmi ede youn lòt nan bon kou nan move moman.

Pwovèb 18:24: “Gen zanmi ki prèt pou kraze youn lòt, men, gen zanmi ki pi fidèl pase yon frè.”

Sa l vle di: Yon bon zanmi pap janm trayi konfyans yon moun. Men, yon bon zanmi se yon moun ki fidèl, nou ka fè konfyans e ki gen lanmou.

Pwovèb 27:6: “Yon zanmi ki fidèl ap korije w menm lè sa pa fè w plezi.”

Sa l vle di: Yon bon zanmi pa ezite pou l korije n lè sa nesesè.

Pwovèb 27:17: “Menm jan fè file fè, se konsa tou yon moun ka ede yon zanmi l vin pi bon.”

Sa l vle di: Bon zanmi yo ede youn lòt pou yo vin pi bon moun.

b Jewova se non Bondye jan Bib la fè konn sa.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2026)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2026 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje