BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w20 novanm p. 8-11
  • Jewova rekonpanse sèvitè l ki tounen nan peyi yo

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Jewova rekonpanse sèvitè l ki tounen nan peyi yo
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2020
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • “BON KOTE POU MOUN ‘FÈ LAPÈCH’”
  • FÈ DISIP BAY KÈ KONTAN
  • JEWOVA TE PRAN SWEN YO
  • NOU KONTAN LÈ NOU EDE MOUN VWE JEWOVA LAVI YO
  • “NOU TE FÈ EGZAKTEMAN SA N TE DWE FÈ”
  • “M aprann anpil bagay nan men lòt moun!”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2021
  • Yon vi ki bay satisfaksyon nan sèvis Jewova
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2024
  • Yo te ofri tèt yo volontèman
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2017
  • Fason nou kapab fè plis nan sèvis n ap bay Bondye a
    Nou òganize pou nou fè volonte Jewova
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2020
w20 novanm p. 8-11
Onésime ak Géraldine k ap preche yon moun k ap vann nan yon magazen nan zòn yo ye a.

Onésime ak Géraldine

Jewova rekonpanse sèvitè l ki retounen nan peyi yo

GEN anpil frè ak sè ki te kite peyi yo pou y al chèche fè plis kòb nan lòt peyi e ki retounen nan peyi yo. Piske yo renmen Jewova e yo renmen pwochen yo, yo deside al viv kote ki bezwen plis pwoklamatè Wayòm nan (Mat. 22:37-39). Ki sakrifis yo te fè e ki benediksyon yo jwenn? Pou nou jwenn repons lan, ann pale de Kamewoun, yon peyi ann Afrik delwès.

“BON KOTE POU MOUN ‘FÈ LAPÈCH’”

An 1998, gen yon frè ki rele Onésime ki te kite Kamewoun, peyi kote l fèt la, pou l al viv nan lòt peyi. Li te fè 14 an nan peyi etranje. Yon jou, pandan l te nan reyinyon, li te tande yon egzanp sou travay predikasyon an. Men sa oratè a te di: “Si de zanmi ap fè lapèch men yo pa menm kote, e youn pran plis pwason pase lòt, èske zanmi ki pa pran anpil pwason an pap deplase pou l al fè lapèch kote ki gen plis pwason an?”

Egzanp sa a te fè Onésime panse retounen Kamewoun, kote ki gen anpil moun ki ta renmen etidye Labib, pou ede pwoklamatè nan zòn nan. Men, Onésime te enkyè. Li t ap mande tèt li èske li t ap ka adapte l nan peyi l, apre l te fin fè tout ane sa yo ap viv nan peyi etranje? Pou l te ka wè si l t ap ka pran desizyon sa a, li t al pase sis mwa Kamewoun. Epi, an 2012, li te retounen al viv Kamewoun.

Men sa Onésime fè konnen: “Mwen te oblije adapte m ak chalè a e ak fason moun yo viv. Nan Sal Wayòm nan, mwen te oblije aprann chita sou ban ankò, e ban yo te di.” Men sa l te di pandan l t ap souri: “Plis mwen te konsantre sou reyinyon yo, se plis mwen te sispann panse ak bon chèz konfòtab ki te gen nan Sal Wayòm mwen te konn ale yo.”

An 2013, Onésime te marye ak Géraldine, ki te retounen Kamewoun apre l te fin pase nevan ap viv nan peyi Lafrans. Ki jan Jewova te rekonpanse yo poutèt yo te bay volonte l premye plas nan lavi yo? Men sa Onésime di: “Nou te asiste Lekòl pou evanjelizatè Wayòm nan ansanm e nou t al sèvi nan Betèl. Nan ane ki sot pase a, gen 20 etidyan Labib nan kongregasyon nou ki te batize. Kounye a, mwen santi mwen bon kote pou moun ‘fè lapèch’ la.” ​(Mak 1:17, 18). Men sa Géraldine ajoute: “Mwen jwenn plis benediksyon pase sa m te panse.”

FÈ DISIP BAY KÈ KONTAN

Judith ak Sam-Castel k ap preche yon mesye sou yon plaj.

Judith ak Sam-Castel

Judith t al viv Ozetazini, men li te vle fè plis pou Jewova. Men sa l fè konnen: “Lè m al vizite fanmi m Kamewoun, chak fwa m ap kite yo mwen kriye, paske mwen oblije kite plizyè moun m te kòmanse etidye Labib avèk yo.” Men, Judith te yon ti jan renka pou l retounen al viv Kamewoun. Li t ap touche anpil kòb nan travay li, e sa te pèmèt li pran swen papa l ki te malad ki t ap viv Kamewoun. Sepandan, Judith te met konfyans li nan Jewova e li te retounen nan peyi l. Li admèt li te sonje kèk avantaj li te jwenn lè l t ap viv nan peyi etranje. Li te priye Jewova pou l ede l adapte l, e li te jwenn ankourajman nan men yon siveyan sikonskripsyon ak madanm li.

Men sa Judith di lè l ap reflechi sou desizyon l te pran an: “Nan twazan, mwen te kontan ede kat moun pou yo batize.” Judith te vin pyonye espesyal. Jodi a, li menm ak mari l, Sam-Castel, nan sèvis sikonskripsyon. Men, e papa Judith? Judith ak moun nan fanmi l te rive jwenn yon lopital nan yon lòt peyi ki te dispoze peye pou operasyon papa l te gen pou l fè. Erezman operasyon an te reyisi.

JEWOVA TE PRAN SWEN YO

Victor ak Caroline k ap preche yon mesye sou yon plas piblik.

Caroline ak Victor

Gen yon frè ki rele Victor ki t al viv nan peyi Kanada. Apre l fin li yon atik Toudegad ki t ap pale sou fè gwo etid, sa te fè l reflechi sou sitiyasyon l. Li te kite inivèsite a pou l al aprann yon bagay ki pran mwens tan nan yon lekòl pwofesyonèl. Men sa l di: “Sa te pèmèt mwen jwenn yon travay pi vit, e mwen te rive fè sa m te toujou vle fè a, anpalan de pran sèvis pyonye.” Annapre, Victor te marye ak Caroline e yo t al vizite Kamewoun. Pandan yo t ap vizite biwo filyal la, yo te jwenn ankourajman pou yo egzamine posiblite pou yo vin sèvi nan peyi Kamewoun. Men sa Victor di: “Nou pa t wè poukisa pou n ta di non. E kòm nou t ap mennen yon vi senp, nou te kapab aksepte envitasyon an.” Malgre Caroline te gen kèk pwoblèm sante, yo te deside fè deplasman an.

Victor ak Caroline te kòmanse sèvi kòm pyonye pèmanan pou yo ede tout moun yo jwenn ki enterese nan Bib la. Pandan yon tan, yo te viv ak ekonomi yo te genyen. Apre sa, yo t al fè kèk mwa ap travay nan peyi Kanada, e sa te pèmèt yo retounen Kamewoun pou yo te kontinye sèvi kòm pyonye. Ki benediksyon yo te jwenn? Yo t al nan Lekòl pou evanjelizatè Wayòm nan, yo te sèvi kòm pyonye espesyal, e kounye a, yo se sèvitè nan konstriksyon. Men sa Victor di: “Lefètke nou te kite vi konfòtab nou t ap mennen an, nou te konte sou Jewova, e li te pran swen nou.”

NOU KONTAN LÈ NOU EDE MOUN VWE JEWOVA LAVI YO

Stéphanie ak Alain ki kanpe bò kot yon charyo piblikasyon e k ap preche yon dam.

Stéphanie ak Alain

An 2002, Alain, ki t ap etidye nan yon inivèsite nan peyi Almay, te li feyè ki gen tit Jeunes gens, qu’allez-vous faire de votre vie? Sa l te li yo te ankouraje l fikse lòt objektif. An 2006, li t al nan Lekòl fòmasyon ministeryèl, e apre sa, yo te voye l Kamewoun, peyi kote l te fèt la.

Pandan Alain Kamewoun, li te jwenn yon travay ki pa t pran tout tan l. Annapre, li te vin jwenn yon travay ki peye pi byen, men, li t ap mande tèt li si l t ap gen ase tan pou l preche epi anseye jan l te konn fè sa anvan. Donk, lè yo te mande l pou l al sèvi kòm pyonye espesyal, li te aksepte san ezite. Patwon Alain an te ofri l plis kòb, men, Alain te kenbe desizyon l te pran an. Annapre, Alain te marye ak Stéphanie, ki te fè plizyè ane ap viv an Frans. Ki pwoblèm Stéphanie te jwenn lè l t al viv Kamewoun?

Men sa Stéphanie di: “Mwen te vin gen plizyè ti pwoblèm sante ak alèji. Men, m te degaje m pou m jwenn tretman regilyèman e m te jwenn soulajman.” Jewova te rekonpanse mari ak madanm sa a pou andirans yo. Men sa Alain fè konnen: “Lè n t al preche nan yon zòn andeyò ki rele Kate, nou te jwenn plizyè moun ki te vle etidye Labib. Annapre, nou te kontinye fè etid yo nan telefòn. De nan etidyan sa yo te batize e te vin gen yon ti gwoup pwoklamatè nan zòn nan.” Men sa Stéphanie ajoute: “Se pa ti kè kontan sa bay lè nou ede moun vwe Jewova lavi yo! Pandan n ap preche isit la, nou viv sa plizyè fwa.” Jodi a, Alain ak Stéphanie nan sèvis sikonskripsyon.

Avantaj ki genyen lè w ap preche nan peyi w

“Nou deja konnen kilti peyi a ak mantalite moun yo. Moun yo pi alèz avè n pase etranje yo, e li pi fasil pou n pale ak yo.” — Alain

“Li pi fasil pou n al kèk kote nan peyi a, alòske sa t ap pi difisil pou yon etranje.” — Stéphanie

“NOU TE FÈ EGZAKTEMAN SA N TE DWE FÈ”

Léonce ak Gisèle k ap preche yon dam sou yon pon.

Léonce ak Gisèle

Gisèle te batize pandan l t ap etidye medsin ann Itali. Mari ak madanm ki te etidye Labib avè l la te pyonye e yo t ap mennen yon vi senp. Sa te gen gwo efè sou Gisèle, e sa te fè l anvi fè plis nan travay predikasyon an. Konsa, Gisèle te kòmanse sèvi kòm pyonye pèmanan lè l te prèske fin etidye medsin.

Gisèle te vle retounen Kamewoun pou l ka fè plis pou Jewova. Men, li te gen kèk enkyetid. Men sa l di: “Mwen t ap oblije remèt rezidans yo te ban m pou m viv nan peyi Itali a e m t ap oblije kite zanmi ak fanmi mwen genyen k ap viv Itali yo.” Aktout sa, an me 2016, Gisèle te retounen al viv Kamewoun. Kèk tan apre, li te marye ak Léonce, e biwo filyal Kamewoun nan te mande yo pou y al preche Ayòs, yon vil ki bezwen plis pwoklamatè Wayòm nan.

Ki jan lavi a te ye nan vil Ayòs? Men sa Gisèle fè konnen: “Souvan, nou konn pase plizyè semèn san kouran, e nou konn pa ka chaje telefòn nou. Anpil fwa, telefòn yo pa mache. Mwen te aprann kuit manje sou dife bwa, e nou te konn al chèche dlo nan nuit sou bourèt ak flach nan men nou lè pa gen anpil moun nan sous la.” Ki jan mari ak madanm sa a te degaje yo? Men sa Gisèle di: “Jewova te ede nou grasa lespri li. Mwen menm ak mari m, youn te ede lòt. E fanmi nou ak zanmi nou te konn ankouraje nou, e pafwa yo te konn ban n ti kòb.”

Èske Gisèle kontan dèske l te retounen nan peyi l? Men sa l di: “Wi! Pa gen okenn dout nan sa. Okòmansman te gen difikilte e n te santi n dekouraje. Men, yonfwa mwen menm ak mari m te rive rezoud pwoblèm sa yo, nou te santi nou te fè egzakteman sa n te dwe fè. Nou fè Jewova konfyans e nou santi nou vin pi pwòch avè l.” Léonce ak Gisèle t al nan Lekòl pou evanjelizatè Wayòm nan, e kounye a, yo pyonye espesyal tanporè.

Menm jan ak pechè pwason ki pa pè travay nan move kondisyon pou yo ka pran anpil pwason, moun ki chwazi retounen nan peyi yo fè sakrifis pou yo ede moun ki sensè ki byen reyaji lè yo tande mesaj Wayòm nan. Se sèten Jewova pap bliye pwoklamatè sa yo k ap travay di, paske yo demontre lanmou pou non l (Ney. 5:19; Ebre 6:10). Si w ap viv nan peyi etranje e yo bezwen plis pwoklamatè Wayòm nan nan peyi w, èske w ka retounen? Si w fè sa, Jewova ap rekonpanse w. — Pwo. 10:22.

Ki jan yo te fè sa?

Si w ap reflechi pou w wè si w ap ka retounen nan peyi w, gade sa k te ede frè ak sè yo pale de yo nan atik sa a.

  • Ki sa w ka jwenn?

    “Prepare w pou w fè fas ak presyon ansanm ak dekourajman ou ka jwenn nan men fanmi w ak zanmi w ki gen bon entansyon. Konte sou Jewova.” — Alain

  • Ki jan w ka prepare w?

    “M pa kwè m te janm priye anpil konsa pandan tout vi m.” — Gisèle

    “Mwen te fè ekonomi yon fason pou m pa t depann de lòt moun.” — Géraldine

    “Mwen t al kay doktè pou m fè yon egzamen jeneral pou m asire m sante m anfòm.” — Stéphanie

  • Ki jan w ap fè jwenn mwayen pou w viv?

    “Okòmansman, mwen te sèvi ak ekonomi m te genyen. Annapre, mwen te fè kou nan yon lekòl segondè, epi mwen te aprann fè savon pou m vann.” — Géraldine

    “Nou te konn fè dous lèt pou vann, e nou te konn bay yo nan boutik pou n te ka gen yon ti kòb anplis.” — Gisèle

    “Mwen te konn tradui dokiman sou Entènèt.” — Onésime

  • Ki jan w ka pwoteje tèt ou?

    “Mwen te chwazi abite yon kote ki gen sekirite ki toupre frè ak sè yo.” — Géraldine

    “Mwen toujou gen yon moun avè m lè m ap preche.” — Gisèle

    “Mwen pa soti poukont mwen leswa. Epitou, mwen pa soti ak bagay ki gen anpil valè.” — Stéphanie

    “Mwen pa t mache di moun mwen sot nan peyi etranje, e pou m pa t atire atansyon sou mwen, mwen te konn viv menm jan ak tout moun.” — Judith

  • Ki sa w ka fè pou w kontinye gen kè kontan e pou w jwenn bon rezilta?

    “Nou te aprann adapte nou. Nou toujou sonje poukisa nou te vin isit la e nou ret konsantre sou sa ki pozitif.” — Victor

    “Mwen te aprann kontante m.” — Alain

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2026)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2026 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje