TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | EGZÒD 39-40
Moyiz te byen suiv enstriksyon yo
Moyiz te byen pran san l pou l suiv enstriksyon detaye Jewova te ba l sou fason pou l konstwi tabènak la e pou l monte l. Menm jan an tou, nou dwe koute tout enstriksyon òganizasyon Jewova a ban nou epi obeyi yo san pèdi tan e ak tout kè nou. Nou dwe fè sa menmsi enstriksyon sa yo ta sanble pa enpòtan oubyen nou pa konprann rezon ki fè yo bay yo. — Lk 16:10.
Poukisa n dwe koute epi byen suiv enstriksyon yo ban nou . . .
nan reyinyon predikasyon yo?
anrapò ak preparasyon n ap fè pou ijans medikal?
sou fason pou n prepare n pou katastwòf natirèl?