TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | EGZÒD 37-38
Enpòtans lotèl yo ki te nan tabènak la te genyen
Yo te fè lotèl yo ki te nan tabènak la selon enstriksyon Jewova te bay, e lotèl yo te gen yon siyifikasyon espesyal.
Menm jan ak lè yo t ap boule lansan ki te byen malanje a, Jewova aksepte priyè sèvitè l yo fè e li pran plezi ladan yo
Jewova te aksepte sakrifis yo te konn fè sou lotèl ki te la pou sakrifis yo boule nèt yo. Kote lotèl la te ye devan tabènak la fè n sonje nou bezwen gen lafwa nan sakrifis Jezi te bay kòm ranson an pou n fè Bondye plezi. — Jan 3:16-18; Eb 10:5-10
Ki jan nou ka prepare priyè nou yo tankou lansan devan Bondye? — Sm 141:2