TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | EGZÒD 31-32
Kouri pou idolatri
Sanble fason Ejipsyen yo te panse sou adorasyon zidòl te enfliyanse Izrayelit yo. Jodi a, idolatri ka pran plizyè fòm. Li kapab difisil pou n rekonèt kèk nan fòm sa yo. Byenke nou ka pa adore zidòl dirèkteman, nou kapab vin tonbe nan idolatri, si nou kite dezi egoyis nou yo anpeche n kontinye adore Jewova ak tout nanm nou.
Ki aspè nan lavi m ap mennen chak jou ki kapab anpeche m kontinye adore Jewova, e ki jan m ka anpeche yo vin bagay ki pi enpòtan pou mwen?