LAVI NOU ANTANKE KRETYEN
Ki sa w ka aprann nan men kretyen ki gen eksperyans yo?
Nan kongregasyon nou yo, nou gen frè ak sè ki gen anpil ane depi y ap sèvi Jewova. Nou ka aprann sou fason yo konte sou Jewova nèt. Nou ka mande yo rakonte nou istwa òganizasyon Jewova a ak fason Jewova te ede yo fè fas ak pwoblèm yo te rankontre. Nou ka menm envite youn nan moun sa yo ki gen anpil valè nan yon sware adorasyon an fanmi pou l ka pataje eksperyans li avèk nou.
Si w se yon kretyen ki gen eksperyans, santi w alèz pou w pale ak kretyen ki pi jèn yo sou lafwa w. Jakòb ak Jozèf te pataje eksperyans yo fè avèk desandan yo (Jen 48:21, 22; 50:24, 25). Annapre, Jewova te mande chèf fanmi yo pou yo fè pitit yo konnen gwo aksyon l te fè yo (Dt 4:9, 10; Sm 78:4-7). Jounen jodi a, paran yo ak lòt moun nan kongregasyon an ka fè jenerasyon k ap vini an konnen bèl bagay yo te wè Jewova fè nan òganizasyon l lan.
GADE VIDEYO KI GEN TIT YO VIV NAN TÈT ANSANM MALGRE ENTÈDIKSYON, EPI REPONN KESYON KI ANNAPRE YO:
Kòman filyal Otrich la te ede frè nou yo nan kèk peyi kote yo te entèdi travay nou an?
Kòman frè nan peyi sa yo te rive kenbe lafwa yo solid?
Poukisa anpil pwoklamatè nan peyi Woumani te kite òganizasyon Jewova a, e kòman yo te retounen?
Kòman eksperyans sa yo fè lafwa w vin pi solid?
Chèche jwenn trezò espirityèl nan men frè ak sè ki gen eksperyans yo!