TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | JENÈZ 48-50
Moun ki aje yo gen anpil bagay pou yo aprann nou
Lè frè ak sè ki aje yo ap rakonte nou “gwo aksyon” yo wè Jewova fè pou pèp li a nan dènye jou sa yo, sa fè lafwa n gen nan Jewova ak nan pwomès li yo vin pi solid (Sm 71:17, 18). Si w gen moun ki aje nan kongregasyon w lan, se yon benediksyon sa ye. Mande yo rakonte w:
fason Jewova te ede yo kontinye sèvi l menm lè yo te jwenn pwoblèm
fason yo santi yo lè yo wè kantite pwoklamatè yo pa sispann ogmante tank ane yo ap pase
kè kontan yo te genyen lè yo te resevwa eklèsisman sou fason n te konprann verite ki nan Bib la
amelyorasyon yo wè ki vin genyen nan òganizasyon Jewova a