Pwogram pou semèn 10 out
SEMÈN 10 OUT
Kantik 61 ak priyè
Etid biblik kongregasyon an:
cl chap. 28 § 18-21, kare p. 347 (30 min.)
Lekòl ministè teyokratik:
Lekti Labib: 1 Wa 21-22 (8 min.)
No 1: 1 Wa 22:13-23 (3 minit oubyen mwens)
No 2: Ki jan w ka vin pi pwòch ak Bondye? — nwt p. 32 § 1-4 (5 min.)
No 3: Dalila — Tèm: Lanmou pou lajan ka mennen nan trayizon — it-1-F p. 581-582 (5 min.)
Reyinyon sèvis:
Tèm pou mwa a: “Kanta pou mwen menm ak fanmi m, se Jewova n ap sèvi.” — Joz. 24:15.
10 min: “Kanta pou mwen menm ak fanmi m, se Jewova n ap sèvi.” Diskou. Li baze sou tèm pou mwa a. Li Detewonòm 6:6, 7; Jozye 24:15; ak Pwovèb 22:6 epi fè aplikasyon yo. Mete aksan sou pwen sa a: Mari yo ak papa yo dwe pran latèt nan aktivite espirityèl yo. Atire atansyon moun yo sou divès zouti òganizasyon an mete a dispozisyon nou pou l ede fanmi yo. Bay yon apèsi sou kèk pati nan reyinyon sèvis pou mwa a, epi montre relasyon yo genyen ak tèm pou mwa a.
20 min: “Chèche vin pi maton nan travay predikasyon an: Fòme nouvo yo.” Konvèsasyon. Mande moun nan oditwa a kòman paran yo ka aplike prensip ki nan atik la lè y ap ede pitit yo fè pwogrè nan domèn espirityèl? Fè yon demonstrasyon kote yon papa ap prepare yon prezantasyon ak ti pitit gason l oubyen ak ti pitit fi l.
Kantik 93 ak priyè