Pwogram pou semèn 8 jen
SEMÈN 8 JEN
Kantik 6 ak priyè
Etid biblik kongregasyon an:
cl chap. 25 § 17-21, kare p. 311 (30 min.)
Lekòl ministè teyokratik:
Lekti Labib: 2 Samyèl 19-21 (8 min.)
No 1: 2 Samyèl 19:24-37 (3 minit oubyen mwens)
No 2: Ki jan w ka gen kè kontan? — igw-F p. 22 § 1-3 (5 min.)
No 3: Caïphe — Tèm: Moun ki koupab dèt san e ki opoze ak laverite pap janm reyisi — it-1-F p. 379 (5 min.)
Reyinyon sèvis:
Tèm pou mwa a: “Sonje tan lontan.” — Det. 32:7.
10 min: “Sonje tan lontan.” Diskou. Li baze sou tèm pou mwa a. Li Detewonòm 4:9; 32:7 ak Sòm 71:15-18 epi fè ti pale sou yo. Esplike jan evanjelizatè nan epòk nou an jwenn byenfè lefètke yo sonje ni moun ni evènman ki nan istwa teyokratik nou. Konseye pwoklamatè yo pou yo egzamine sijè ki parèt nan Toudegad, nan ribrik “Bagay ki nan achiv nou”, pandan sware adorasyon an fanmi an. Fè yon ti pale sou kèk pati nan reyinyon sèvis pou mwa a, apre sa fè yon konvèsasyon kote n ap pale sou fason pati sa yo gen rapò ak tèm nan.
20 min: “Chèche vin pi maton nan travay predikasyon an: Sèvi ak bwochi Bon nouvèl Bondye bay la! pou n kòmanse etid nan papòt kay.” Konvèsasyon. Se siveyan sèvis la ki pou fè l. Pale sou pwen enteresan nan rapò sèvis la ki montre posiblite kongregasyon an genyen pou yo kondui plis etid biblik. Mande yon pwoklamatè ki gen eksperyans pou l fè yon demonstrasyon kote l ap kòmanse yon etid biblik nan yon papòt kay, l ap sèvi ak prezantasyon yo bay nan kare a. Ankouraje tout moun pou yo kòmanse yon etid biblik nan papòt kay ak moun ki pa envite yo antre lakay yo.
Kantik 29 ak priyè