Pwogram pou semèn 20 avril
SEMÈN 20 AVRIL
Kantik 3 ak priyè
Etid biblik kongregasyon an:
cl chap. 23 § 10-18 (30 min.)
Lekòl ministè teyokratik:
Lekti Labib: 1 Samyèl 23-25 (8 min.)
No 1: 1 Samyèl 23:13-23 (3 minit oubyen mwens)
No 2: Ki pwomès Bib la fè konsènan lavni? — igw-F p. 16 § 1-3 (5 min.)
No 3: Barouk (No 1) — Tèm: Ann sèvi Jewova yon fason ki pa egoyis — it-1-F p. 272 (5 min.)
Reyinyon sèvis:
Tèm pou mwa a: Mache tankou moun ki saj lè “nou byen sèvi ak tan nou.” — Efe. 5:15, 16.
15 min: “Fason pou n bay temwayaj lè nou sèvi ak stann pou n ekspoze piblikasyon yo.” Konvèsasyon. Fè demonstrasyon sa a: Gen de pwoklamatè ki kanpe bò yon charyo oubyen bò yon tab. Gen youn nan yo ki annik souri ak moun k ap pase a. Apre sa, lòt pwoklamatè a souri ak pwochen moun ki vin ap pase a. Lè moun nan avanse kote l li poze moun nan yon kesyon epi li kòmanse yon bèl konvèsasyon avè l. Ki jan nou ka sèvi ak metòd sa a menm lè nou pap sèvi ak yon stann pou n ekspoze piblikasyon yo?
15 min: Rasanbleman ki te fèt regilyèman e ki te bay kè kontan. Konvèsasyon. Li baze sou Toudegad 15 septanm 2012, paj 31-32, paragraf 15-19. Chofe moun yo pou kongrè rejyonal ki pral vini an. Sèvi ak pwogram ki sou sit jw.org/ht a pou w eveye enterè moun yo pou sa yo pral prezante nan kongrè a. Ankouraje tout moun pou y al gade sa k ap gen nan pwogram nan depi alavans.
Kantik 75 ak priyè