Pwogram pou semèn 2 septanm
SEMÈN 2 SEPTANM
Kantik 47 ak priyè
□ Etid biblik kongregasyon an:
bt chap. 14 § 11-20 (30 min.)
□ Lekòl ministè teyokratik:
Lekti Labib: 1 Korentyen 1-9 (10 min.)
No 1: 1 Korentyen 4:18–5:13 (4 minit oubyen mwens)
No 2: Lè nou rankontre yon moun pou premye fwa oubyen nou rive yon kote premye fwa epi nou gen enpresyon nou te wè l deja, èske sa pwouve reyenkanasyon pou sa? — rs-F p. 305 § 4–p. 307 § 2 (5 min.)
No 3: Ki jan yon kretyen ka toujou gen lajwa malgre li malad? — Fil. 4:6, 7 (5 min.)
□ Reyinyon sèvis:
10 min: Kèk sijesyon sou fason pou nou ofri peryodik yo nan mwa septanm nan Konvèsasyon. Pran ant 30 a 60 segonn pou w fè yon ti pale sou kèk atik ki enterese moun nan tèritwa a. Apre sa, atire atansyon moun nan oditwa a sou seri atik ki nan kòmansman Toudegad la. Mande yo ki kesyon yo ka poze pou yo eveye enterè moun yo e ki vèsè yo ka itilize nan yon prezantasyon. Fè menm jan an pou Réveillez-vous! a. Si gen tan pou sa, poze moun yo menm kesyon yo pou yon lòt atik ki nan yon lòt peryodik. Fè yon demonstrasyon sou fason yo ka ofri chak peryodik.
10 min: Bezwen kongregasyon an.
10 min: Imite egzanp Banabas. Konvèsasyon. Envite moun nan oditwa a pou yo di antanke pwoklamatè lè yo imite egzanp Banabas kòman sa ka ede yo.
Kantik 65 ak priyè