Pwogram pou semèn 8 jiyè
SEMÈN 8 JIYÈ
Kantik 43 ak priyè
□ Etid biblik kongregasyon an:
bt chap. 12 § 1-8, kare p. 96 (30 min.)
□ Lekòl ministè teyokratik:
Lekti Labib: Travay 15-17 (10 min.)
No 1: Travay 16:16-34 (4 minit oubyen mwens)
No 2: Poukisa yon kretyen ka kontan lè y ap pèsekite l? — Mat. 5:11, 12 (5 min.)
No 3: Lè apot Pòl te di y ap “anlve” kretyen yo pou yo ansanm ak Seyè a, de ki sa l t ap pale? — rs-F p. 130 § 2–p. 131 § 1 (5 min.)
□ Reyinyon sèvis:
10 min: Metòd pou nou preche bon nouvèl la: Ede moun ki enterese yo vin nan òganizasyon Jewova a. Diskou. Li baze sou liv Organisés a, paj 99 paragraf 2-4. Envite moun nan oditwa a pou yo fè ti pale sou fason yo itilize bwochi Volonte Jewova a pou yo ede etidyan yo vin nan òganizasyon Jewova a.
10 min: Mete Jewova aleprèv pou nou jwenn benediksyon jiskaske pa gen nesesite ankò (Mal. 3:10). Fè entèvyou ak de oubyen twa pyonye pèmanan. Ki sa yo pi renmen nan sèvis pyonye? Ki jan sèvis pyonye ede yo vin gen pi bon relasyon ak Jewova? Mande yo rakonte kèk bèl eksperyans yo te fè. Pou fini, ankouraje pwoklamatè yo pou yo reflechi sou posiblite pou yo vin pyonye pèmanan nan mwa septanm.
10 min: “Pran pwofèt yo kòm egzanp: Yowèl.” Kesyon ak repons.
Kantik 54 ak priyè