Pwogram pou semèn 8 avril
SEMÈN 8 AVRIL
Kantik 123 ak priyè
□ Etid biblik kongregasyon an:
bt chap. 7 § 9-13, kare p. 56 (30 min.)
□ Lekòl ministè teyokratik:
Lekti Labib: Lik 10-12 (10 min.)
No 1: Lik 12:1-21 (4 minit oubyen mwens)
No 2: Kòman nou ka esplike diferan karakteristik ki gen nan ras yo? — rs-F p. 296 § 1–p. 297 § 2 (5 min.)
No 3: Rezon ki fè nou konsidere Jewova kòm Papa nou — Mat. 6:9 (5 min.)
□ Reyinyon sèvis:
10 min: Nou ka yon sous ankourajman pou lòt moun (Wom. 1:11, 12). Konvèsasyon. Se siveyan sèvis la ki pou fè l. Di konbyen pyonye pèmanan ki gen nan kongregasyon an. Atire atansyon moun yo sou fason nou ka ede pyonye yo. Pa egzanp, lè nou felisite yo, lè nou travay ansanm ak yo nan ministè a, lè nou ede yo nan depans y ap fè pou transpò, lè nou envite yo manje lakay nou. Mande kèk pyonye pèmanan fè kòmantè sou fason lòt moun ankouraje yo. Si pa gen pyonye pèmanan nan kongregasyon an, fè sijè a pou pyonye oksilyè yo.
10 min: Repons pou kèk kesyon sou dènye jou yo. Konvèsasyon. Li baze sou liv Comment raisonner a, soti nan paj 96, paragraf 5 rive nan paj 98, paragraf 1. Sèvi ak youn nan sijesyon yo pou n fè yon demonstrasyon tou kout.
10 min: “Pran pwofèt yo kòm egzanp: Yona.” Kesyon ak repons.
Kantik 13 ak priyè