Chif enteresan nan rapò sèvis la
Nou kontan anpil pou nou anonse nou te gen yon total 40 258 moun ki te asiste 12 kongrè distri ki te fèt ann Ayiti nan ane 2009 la. Se premye fwa nou atenn chif sa a pou kongrè distri. Kantite batèm nan se 636. Antou, sa fè 1146 batèm nou anrejistre pou ane sèvis 2009 la. Chif sa a tou se yon nouvo maksimòm.