Anons
◼ Piblikasyon n ap ofri ann novanm: Ki sa Labib anseye toutbonvre ? Si moun nan deja genyen l, ofri l nenpòt liv 192 paj ki gen po mou oswa nenpòt liv ki te parèt anvan ane 1995. Desanm: Le plus grand homme de tous les temps. Si moun nou rankontre a gen timoun, n ap ofri l liv Koute gran anseyan an. Janvye: Ki sa Labib anseye toutbonvre ? Si moun nan genyen l deja, ofri l nenpòt liv 192 paj ki gen po mou oswa nenpòt liv ki te parèt anvan ane 1995.
◼ Nou kontan fè nou konnen 24 elèv 12èm klas Lekòl fòmasyon ministeryèl la te resevwa diplòm yo dimanch ki te 5 jiyè 2009 la nan Sal asanble a, Santo. Anmenmtan, n ap fè nou konnen 13èm klas la ap kòmanse 3 desanm 2009. N ap ankouraje tout ansyen ak asistan ministeryèl selibatè ki pa fiyanse e ki ranpli lòt kondisyon yo pou yo anvizaje asiste Lekòl fòmasyon ministeryèl.