Pwogram pou semèn 12 oktòb
SEMÈN 12 OKTÒB
□ Etid biblik kongregasyon an:
□ Lekòl ministè teyokratik:
Lekti Labib: Detewonòm 4-6
No 1: Detewonòm 4:15-28
No 2: Annou sonje Jewova ak Pitit Gason l lan (lr chap. 37)
No 3: Ki lè nou ka di li pi bon pou nou pa gen anpil? (Pwo. 15:16)
□ Reyinyon sèvis:
5 min: Anons.
10 min: Se pou nou kondui etid biblik. Yon diskou ki baze sou enfòmasyon ki nan liv Organisés a, soti nan paj 98, paragraf 1, rive nan paj 99, paragraf 1. Envite pwoklamatè yo pou yo fè kòmantè tou kout sou lajwa yo jwenn lè y ap anseye lòt moun laverite.
10 min: Òf pou mwa a. Fè de demonstrasyon sou fason pou nou prezante òf pou mwa a. Nan youn nan demonstrasyon yo, yon pwoklamatè ap soulve yon kesyon l ap gen pou l reponn lè l retounen vizite moun nan. Lòt pwoklamatè a ap fè yon demonstrasyon kote l ap montre fason pou n kòmanse yon etid biblik depi premye fwa nou rankontre moun nan. Apre chak demonstrasyon, fè yon konvèsasyon tou kout ak moun nan oditwa a pou w atire atansyon moun yo sou sa nou te aprann nan demonstrasyon an.
10 min: “Èske nou pare pou nou bay temwayaj enfòmèl?” Patisipasyon ak kesyon/repons.