Pwogram pou semèn 27 jiyè
SEMÈN 27 JIYÈ
□ Etid biblik kongregasyon an:
□ Lekòl ministè teyokratik:
Lekti Labib: Nonb 1-3
No 1: Nonb 3:1-20
No 2: Rezon ki fè dousè mande pou yon moun gen metriz
No 3: Kiyès ki Dye w? (lr chap. 27)
□ Reyinyon sèvis:
5 min: Anons.
10 min: Sèvi ak kesyon yon fason efikas. Konvèsasyon avèk oditwa a, li baze sou enfòmasyon ki nan liv École du ministère la, soti nan paj 236 rive nan paj 237, paragraf 2. Pran yon ti tan tou kout pou w fè demonstrasyon sou youn oswa de sijesyon nou jwenn nan liv la.
10 min: Entèvyouwe de oswa twa paran ki egzanplè. Ki jan yo fè pou yo leve defi yo genyen pou yo patisipe nan ministè a an fanmi? Ki sa yo te fè pou yo ede pitit yo pou yo patisipe avèk zèl nan ministè a? Ki jan yo sèvi ak tan yo pase nan adorasyon an fanmi pou yo ede pitit yo prepare pou patisipe nan ministè a?
10 min: “Annou bay Jewova louwanj chak jou.” Patisipasyon ak kesyon/repons.