Pwogram pou semèn 29 jen
SEMÈN 29 JEN
□ Etid biblik kongregasyon an:
□ Lekòl ministè teyokratik:
Lekti Labib: Levitik 14-16
Revizyon pou Lekòl ministè teyokratik
□ Reyinyon sèvis:
5 min: Anons.
10 min: Rezon ki fè li enpòtan pou nou gen yon aparans ki kòrèk. Konvèsasyon ak oditwa a, li baze sou liv École du ministère la, paj 131-134.
10 min: Chwazi sijè pou nou fè konvèsasyon biblik ak “tout kalite moun”. (1 Kor. 9:22.) Konvèsasyon ak oditwa a. Lè w ap egzamine kesyon ki vin apre yo, ou ka envite moun ki nan oditwa a pou yo di ki eksperyans yo te fè. Mande yo ki sijè yo te twouve ki enterese moun diferan tranch laj, ki enterese gason oubyen fi, oubyen ki enterese moun diferan relijyon. Ki jan nou ka sèvi ak liv Comment raisonner a pou nou chwazi sijè k ap atire divès kalite moun? Ki jan n ap montre nou fleksib lè moun nan vle egzamine yon sijè ki diferan parapò ak sa nou te prepare a?
10 min: Piblikasyon n ap ofri nan mwa jiyè ak out. Fè yon ti pale sou kèk nan piblikasyon n ap ofri pou mwa sa yo. Fè de oubyen twa demonstrasyon sou kèk nan prezantasyon ki ka efikas nan tèritwa kongregasyon an.