BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 12/08 p. 2
  • Pwogram reyinyon sèvis

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Pwogram reyinyon sèvis
  • Ministè Wayòm nan — 2008
  • Soutit
  • Semèn 8 desanm
  • Semèn 15 desanm
  • Semèn 22 desanm
  • Semèn 29 desanm
  • Reyinyon sèvis :
  • Semèn 5 janvye
Ministè Wayòm nan — 2008
km 12/08 p. 2

Pwogram reyinyon sèvis

Semèn 8 desanm

Kantik 7

10 min : Anons lokal. Fè yon ti pale tou kout sou prezantasyon yo bay kòm modèl nan paj 8 la pou La Tour de Garde 1ye desanm ak Réveillez-vous ! Desanm nan. Mande moun nan oditwa a ki te jwenn bon rezilta lè yo t ap ofri peryodik sa yo pou yo esplike fason yo te prezante yo. Ki atik yo te prezante, ki kesyon yo te poze e ki vèsè yo te li ?

15 min : Lekòl ministè teyokratik pou ane 2009. Diskou pou siveyan lekòl la fè. Pale sou pwen ki merite pou nou atire atansyon moun nan kongregasyon an sou yo. N ap jwenn pwen sa yo nan paj mitan Ministè Wayòm oktòb 2008 la. Fè yon ti pale sou wòl konseye adjwen an. Ankouraje tout moun pou yo byen prepare patisipasyon yo gen nan lekòl la e pou yo byen fè l, pou yo patisipe nan pwen enteresan lekti Labib la e pou yo aplike sijesyon yo bay chak semèn, sijesyon ki soti nan liv Tirez profit de l’École du ministère théocratique la.

20 min : “ Èske w sèvi ak liv Comment raisonner a ? ”a Lè w ap egzamine paragraf 4 la, mande yon pyonye oubyen yon lòt pwoklamatè kalifye pou l fè yon demonstrasyon tou kout sou fason nou ka itilize liv Comment raisonner a lè n ap preche kay an kay pou nou reponn kesyon sa a : ‘ Poukisa Temwen Jewova yo pa fete Nwèl ? ’

Kantik 3

Semèn 15 desanm

Kantik 178

10 min : Anons lokal. Bay kèk anons nou chwazi nan Ministè Wayòm sa a.

10 min : Sèvi ak repetisyon nan ministè a. Diskou ak patisipasyon oditwa a ki baze sou liv École du ministère la, paj 207. Fè youn oswa de demonstrasyon tou kout sou sijesyon nou jwenn nan liv la.

25 min : “ ‘ Bay yon temwayaj konplè ’ — Lè nou preche nan apatman yo. ”b Se siveyan sèvis la oubyen yon lòt ansyen ki pou fè patisipasyon sa a. Fè aplikasyon konsèy yo bay yo pou kongregasyon an.

Kantik 68

Semèn 22 desanm

Kantik 75

10 min : Anons lokal. Li rapò sou sèvis kont lan ak lèt remèsiman pou ofrann yo. Di ki piblikasyon n ap ofri an janvye, apre sa, fè yon ansyen fè yon demonstrasyon sou fason pou nou prezante l.

15 min : Prepare nou pou nou ofri Toudegad Janvye-mas la ak Réveillez-vous ! Janvye a. Konvèsasyon ak oditwa a. Apre w fin fè yon rezime tou kout sou de peryodik sa yo, mande moun nan oditwa a ki atik ki ka enterese moun nan tèritwa a, e poukisa. Site kèk nan atik sa yo, epi mande moun yo ki kesyon yo ta ka poze pou yo kòmanse yon konvèsasyon, apre sa, mande yo ki vèsè nan atik la yo ta ka li anvan yo ofri peryodik yo. Pou fini, fè de demonstrasyon pou w montre fason nou ka prezante chak peryodik sa yo. Sèvi ak prezantasyon yo bay kòm modèl nan paj 8 la oubyen sèvi ak lòt prezantasyon ki apwopriye pou tèritwa kongregasyon an.

20 min : “ Yon jou espesyal pou nou ofri moun yo etid biblik. ”c Di ki wikenn nan mwa janvye a kongregasyon an pral konsantre l sou aktivite ofri etid biblik la. Pale sou sijesyon ki nan paragraf 3 a, epi fè youn oubyen de demonstrasyon sou fason pou nou kòmanse etid biblik.

Kantik 55

Semèn 29 desanm

Kantik 60

Etid liv kongregasyon an :

lr-CR chap. 41 p. 212-216

Lekòl ministè teyokratik :

Lekti Labib : Revelasyon 15-22

Revizyon pou Lekòl ministè teyokratik

Reyinyon sèvis :

Kantik 153

5 min : Anons lokal.

10 min : Bezwen kongregasyon an.

20 min : “ Aktivite predikasyon an mande pou nou gen andirans. ”d Si gen tan pou sa mande moun nan oditwa a pou yo fè kòmantè sou vèsè yo bay kòm referans yo.

Kantik 66

Semèn 5 janvye

Kantik 15

Etid liv kongregasyon an :

lr-CR chap. 42 p. 217-221

Lekòl ministè teyokratik :

Lekti Labib : Jenèz 1-5

No 1 : Jenèz 3:1-15

No 2 : Rezon ki fè Jezi se te yon gran Anseyan (lr chap. 1)

No 3 : Ki bagay ki pa vanite ? (1 Kor. 15:58)

Reyinyon sèvis :

Kantik 43

Remak : Yo pa dwe egzamine enfòmasyon sou kongrè distri a anvan semèn 5 janvye a. Kongregasyon yo pa dwe chanje reyinyon sèvis pou semèn 5 janvye a pou yo fè l anvan sa, amwenske yo gen vizit siveyan sikonskripsyon.

5 min : Anons lokal.

10 min : Ann imite Jezi nan fason li te konsidere ministè a. Diskou ak patisipasyon oditwa a, li baze sou liv “ Vin suiv mwen ”, paj 84-86, paragraf 16-21.

20 min : “ Kongrè distri Temwen Jewova pou ane 2009. ”e Se sekretè kongregasyon an ki pou fè patisipasyon sa a. Anvan w egzamine atik la, li lèt 15 desanm 2008 la ki anonse nan ki kongrè yo envite kongregasyon an. Mete aksan sou enpòtans pou nou demontre fwi lespri a toutan. — Gal. 5:22, 23.

Kantik 49

[Nòt anba paj]

a Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye ak kesyon/repons.

b Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye ak kesyon/repons.

c Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye ak kesyon/repons.

d Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye ak kesyon/repons.

e Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye ak kesyon/repons.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2026)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2026 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje