BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 10/08 p. 3-6
  • Pwogram Lekòl ministè teyokratik pou ane 2009

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Pwogram Lekòl ministè teyokratik pou ane 2009
  • Ministè Wayòm nan — 2008
  • Soutit
  • ENSTRIKSYON
  • Pwogram
Ministè Wayòm nan — 2008
km 10/08 p. 3-6

Pwogram Lekòl ministè teyokratik pou ane 2009

ENSTRIKSYON

Pou ane 2009 la, men dispozisyon yo pran pou Lekòl ministè teyokratik :

PIBLIKASYON YO ITILIZE : Les Saintes Écritures — Traduction du monde nouveau [bi12], “ Toute Écriture est inspirée de Dieu et utile ” ​(Edisyon 1997) [si], Koute gran Anseyan an [lr], ak Comment raisonner à partir des Écritures (Edisyon 1989) [rs].

Lekòl la dwe kòmanse A LÈ avèk yon kantik ak yon priyè e kèk pawòl pou akeyi moun yo. L ap dewoule jan li pwograme pi ba a. Apre chak patisipasyon, siveyan lekòl la ap anonse patisipasyon k ap vin apre a.

PWEN ENTERESAN NAN LEKTI LABIB : 10 minit. Pandan kat premye minit yo, yon ansyen oubyen yon asistan ministeryèl kalifye ap egzamine kèk vèsè nan lekti Labib pou semèn nan. Ap gen yon eksepsyon lè lekti Labib pou semèn nan kòmanse nan premye chapit yon liv biblik. Nan ka sa yo, se nan liv Toute Ecriture la frè k ap fè patisipasyon an ap chwazi pwen pou l devlope pandan kat premye minit yo. Pa egzanp, nan semèn 5 janvye, nou pral egzamine senk premye chapit liv Jenèz la. Donk, oratè a prale nan liv Toute Écriture la, l ap chwazi kèk pwen kle nan paragraf ki entwodui liv Jenèz la. L ap aplike sijè a yon fason pou kongregasyon an tire pwofi. Kit pwen n ap egzamine yo soti nan lekti Labib pou semèn nan, kit se nan liv Toute Écriture la yo soti, objektif prensipal la se ede moun nan oditwa a wè poukisa enfòmasyon y ap egzamine yo enpòtan e ki jan enfòmasyon sa yo ka itil yo. Oratè a ap veye pou l pa depase kat minit yo prevwa pou premye pati a. L ap fè ansòt pou l kite sis dènye minit yo pou patisipasyon oditwa a. L ap envite oditwa a fè kòmantè tou kout (30 segonn maksimòm) sou sa yo te twouve ki enteresan nan lekti Labib la ak pwofi yo te tire ladan l. Apre sa, siveyan lekòl la ap mande tout elèv ki te gen asiyasyon nan lòt sal yo pou yo ale ladan yo.

EKSPOZE NO 1 : 4 minit maksimòm. Se yon frè k ap fè lekti sa a. Elèv la ap li pòsyon li gen pou l li a san li pa bezwen fè ni entwodiksyon ni konklizyon. Siveyan lekòl la ap veye espesyalman pou l ede elèv yo li kouramman, yon fason ki konpreyansib. L ap veye pou yo mete aksan kote yo dwe mete aksan, pou yo fè modilasyon, pou yo fè poz ki apwopriye e pou yo fè lekti a yon fason ki natirèl.

EKSPOZE NO 2 : 5 minit. Se yon sè y ap bay fè ekspoze sa a. Swa y ap tou bay elèv la yon kad, swa se li menm k ap chwazi youn nan kad ki nan paj 82 liv École du ministère la. Elèv la dwe sèvi ak tèm yo bay la, l ap aplike l nan yon fasèt nan ministè a yon fason ki reyalis e ki apwopriye pou tèritwa kongregasyon an. Lè yo pa bay referans, elèv la ap bezwen fè rechèch nan piblikasyon yo pou l jwenn enfòmasyon sou patisipasyon l lan. Yo dwe bay elèv ki fèk enskri nan lekòl la ekspoze ki ak tout referans. Siveyan lekòl la ap veye espesyalman sou fason elèv la ap devlope sijè a, sou jan l ap ede moun l ap pale avè l la rezone sou Ekriti yo, e l ap veye sou jan l ap ede moun nan konprann pwen kle ki gen nan ekspoze a. Se siveyan lekòl la k ap bay sè ki gen ekspoze sa a patnè.

EKSPOZE NO 3 : 5 minit. Y ap bay swa yon sè, swa yon frè fè ekspoze sa a. Elèv la dwe devlope tèm yo ba li nan asiyasyon an. Lè yo pa bay okenn referans, elèv la ap bezwen fè rechèch nan piblikasyon yo pou l jwenn enfòmasyon sou patisipasyon l lan. Lè se yon frè yo bay ekspoze sa a, l ap prezante l sou fòm yon diskou, toutpandan li gen moun nan oditwa a nan lespri l. Lè se yon sè k ap fè l, l ap suiv menm enstriksyon yo bay pou ekspoze no 2 a. Remak : Depi yon tèm gen yon asteriks devan l, se yon frè yo dwe toujou bay li e se pou l prezante l sou fòm yon diskou. Lè sa posib, li preferab pou yo bay yon ansyen oswa yon asistan ministeryèl fè diskou sa a.

KONSÈY : 1-2 minit. Siveyan lekòl la pap anonse alavans pwen elèv yo ap travay. Apre ekspoze no 1, no 2, ak no 3, siveyan lekòl la ap fè kèk remak pozitif sou yon aspè nan ekspoze a ki merite felisitasyon. L ap atire atansyon sou kèk rezon byen presi ki fè tèl ou tèl aspè nan prezantasyon an te itil, l ap fè referans souvan ak liv Tirez profit a. Selon bezwen chak elèv, apre reyinyon an oubyen nan yon lòt moman, li ka ba yo lòt konsèy an prive, konsèy ki ka ede yo.

TAN : Pyès diskou pa dwe depase tan yo prevwa pou l fèt la, ni remak siveyan lekòl la ap fè yo nonplis. Kit se nan ekspoze no 1, no 2, oubyen no 3, depi kantite tan yo prevwa pou ekspoze a fini, siveyan lekòl la ap stope elèv yo, men l ap fè sa avèk tak. Si frè k ap fè pwen enteresan nan lekti Labib la pran sou tan yo prevwa pou patisipasyon sa a, yo ta dwe ba l konsèy an prive. Tout moun dwe veye pou yo pa pran sou lè yo ba yo a. Antou pwogram nan dwe dire 30 minit, priyè ak kantik pa ladan l.

FICH KONSÈY : Li tou nan liv École du ministère la.

KONSEYE ADJWEN : Apa siveyan lekòl la, si gen yon lòt ansyen konpetan ki disponib, kolèj ansyen an ka chwazi l pou l jwe wòl konseye adjwen. Si gen ase ansyen konpetan nan kongregasyon an, chak ane yon lòt ansyen ka jwe wòl sa a. Konseye adjwen an ap gen responsablite pou l bay frè ki fè pwen enteresan nan lekti Labib la konsèy an prive, si sa nesesè. Li pa oblije bay konsèy chak fwa yon ansyen oubyen yon asistan ministeryèl fin fè patisipasyon sa a.

REVIZYON POU LEKÒL MINISTÈ TEYOKRATIK : 20 minit. Chak 2 mwa, siveyan lekòl la ap dirije revizyon an. L ap fèt apre pwen enteresan nan lekti Labib la ki dwe fèt jan yo esplike sa pi wo a. Revizyon an ap baze sou sa yo te egzamine nan lekòl la pandan de mwa ki fin pase yo, san wete sa yo te egzamine nan semèn revizyon an. Si kongregasyon an gen asanble sikonskripsyon oswa vizit siveyan sikonskripsyon nan semèn revizyon an, yo dwe ranvwaye revizyon an pou semèn apre a e se ekspoze 1-3 ki pwograme pou semèn apre a y ap fè. Yo pa dwe fè okenn chanjman nan pwogram lekti Labib pou semèn nan ni nan prezantasyon pwen enteresan lekti Labib la.

Pwogram

5 jan. Lekti Labib: Jenèz 1-5

No 1: Jenèz 3:1-15

No 2: Rezon ki fè Jezi se te yon gran Anseyan (lr chap. 1)

No 3: Ki bagay ki pa vanite? (1 Kor. 15:58)

12 jan. Lekti Labib: Jenèz 6-10

No 1: Jenèz 9:1-17

No 2: Fason pou nou reponn yon moun ki di li pa kwè nan Bondye (rs p. 111 § 1–p. 112 § 1)

No 3: Yon lèt Bondye ki renmen nou ekri nou (lr chap. 2)

19 jan. Lekti Labib: Jenèz 11-16

No 1: Jenèz 14:1-16

No 2: Moun ki kreye tout bagay la (lr chap. 3)

No 3: Ki jan Jewova modle nou? (Iza. 64:8)

26 jan. Lekti Labib: Jenèz 17-20

No 1: Jenèz 17:1-17

No 2: Rezon ki fè lèzòm pa rive etabli yon gouvènman ki jis (rs p. 172 § 1–p. 173 § 3)

No 3: Bondye gen yon non (lr chap. 4)

2 fev. Lekti Labib: Jenèz 21-24

No 1: Jenèz 22:1-18

No 2: ‘Se Pitit Gason mwen’ ​(lr chap. 5)

No 3: a Fason nou ka elaji nou nan lanmou nou gen pou lòt moun (2 Kor. 6:11-13)

9 fev. Lekti Labib: Jenèz 25-28

No 1: Jenèz 25:1-18

No 2: Gran Anseyan an te konn rann moun sèvis (lr chap. 6)

No 3: Rezon ki fè efò lèzòm ap fè pou yo pote soulajman pa ka reyisi (rs p. 173 § 4–p. 174 § 4)

16 fev. Lekti Labib: Jenèz 29-31

No 1: Jenèz 29:1-20

No 2: Rezon ki fè nou dwe “sispann enkyete nou” ​(Mat. 6:25)

No 3: Obeyisans ap pwoteje w (lr chap. 7)

23 fev. Lekti Labib: Jenèz 32-35

Revizyon pou lekòl ministè teyokratik

2 mas Lekti Labib: Jenèz 36-39

No 1: Jenèz 39:1-16

No 2: Gen moun ki pi siperyè pase nou (lr chap. 8)

No 3: Wayòm Bondye a se sèl solisyon pou vrè pwoblèm limanite (rs p. 174 § 5–p. 175 § 2)

9 mas Lekti Labib: Jenèz 40-42

No 1: Jenèz 40:1-15

No 2: Nou dwe reziste devan tantasyon (lr chap. 9)

No 3: b Fè atansyon pou nou pa vin gen espri endepandans!

16 mas Lekti Labib: Jenèz 43-46

No 1: Jenèz 44:1-17

No 2: Jezi gen pouvwa pou l metrize demon yo (lr chap. 10)

No 3: Pwofesi biblik yo pwouve yo totalman diy de konfyans (rs p. 175 § 3–p. 176 § 2)

23 mas Lekti Labib: Jenèz 47-50

No 1: Jenèz 48:1-16

No 2: Èske nou ta dwe pè Dyab la?

No 3: Zanj Bondye yo ap ede nou (lr chap. 11)

30 mas Lekti Labib: Egzòd 1-6

No 1: Egzòd 1:1-19

No 2: Jezi aprann nou priye (lr chap. 12)

No 3: Èske se lespri sen Bondye ki bay moun yo pouvwa pou yo fè gerizon nan epòk nou an? (rs p. 176–p. 177 §4)

6 avril Lekti Labib: Egzòd 7-10

No 1: Egzòd 9:1-19

No 2: Premye disip Jezi yo (lr chap. 13)

No 3: c Ki jan nou ka montre pa gen kontradiksyon ant Galat 6:2 ak Galat 6:5?

13 avril Lekti Labib: Egzòd 11-14

No 1: Egzòd 12:21-36

No 2: Rezon ki fè nou dwe padone (lr chap. 14)

No 3: Diferans ki genyen ant gerizon Jezi ansanm ak apot li yo te konn fè yo ak gerizon kèk moun fè jodi a (rs p. 177 § 5–p. 178 § 3)

20 avril Lekti Labib: Egzòd 15-18

No 1: Egzòd 15:1-19

No 2: Ki sa sa mande pou nou evite fo adorasyon?

No 3: Ann aprann montre nou bon (lr chap. 15)

27 avril Lekti Labib: Egzòd 19-22

Revizyon pou lekòl ministè teyokratik

4 me Lekti Labib: Egzòd 23-26

No 1: Egzòd 24:1-18

No 2: Sa ki vrèman enpòtan (lr chap. 16)

No 3: Ki jan nou ka idantifye vrè kretyen yo jodi a? (rs p. 178 § 4–p. 179 § 2)

11 me Lekti Labib: Egzòd 27-29

No 1: Egzòd 29:1-18

No 2: Sa ki bay kè kontan (lr chap. 17)

No 3: d Danje ki genyen nan yon fidelite ki mal plase

18 me Lekti Labib: Egzòd 30-33

No 1: Egzòd 31:1-18

No 2: Rezon ki fè premye kretyen yo te resevwa don pou yo fè gerizon (rs p. 179 § 3–p. 180 § 3)

No 3: Èske w konn sonje di mèsi? (lr chap. 18)

25 me Lekti Labib: Egzòd 34-37

No 1: Egzòd 37:1-24

No 2: Èske li bon pou nou goumen? (lr chap. 19)

No 3: e Ki sa sitirans ye, e poukisa nou dwe evite l?

1ye jen Lekti Labib: Egzòd 38-40

No 1: Egzòd 40:1-19

No 2: Èske w vle se ou ki pou toujou devan? (lr chap. 20)

No 3: Ki espwa ki genyen pou tout limanite jwenn vrè gerizon an? (rs p. 180 § 4–p. 181 § 1)

8 jen Lekti Labib: Levitik 1-5

No 1: Levitik 4:1-15

No 2: Èske li bon pou nou vante tèt nou? (lr chap. 21)

No 3: f Ki jan kretyen yo ta dwe egzèse otorite yo?

15 jen Lekti Labib: Levitik 6-9

No 1: Levitik 8:1-17

No 2: ‘Èske w kwè nan gerizon mirak?’ ​(rs p. 181 § 2-3)

No 3: Rezon ki fè nou pa dwe bay manti (lr chap. 22)

22 jen Lekti Labib: Levitik 10-13

No 1: Levitik 11:29-45

No 2: Rezon ki fè moun malad (lr chap. 23)

No 3: Benediksyon disip ki batize yo jwenn

29 jen Lekti Labib: Levitik 14-16

Revizyon pou lekòl ministè teyokratik

6 jiyè Lekti Labib: Levitik 17-20

No 1: Levitik 19:1-18

No 2: Èske nou te egziste antanke espri anvan nou fèt antanke moun? (rs p. 61 § 2–p. 62 § 1)

No 3: Pa janm vin yon vòlè! (lr chap. 24)

13 jiyè Lekti Labib: Levitik 21-24

No 1: Levitik 22:17-33

No 2: Èske moun k ap fè sa ki mal ka chanje? (lr chap. 25)

No 3: Ki jan vrè kretyen yo montre yo gen sousi pou moun ki pòv yo?

20 jiyè Lekti Labib: Levitik 25-27

No 1: Levitik 25:39-54

No 2: Rezon ki fè li difisil pou moun fè sa ki byen (lr chap. 26)

No 3: Si Adan pa t peche, èske li t ap monte nan syèl la finalman? (rs p. 62 § 2-3)

27 jiyè Lekti Labib: Nonb 1-3

No 1: Nonb 3:1-20

No 2: Rezon ki fè dousè mande pou yon moun gen metriz

No 3: Kiyès ki Dye w? (lr chap. 27)

3 out Lekti Labib: Nonb 4-6

No 1: Nonb 4:1-16

No 2: Fason pou nou konnen kiyès pou nou obeyi (lr chap. 28)

No 3: Èske yon moun oblije al nan syèl pou l jwenn vrè bonè a? (rs p. 62 § 4-6)

10 out Lekti Labib: Nonb 7-9

No 1: Nonb 9:1-14

No 2: Èske se tout fèt ki fè Bondye plezi? (lr chap. 29)

No 3: Kèk domèn kote nou ka demontre fidelite nou anvè Jewova

17 out Lekti Labib: Nonb 10-13

No 1: Nonb 13:17-33

No 2: Ki sa k ap ede nou konbat laperèz (lr chap. 30)

No 3: Ki sa 1 Pyè 3:19, 20 vle di? (rs p. 63 § 1)

24 out Lekti Labib: Nonb 14-16

No 1: Nonb 14:26-43

No 2: Ki sa sa vle di pou nou renmen lwa Bondye? (Sòm 119:97)

No 3: Kote w ap jwenn konsolasyon (lr chap. 31)

31 out Lekti Labib: Nonb 17-21

Revizyon pou lekòl ministè teyokratik

7 sept. Lekti Labib: Nonb 22-25

No 1: Nonb 22:20-35

No 2: Fason Jezi te jwenn pwoteksyon (lr chap. 32)

No 3: Ki sa 1 Pyè 4:6 vle di? (rs p. 63 § 2)

14 sept. Lekti Labib: Nonb 26-29

No 1: Nonb 27:1-14

No 2: Ki sa avètisman Jewova yo ye, e poukisa yo enpòtan? (Efe. 6:4)

No 3: Jezi kapab pwoteje nou (lr chap. 33)

21 sept. Lekti Labib: Nonb 30-32

No 1: Nonb 32:1-15

No 2: Ki sa ki rive lè yon moun mouri? (lr chap. 34)

No 3: Èske se tout kretyen ki gen esperans pou y al viv nan syèl? (rs p. 64 § 1-3)

28 sept. Lekti Labib: Nonb 33-36

No 1: Nonb 33:1-23

No 2: Nou ka reveye nan lanmò! (lr chap. 35)

No 3: Nan ki sans Wayòm Bondye a siperyè tout gouvènman lèzòm yo?

5 okt. Lekti Labib: Detewonòm 1-3

No 1: Detewonòm 2:1-15

No 2: Ki sa “Nouvo Testaman” an di konsènan lavi etènèl sou tè a? (rs p. 65 § 1-6)

No 3: Kiyès k ap resisite? E ki kote yo pral viv? (lr chap. 36)

12 okt. Lekti Labib: Detewonòm 4-6

No 1: Detewonòm 4:15-28

No 2: Annou sonje Jewova ak Pitit Gason l lan (lr chap. 37)

No 3: Ki lè nou ka di li pi bon pou nou pa gen anpil? (Pwo. 15:16)

19 okt. Lekti Labib: Detewonòm 7-10

No 1: Detewonòm 9:1-14

No 2: Rezon ki fè nou dwe renmen Jezi (lr chap. 38)

No 3: Selon Labib, konbyen moun ki gen esperans pou y al viv nan syèl? (rs p. 66 § 1-2)

26 okt. Lekti Labib: Detewonòm 11-13

Revizyon pou lekòl ministè teyokratik

2 nov. Lekti Labib: Detewonòm 14-18

No 1: Detewonòm 15:1-15

No 2: Ki sa krent pou Bondye gen ladan l?

No 3: Bondye pa bliye Pitit Gason l lan (lr chap. 39)

9 nov. Lekti Labib: Detewonòm 19-22

No 1: Detewonòm 22:1-19

No 2: Fason nou ka fè kè Bondye kontan (lr chap. 40)

No 3: Èske tout moun ki konpoze 144 000 yo se juif natif natal? (rs p. 66 § 3–​p. 67 § 1)

16 nov. Lekti Labib: Detewonòm 23-27

No 1: Detewonòm 25:1-16

No 2: Timoun ki fè kè Bondye kontan (lr chap. 41)

No 3: g Ki bagay nou ta dwe konsidere kòm bagay ki sakre?

23 nov. Lekti Labib: Detewonòm 28-31

No 1: Detewonòm 30:1-14

No 2: Rezon ki fè nou dwe travay (lr chap. 42)

No 3: Selon Labib, ki esperans ki genyen pou moun ki fè pati gwo foul la? (rs p. 67 § 2-4)

30 nov. Lekti Labib: Detewonòm 32-34

No 1: Detewonòm 32:1-21

No 2: Ki sa “gran jou Jewova a ye”? (Sef. 1:14)

No 3: Kiyès ki frè nou ak sè nou? (lr chap. 43)

7 des. Lekti Labib: Jozye 1-5

No 1: Jozye 5:1-15

No 2: Zanmi nou yo dwe renmen Bondye (lr chap. 44)

No 3: Ki sa Wayòm Bondye a ye? Kòman n ap montre nou vle li vini? (lr chap. 45)

14 des. Lekti Labib: Jozye 6-8

No 1: Jozye 8:1-17

No 2: Yon monn te detwi anba dlo. Èske yon evènman konsa ap refèt ankò? (lr chap. 46)

No 3: Ki sa k fè konsèy ki nan Eklezyas 7:21, 22 a se yon konsèy ki pratik?

21 des. Lekti Labib: Jozye 9-11

No 1: Jozye 9:1-15

No 2: Ki jan nou fè konnen Amagedòn toupre? (lr chap. 47)

No 3: Monn nouvo pezib Bondye a: ou ka viv ladan l! (lr chap. 48)

28 des. Lekti Labib: Jozye 12-15

Revizyon pou lekòl ministè teyokratik

[Nòt anba paj]

a Se frè sèlman ki pou fè l, si posib ansyen oswa asistan ministeryèl.

b Se frè sèlman ki pou fè l, si posib ansyen oswa asistan ministeryèl.

c Se frè sèlman ki pou fè l, si posib ansyen oswa asistan ministeryèl.

d Se frè sèlman ki pou fè l, si posib ansyen oswa asistan ministeryèl.

e Se frè sèlman ki pou fè l, si posib ansyen oswa asistan ministeryèl.

f Se frè sèlman ki pou fè l, si posib ansyen oswa asistan ministeryèl.

g Se frè sèlman ki pou fè l, si posib ansyen oswa asistan ministeryèl.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2026)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2026 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje