BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 6/08 p. 3
  • Anons

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Anons
  • Ministè Wayòm nan — 2008
Ministè Wayòm nan — 2008
km 6/08 p. 3

Anons

◼ Piblikasyon n ap ofri an jen : Ki sa Labib anseye toutbonvre ? Fè efò pou nou kòmanse etid biblik. Jiyè ak out : Nou ka ofri nenpòt nan bwochi 32 paj sa yo : Dieu se soucie-t-il vraiment de nous ? ; Doit-on croire à la Trinité ? ; Kontinye veye ! ; Le gouvernement qui établira le Paradis ; Le nom divin qui demeure à jamais ; Quand la mort frappe un être aimé... ; Que devient-on quand on meurt ? ; Quel est le but de la vie ? Comment le découvrir ? ; Viv alèz sou tè a pou toutan ! ; “ Voici, je fais toutes choses nouvelles ”. Nan kèk pati nan monn nan, li ka apwopriye pou nou ofri bwochi ki vin annapre yo : Un livre pour tous ; Une vie pleinement satisfaisante : Comment ? ; Nos problèmes — Qui nous aidera à les résoudre ? ; Les esprits des morts — Peuvent-ils vous aider ou vous nuire ? Existent-ils vraiment ? ; La route qui mène à la vie éternelle : L’avez-vous trouvée ? ; Connaîtrons-nous un jour un monde sans guerre ? Li ta bon pou kongregasyon yo ofri bwochi yo genyen plis nan stòk yo. Septanm : Ki sa Labib anseye toutbonvre ? N ap fè yon efò espesyal pou nou kòmanse etid biblik depi premye fwa nou rankontre moun yo. Si nou jwenn yon moun ki deja gen liv la, montre l ki jan li ka tire pwofi ladan l. Pou nou fè sa nou ka montre l rapidman ki jan yon etid biblik fèt.

◼ Piske mwa out la gen senk wikenn okonplè, se pral yon bon mwa pou nou pran sèvis pyonye oksilyè.

◼ Yon moun siveyan prezidan an chwazi ta dwe verifye kont kongregasyon an pou mwa mas, avril ak me. Lè yo fin fè verifikasyon an, y ap fè yon anons bay kongregasyon an apre yo fin li rapò sou sèvis kont lan. — Gade nan fòmilè Enstriksyon pou kontablite kongregasyon an (S-27).

◼ Lè y ap voye aplikasyon pou sèvis pyonye pèmanan nan biwo filyal la, li ta bon pou yo fè sa omwen 30 jou anvan dat moun nan prevwa kòmanse a. Sekretè kongregasyon an ap verifye si moun nan reponn tout kesyon yo. Si moun ki fè aplikasyon an pa ka sonje dat egzak li te batize, l ap bay yon dat apeprè e apre sa l ap ekri dat sa a yon kote. Sekretè a ap note dat sa a nan fich Aktivite pwoklamatè a (S-21).

◼ Depi mwa janvye 2008 dokiman odyo Toudegad ak Réveillez-vous ! yo disponib ann anglè e ann espayòl sou sit wèb www.jw.org. Anpil moun ap prefere kopye peryodik sa yo, ki deja disponib, sou CD pa yo oubyen sou MP3 pa yo anvan CD oswa disk MP3 yo voye pou kongregasyon an rive. Chak fwa yon moun fè yon kopi sa ogmante kantite kòb òganizasyon an gen pou l peye. Sepandan, mwayen distribisyon sa a pi ekonomik pase lè yo oblije fè CD yo, anrejistre yo epi transpòte yo. Se sa k fè, n ap ankouraje pwoklamatè ki sèvi ak sit wèb la pou yo fè kopi peryodik yo pou yo pa fè kòmann nan kongregasyon an pou CD oswa MP3 menm peryodik sa yo. Avèk letan ap gen pwogram odyo nan plis lang toujou k ap disponib sou sit wèb la.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2026)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2026 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje