Revizyon pou Lekòl ministè teyokratik
Nan semèn 30 jen 2008, yo pral egzamine kesyon ki vin apre yo nan Lekòl ministè teyokratik la. Siveyan lekòl la ap dirije yon revizyon k ap dire 30 minit e ki baze sou tout asiyasyon yo te egzamine soti nan semèn 5 me pou rive nan semèn 30 jen 2008. [Remak : Kote yo pa bay okenn referans apre yon kesyon, w ap bezwen fè pwòp rechèch pa w pou w jwenn repons yo. — Gade nan liv École du ministère la, p. 36-37.]
TEKNIK POU MOUN BYEN PALE
1. Ki sa nou ka fè pou nou asire nou moun k ap koute nou yo konprann egzanp nou itilize yo ? [be p. 242 § 4–p. 243 § 1]
2. Poukisa egzanp ki pa konplike ki gen rapò ak sitiyasyon nou rankontre toulejou yo efikas ? [be p. 245 § 2-4]
3. Poukisa li enpòtan pou nou sèvi ak sipò vizyèl yon fason ki efikas, e ki jan Jewova te sèvi ak sipò vizyèl pou l ede sèvitè l yo tire leson ki enpòtan ? (Jen. 15:5 ; Jer. 18:6 ; Yona 4:10, 11) [be p. 247 § 1-2]
4. Ki jan nou ka sèvi ak sipò vizyèl pou nou amelyore ansèyman n ap bay la ? [be p. 248 § 1-3]
5. Ki jan nou ka sèvi ak kat jeyografik kòm sipò vizyèl ki efikas lè n ap anseye yon etidyan Labib ? [be p. 248 § 4]
EKSPOZE No 1
6. Grasa èd lespri sen, ki sa nou ka rive konprann lè nou etidye Labib ? [be p. 32 § 3-4]
7. Ki jan nou ka sèvi ak Bib la sèlman pou nou jwenn sans yon vèsè biblik ? [be p. 34 § 4-p. 35 § 2]
8. Nan Evanjil Jan an, ki jan yo mete aksan sou wòl Jezi jwe antanke mwayen Jewova itilize pou lèzòm jwenn benediksyon ? [si p. 198 § 32]
9. Ki vèsè biblik ki montre se Lik, yon medsen, ki ekri liv Travay la ? [si p. 199 § 3 ; p. 200 § 5-7]
10. An jeneral, ki etap nou ka suiv lè n ap prepare yon plan diskou ? [be p. 39-41]
LEKTI LABIB CHAK SEMÈN
11. Ki ‘ tanp yo te bati nan karannsizan ’ an ? (Jan 2:20) [wCR 08 15/4 “ Pawòl Jewova a vivan — Pwen enteresan ki nan liv Jan an ”]
12. Moun ki ‘ soti nan lanmò pou yo antre nan lavi ’ yo, kiyès yo ye ? (Jan 5:24, 25) [wCR 08 15/4 “ Pawòl Jewova a vivan — Pwen enteresan ki nan liv Jan an ”]
13. Nan Jan 14:16, 17 ; 16:7, 8, 13, 14, lefètke yo dekri “ asistan ” an tankou yon moun, èske sa vle di lespri sen se yon pèsòn ? (rs p. 136 § 1)
14. Poukisa Jezi te di Mari Magdalèn pou l sispann kenbe l ? (Jan 20:17) [wCR 08 15/4 “ Pawòl Jewova a vivan — Pwen enteresan ki nan liv Jan an ”]
15. Ki sans pawòl sa yo genyen : ‘ Jezi pral vini menm jan li te ale nan syèl la ’ ? (Tra. 1:9-11) [rs p. 330 § 4 ; it-1 p. 197 § 4]