Pwogram reyinyon sèvis
Semèn 9 jen
10 min : Anons lokal. Sèvi ak sijesyon yo bay nan paj 4 la, oswa ak nenpòt lòt sijesyon ki apwopriye pou tèritwa kongregasyon an, pou nou fè demonstrasyon sou fason pou nou prezante La Tour de Garde 1ye jen ak Réveillez-vous ! Jen an. Si nou poko resevwa peryodik sa yo, sèvi ak sa nou fèk resevwa nan kongregasyon an. Suiv sijesyon yo deja bay nan lòt Ministè Wayòm sou fason nou ka ofri peryodik nou fèk resevwa yo.
20 min : Fason pou nou prepare pou nou kondui etid biblik. Diskou sa a baze sou Ministè Wayòm out 2004 paj 1. Nan fen diskou a, fè yon demonstrasyon kote yon pwoklamatè ap eseye prepare byen vit pou l al kondui yon etid. Apre sa, fè yon lòt pwoklamatè fè yon preparasyon kote li pran an konsiderasyon kèk nan sijesyon yo bay nan Ministè Wayòm yo site a.
15 min : “ Preche san rete. ”a Si gen tan pou sa, mande moun nan oditwa a pou yo fè kòmantè sou vèsè yo bay kòm referans yo.
Semèn 16 jen
10 min : Anons lokal. Bay kèk anons nou chwazi nan Ministè Wayòm nan. Fè oditwa a sonje pote La Tour de Garde 1ye jiyè ak Réveillez-vous ! Jiyè nan reyinyon sèvis semèn pwochèn nan epi mande yo pou yo prepare pou yo pale sou prezantasyon apwopriye yo prevwa itilize.
15 min : Atire atansyon sou valè pratik bon nouvèl la. Diskou ak patisipasyon oditwa a ki baze sou liv École du ministère, paj 159. Envite moun ki nan oditwa a pou yo pale sou sijè ki preyokipe lespri moun nan tèritwa a sèjousi. Mande yo pou yo bay kèk sijesyon sou fason nou ka pale sou sijè sa yo nan prezantasyon nou.
20 min : “ Èske fanmi w ap prepare l pou l sove ? ”b Si gen tan pou sa, mande moun ki nan oditwa a pou yo fè kòmantè sou vèsè yo bay kòm referans yo.
Semèn 23 jen
10 min : Anons lokal. Li rapò sou sèvis kont lan ak lèt remèsiman pou ofrann yo. Di ki piblikasyon n ap ofri an jiyè epi fè yon demonstrasyon.
20 min : Yon vi anrichisan grasa sèvis pyonye pèmanan ! Diskou sa a baze sou Toudegad 15 janvye 2008, paj 17-19. Si gen de pyonye pèmanan ki disponib, yon nouvo pyonye ak yon pyonye k ap sèvi depi plizyè ane, ou ka fè entèvyou ak yo. Mande yo pou yo rakonte fason lavi yo vin anrichi grasa fòm sèvis sa a, yon sèvis ki gen anpil valè.
15 min : Prepare nou pou nou ofri nouvo peryodik yo. Konvèsasyon ak oditwa a. Apre w fin fè yon rezime tou kout sou La Tour de Garde 1ye jiyè ak Réveillez-vous ! Jiyè a, mande moun ki nan oditwa a pou yo di ki atik nan peryodik la ki ka atire moun nan tèritwa a, e mande yo poukisa. Envite yo pou yo di ki pwen presi nan atik la yo gen entansyon prezante moun yo. Ki kesyon yo ka poze pou yo kòmanse yon konvèsasyon ? Ki vèsè nan atik la yo ka li apre sa ? Sèvi ak yon modèl nan prezantasyon ki nan Ministè Wayòm nan oubyen sèvi ak yon prezantasyon moun nan oditwa a te sijere pou w fè demonstrasyon sou fason pou nou prezante chak peryodik n ap ofri yo.
Semèn 30 jen
10 min : Anons lokal. Fè pwoklamatè yo sonje remèt rapò yo pou mwa jen.
20 min : Fason nou ka amelyore kapasite nou genyen pou nou pale. Diskou ak patisipasyon oditwa a ki baze sou liv École du ministère, paj 62 § 4 pou rive nan fen paj 64. Aplike enfòmasyon yo pou tèritwa kongregasyon nou an. Fè yon entèvyou tout kout ak yon pwoklamatè moun konnen kòm moun ki gen kapasite pou l fè moun patisipe nan konvèsasyon l lè l ap preche kay an kay oubyen lè l ap fè enfòmèl.
15 min : Èske nou sonje ? Konvèsasyon avèk oditwa a ki baze sou Toudegad 15 avril 2008 paj 29.
Semèn 7 jiyè
10 min : Anons lokal.
15 min : Bezwen kongregasyon an.
20 min : “ Lè moun n ap preche a pale yon lòt lang. ”c Se siveyan sèvis la k ap fè patisipasyon sa a. Lè w rive nan paragraf 2 a, fè kongregasyon an konnen diferan gwoup oubyen diferan kongregasyon ki itilize yon lang etranje e ki preche nan menm tèritwa ak kongregasyon an. Pale sou nenpòt ki aranjman byen presi nou te fè pou ede gwoup sa yo oubyen kongregasyon sa yo yon fason pou nou kowopere ak yo nan travay predikasyon an.
[Nòt anba paj]
a Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.
b Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.
c Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.