BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 4/08 p. 2
  • Pwogram reyinyon sèvis

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Pwogram reyinyon sèvis
  • Ministè Wayòm nan — 2008
  • Soutit
  • Semèn 14 avril
  • Semèn 21 avril
  • Semèn 28 avril
  • Semèn 5 me
Ministè Wayòm nan — 2008
km 4/08 p. 2

Pwogram reyinyon sèvis

REMAK : Pandan gran vakans lan, Ministè Wayòm nan ap gen pwogram pou yon reyinyon sèvis chak semèn. Piske kongregasyon yo ap gen pou yo asiste kongrè distri “ Se lespri Bondye k ap gide nou ” an, yo kapab fè modifikasyon yo wè ki nesesè nan pwogram nan. Si nou twouve li apwopriye, rezève 15 minit nan dènye reyinyon sèvis k ap fèt anvan kongrè a pou nou repale sou konsèy presi ki konsène kongregasyon an, konsèy nou jwenn nan paj mitan Ministè Wayòm ki nan men nou an. Yon mwa oswa de mwa apre kongrè a, pran 15 a 20 minit nan yon reyinyon sèvis (petèt nou ka pran tan ki rezève pou bezwen kongregasyon an) pou nou fè yon ti pale sou pwen pwoklamatè yo te note nan kongrè a, pwen yo twouve ki itil yo nan ministè a. Se siveyan sèvis la ki ta dwe fè patisipasyon sa a. Mande moun nan oditwa a pou yo fè yon ti pale sou fason yo aplike enfòmasyon sa yo oswa sou fason yo pral aplike yo nan ministè a.

Semèn 14 avril

Kantik 82

10 min : Anons lokal. Bay kèk anons nou chwazi nan Ministè Wayòm nan. Sèvi ak sijesyon yo bay nan paj 8 la, oswa ak nenpòt lòt sijesyon ki apwopriye pou tèritwa kongregasyon an, pou nou fè demonstrasyon sou fason pou nou prezante La Tour de Garde 1ye avril ak Réveillez-vous ! avril. Si nou poko resevwa peryodik sa yo, sèvi ak sa nou fèk resevwa nan kongregasyon an.

15 min : “ Montre nou rekonesan. ”a Si gen tan pou sa, mande moun ki nan oditwa a pou yo fè kòmantè sou vèsè yo site yo.

20 min : “ Konsole moun ki andèy yo. ”b Mande moun ki nan oditwa a pou yo pale de kèk bèl eksperyans yo te fè pandan yo t ap rekonfòte yon moun ki gen yon moun pa l ki mouri.

Kantik 18

Semèn 21 avril

Kantik 87

10 min : Anons lokal. Li rapò sou sèvis kont kongregasyon an ak lèt remèsiman pou ofrann volontè yo. Fè pwoklamatè yo sonje vini ak Toudegad 1ye me ak Réveillez-vous ! me pou reyinyon sèvis semèn pwochèn nan e pou yo prepare yo pou patisipasyon k ap fèt sou fason pou nou prezante peryodik sa yo nan tèritwa kongregasyon an.

10 min : Bezwen kongregasyon an.

25 min : “ Yon okazyon pou nou nouri nou espirityèlman e pou nou rejwi. ”c Se sekretè kongregasyon an k ap fè patisipasyon sa a. Di nan ki kongrè kongregasyon an envite. Fè revizyon sou kare “ Rapèl pou kongrè distri a. ”

Kantik 63

Semèn 28 avril

Kantik 58

15 min : Anons lokal. Fè pwoklamatè yo sonje remèt rapò yo pou mwa avril. Sèvi ak La Tour de Garde 1ye me ak Réveillez-vous ! me pou w fè yon rezime tou kout sou chak peryodik sa yo. Apre sa, mande moun nan oditwa a kiyès nan atik sa yo yo panse k ap pi enterese moun yo nan tèritwa a, e poukisa. Mande moun nan oditwa a pou yo bay sijesyon sou fason y ap prezante atik yo chwazi atire atansyon moun nan tèritwa a sou yo. Ki kesyon yo ka poze pou yo kòmanse yon konvèsasyon ? Ki vèsè nan atik la yo ka li ? Ki rapò vèsè yo prevwa li a genyen ak kesyon yo te poze a. Sèvi ak youn nan prezantasyon moun nan oditwa a sijere yo oswa ak youn nan modèl prezantasyon ki nan Ministè Wayòm nan pou w fè demonstrasyon sou fason nou ka prezante peryodik yo.

10 min : Repons kesyon w yo. Konvèsasyon avèk oditwa a.

20 min : “ Suiv tras li fidèlman. ”d Si gen tan pou sa, mande moun nan oditwa a pou yo fè kòmantè sou vèsè ki site yo.

Kantik 98

Semèn 5 me

Kantik 97

10 min : Anons lokal.

15 min : Jewova pap kite nou ann okenn fason. Yon diskou ankourajan ki baze sou La Tour de Garde 15 oktòb 2005, paj 8-11.

20 min : “ Se pou nou pwogrese nan ministè a. ”e Lè n ap egzamine paragraf 3, fè kòmantè sou sa ki di nan liv École du ministère la nan paj 6-8, anba soutit “ Comment en tirer le plus grand profit ”.

Kantik 83

[Nòt anba paj]

a Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye ak kesyon/repons.

b Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye ak kesyon/repons.

c Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye ak kesyon/repons.

d Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye ak kesyon/repons.

e Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye ak kesyon/repons.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2026)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2026 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje